Genesis 22

这些事以后, 神要试验亚伯拉罕,就呼叫他说:「亚伯拉罕!」他说:「我在这里。」
Apre tout bagay sa yo, Bondye sonde Abraram pou wè sou ki pye li ye avè l'. Bondye rele l' -Abraram! Abraram! Abraram reponn-Men mwen wi!
 神说:「你带著你的儿子,就是你独生的儿子,你所爱的以撒,往摩利亚地去,在我所要指示你的山上,把他献为燔祭。」
Bondye di l': -Pran Izarak, pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an, pitit ou renmen anpil la. Ale nan peyi Morija, w'a moute sou tèt mòn mwen pral moutre ou la. Lè w'a rive la, w'a touye l'. Apre sa, w'a boule l' nèt pou mwen.
亚伯拉罕清早起来,备上驴,带著两个仆人和他儿子以撒,也劈好了燔祭的柴,就起身往 神所指示他的地方去了。
Nan denmen maten, bonè bonè, Abraram leve, li sele bourik li, li pran Izarak ansanm ak de nan domestik li yo. Li fann kèk moso bwa pou l' fè dife pou boule vyann bèt l'ap ofri a. Epi li pati nan direksyon kote Bondye te di l' la.
到了第三日,亚伯拉罕举目远远的看见那地方。
Sou twa jou, Abraram gade, li wè kote a yon bon ti bout devan l'.
亚伯拉罕对他的仆人说:「你们和驴在此等候,我与童子往那里去拜一拜,就回到你们这里来。」
Abraram di domestik li yo. -Nou menm, mesye, rete isit la ak bourik la. Mwen menm ak ti gason an, nou pral jouk lòt bò a, pou nou fè sèvis pou Bondye. Apre sa, n'a tounen vin jwenn nou.
亚伯拉罕把燔祭的柴放在他儿子以撒身上,自己手里拿著火与刀;于是二人同行。
Abraram pran bwa pou fè dife a, li bay Izarak pote li. Li menm, li pote bagay pou limen dife a ansanm ak yon kouto nan men l'. Yo tout de pati ansanm.
以撒对他父亲亚伯拉罕说:「父亲哪!」亚伯拉罕说:「我儿,我在这里。」以撒说:「请看,火与柴都有了,但燔祭的羊羔在那里呢?」
Pandan y'ap mache konsa, Izarak di Abraram: -Papa! Abraram reponn: -Wi, pitit mwen! Izarak mande l': -Mwen wè ou gen dife ak bwa. Men, kote mouton pou boule a?
亚伯拉罕说:「我儿, 神必自己预备作燔祭的羊羔。」于是二人同行。
Abraram reponn: -Pitit mwen, se sou kont Bondye sa ye. Yo toude t'ap kontinye mache ansanm.
他们到了 神所指示的地方,亚伯拉罕在那里筑坛,把柴摆好,捆绑他的儿子以撒,放在坛的柴上。
Lè yo rive kote Bondye te di l' la, Abraram moute yon lotèl, li ranje bwa yo sou li. Li mare Izarak, pitit gason l' lan, li mete l' sou lotèl la, anwo bwa yo.
亚伯拉罕就伸手拿刀,要杀他的儿子。
Apre sa, li lonje men l', li pran kouto a pou l' koupe kou ti gason an.
耶和华的使者从天上呼叫他说:「亚伯拉罕!亚伯拉罕!」他说:「我在这里。」
Men, zanj Bondye a rete nan syèl la, li rele l': -Abraram! Abraram! Abraram reponn. -Men mwen wi!
天使说:「你不可在这童子身上下手。一点不可害他!现在我知道你是敬畏 神的了;因为你没有将你的儿子,就是你独生的儿子,留下不给我。」
Zanj lan di l' -Pa leve men ou sou ti gason an. Pa fè l' anyen. Koulye a mwen konnen ou gen krentif pou Bondye vre, paske ou pa t' derefize touye sèl pitit gason ou lan pou mwen.
亚伯拉罕举目观看,不料,有一只公羊,两角扣在稠密的小树中,亚伯拉罕就取了那只公羊来,献为燔祭,代替他的儿子。
Abraram voye je l', li wè yon belye mouton ki te gen kòn li yo makònen nan yon lyann. li ale, li pran mouton an, li touye l', li boule li nèt sou lotèl la pou Bondye nan plas pitit li a.
亚伯拉罕给那地方起名叫「耶和华以勒」【意思就是耶和华必预备的意思】,直到今日人还说:「在耶和华的山上必有预备。」
Abraram rele kote sa a: Se sou kont Seyè a sa ye. Se poutèt sa, jouk jòdi a, moun ap repete: Sou mòn Seyè a, tout bagay sou kont li.
耶和华的使者第二次从天上呼叫亚伯拉罕说:
Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Abraram yon dezyèm fwa, li di l' konsa:
「耶和华说:『你既行了这事,不留下你的儿子,就是你独生的儿子,我便指著自己起誓说:
-Mwen sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen gen pou m' beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pa t' refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an.
论福,我必赐大福给你;论子孙,我必叫你的子孙多起来,如同天上的星,海边的沙。你子孙必得著仇敌的城门,
Mwen pwomèt pou m' ba ou anpil pitit pitit. Y'ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè. Y'a bat tout lènmi yo.
并且地上万国都必因你的后裔得福,因为你听从了我的话。』」
Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, yo tout, paske ou te fè sa m' te mande ou fè a.
于是亚伯拉罕回到他仆人那里,他们一同起身往别是巴去,亚伯拉罕就住在别是巴。
Abraram tounen bò kote domestik li yo, domestik yo pati ansanm avè l' pou peyi Bècheba, kote Abraram te rete a.
这事以后,有人告诉亚伯拉罕说:「密迦给你兄弟拿鹤生了几个儿子,
Apre tout bagay sa yo, yo vin di Abraram konsa: -Tande non. Milka fè pitit tout wi pou Nak, frè ou la.
长子是乌斯,他的兄弟是布斯和亚兰的父亲基母利,
Premye pitit la rele Ouz. Apre li, vini Bouz, Kemwèl, papa Aram,
并基薛、哈琐、必达、益拉、彼土利(彼土利生利百加)。」
Kesèd, Azò, Pildach, Jidlaf ak Betwèl.
这八个人都是密迦给亚伯拉罕的兄弟拿鹤生的。
Se Betwèl ki papa Rebeka. Se wit gason sa yo Milka te fè pou Nakò, frè Abraram lan.
拿鹤的妾名叫流玛,生了提八、迦含、他辖,和玛迦。
Reouma, fanm kay Nakò a te fè pitit tout pou li: se te Tebak, Gam, Tach ak Maka.