Genesis 19

那两个天使晚上到了所多玛;罗得正坐在所多玛城门口,看见他们,就起来迎接,脸伏于地下拜,
De zanj Bondye yo rive Sodòm nan aswè. Lòt te chita bò pòtay lavil la. Wè li wè yo, li leve, li al kontre yo. Li bese tèt li jouk atè pou l' di yo bonjou.
说:「我主啊,请你们到仆人家里洗洗脚,住一夜,清早起来再走。」他们说:「不!我们要在街上过夜。」
Li di. Mesye, mwen la pou m' sèvi nou. Tanpri, vin lakay mwen. n'a ka lave pye nou, n'a pase nwit la la. Denmen maten, n'a leve, n'a reprann wout nou. Mesye yo reponn. Non. Nou pral pase nwit la sou laplas la.
罗得切切的请他们,他们这才进去,到他屋里。罗得为他们预备筵席,烤无酵饼,他们就吃了。
Men Lòt te fòse yo sitèlman, y' al lakay li avè l'. Lòt pare yon bon manje pou yo, li fè pen san ledven. Epi yo manje.
他们还没有躺下,所多玛城里各处的人,连老带少,都来围住那房子,
Yo pa t' ankò kouche, lè mesye lavil Sodòm yo, jenn gason kou vye tonton, sènen kay la. tout gason nan lavil la te kouri vini.
呼叫罗得说:「今日晚上到你这里来的人在那里呢?把他们带出来,任我们所为。」
Yo rele Lòt, yo di l' konsa. Kote mesye ki vin pase nwit lakay ou aswè a? Fè yo soti vin jwenn nou pou nou kouche ak yo?
罗得出来,把门关上,到众人那里,
Lòt soti al jwenn yo nan papòt la. Li fèmen pòt la dèyè do l',
说:「众弟兄,请你们不要作这恶事。
li di yo konsa Tanpri, mezanmi. Pa fè bagay sal sa a.
我有两个女儿,还是处女,容我领出来,任凭你们的心愿而行;只是这两个人既然到我舍下,不要向他们作什么。」
Gade, mwen gen de pitit fi ki tifi toujou, m'ap mennen yo ban nou. Nou mèt fè sa nou vle avèk yo. Men, pa fè mesye sa yo anyen, paske mwen resevwa yo lakay mwen, mwen fèt pou m' pwoteje yo.
众人说:「退去吧!」又说:「这个人来寄居,还想要作官哪!现在我们要害你比害他们更甚。」众人就向前拥挤罗得,要攻破房门。
Men, yo di. Wete kò ou la. Se moun vini ou ye! Kisa ou ye atò pou ou vin di nou sa pou nou fè. Sispann fè radòt la a, anvan nou pa fè ou pi mal pase yo. Sa ou tande a, yo bourade Lòt, epi yo pwoche pou yo defonse pòt la.
只是那二人伸出手来,将罗得拉进屋去,把门关上,
Men, de mesye yo ki te anndan an lonje men yo, yo rale Lòt antre anndan, epi yo fèmen pòt la.
并且使门外的人,无论老少,眼都昏迷;他们摸来摸去,总寻不著房门。
Lèfini, yo vegle tout mesye ki te devan pòt kay la, depi pi piti a jouk pi gran an. Se konsa mesye yo t'ap vire tounen adwat agoch, yo pa t' kapab jwenn kote pòt kay la te ye.
二人对罗得说:「你这里还有什么人么?无论是女婿是儿女,和这城中一切属你的人,你都要将他们从这地方带出去。
De mesye yo pale ak Lòt, yo di l' konsa. Ki moun ankò ou gen nan lavil la? Pran bofi ou yo, pitit gason ou yo, ak pitit fi ou yo ansanm ak tout bagay ou gen nan lavil la, mete kò ou deyò.
我们要毁灭这地方;因为城内罪恶的声音在耶和华面前甚大,耶和华差我们来,要毁灭这地方。」
Nou pral detwi tout bò isit la. Seyè a te tande tout sa yo t'ap di sou moun lavil sa a. Li voye nou detwi l'.
罗得就出去,告诉娶了【或作将要娶】他女儿的女婿们说:「你们起来离开这地方,因为耶和华要毁灭这城。」他女婿们却以为他说的是戏言。
Lòt soti, li al jwenn mari pitit fi li yo, li di yo. Leve non, fè vit, ann met deyò. Seyè a pral detwi lavil la. Men bofi li yo te kwè se jwe li t'ap jwe.
天明了,天使催逼罗得说:「起来!带著你的妻子和你在这里的两个女儿出去,免得你因这城里的罪恶同被剿灭。」
Kou jou pral kase, zanj Bondye yo leve Lòt pou l' fè vit. Yo di l'. Fè vit non, monchè! Pran madanm ou ak de pitit fi ou yo, met deyò. Si se pa sa, n'ap mouri tout lè Bondye ap pini lavil la.
但罗得迟延不走。二人因为耶和华怜恤罗得,就拉著他的手和他妻子的手,并他两个女儿的手,把他们领出来,安置在城外;
Lè yo wè Lòt t'ap kalbende, yo pran men li, yo pran men madanm li ansanm ak de pitit fi li yo, yo mennen yo andeyò lavil la, yo lage yo. Yo te fè sa, paske Seyè a te gen pitye pou Lòt.
领他们出来以后,就说:「逃命吧!不可回头看,也不可在平原站住。要往山上逃跑,免得你被剿灭。」
Apre zanj yo te fin fè yo soti nan lavil la, yo di l'. Sove poul ou, si ou pa vle mouri. Pa gad dèyè. Pa rete menm nan plenn lan. Kouri al nan mòn yo pou ou pa pase tou.
罗得对他们说:「我主啊,不要如此!
Men, Lòt reponn li. O! Non, Mèt. Tanpri, pa mande m' tout sa.
你仆人已经在你眼前蒙恩;你又向我显出莫大的慈爱,救我的性命。我不能逃到山上去,恐怕这灾祸临到我,我便死了。
Gade, ou deja fè m' yon gwo favè. Ou moutre m' jan ou gen pitye anpil pou mwen. Ou sove lavi m'. Men, mòn lan twò lwen. m'a mouri anvan m' rive, malè a va gen tan rive sou mwen.
看哪,这座城又小又近,容易逃到,这不是一个小的吗?求你容我逃到那里,我的性命就得存活。」
Gade: ou wè ti bouk sa a? Li toupre. m'a gen tan rive la pou m' kache kò mwen. Tanpri, kite m' ale la. Ou wè se yon ti kote ki tout piti. Konsa m'a sove lavi m'.
天使对他说:「这事我也应允你;我不倾覆你所说的这城。
Zanj lan di l'. Dakò, Mwen fè ou favè sa a ankò: mwen p'ap detwi ti bouk w'ap pale m' lan.
你要速速地逃到那城;因为你还没有到那里,我不能作什么。」因此那城名叫琐珥【就是小的意思】。
Kouri vit ale. Mwen p'ap ka fè anyen toutotan ou poko rive la. Se poutèt sa yo rele ti bouk la Zoa.
罗得到了琐珥,日头已经出来了。
Solèy te fèk ap leve lè Lòt rive Zoa.
当时,耶和华将硫磺与火从天上耶和华那里降与所多玛和蛾摩拉,
Lè sa a, Seyè a fè yon sèl lapli souf ak dife soti nan syèl la tonbe sou Sodòm ak Gomò. Wi, se Seyè a menm ki te fè sa.
把那些城和全平原,并城里所有的居民,连地上生长的,都毁灭了。
Li detwi de lavil sa yo ak tout plenn lan ansanm ak tout moun ki te rete nan lavil yo ak tout plant ki t'ap pouse nan tè a.
罗得的妻子在后边回头一看,就变成了一根盐柱。
Men, madan Lòt vire gade dèyè. Lamenm li tounen yon gwo estati sèl.
亚伯拉罕清早起来,到了他从前站在耶和华面前的地方,
Nan granmaten, Abraram leve, li ale kote li te kanpe ap pale ak Seyè a.
向所多玛和蛾摩拉与平原的全地观看,不料,那地方烟气上腾,如同烧窑一般。
Li voye je l' bò Sodòm ak Gomò, li wè tout plenn lan. Epi li rete konsa li wè gwo lafimen ap moute soti nan tè a tankou lafimen k'ap leve nan yon gwo founo dife.
当 神毁灭平原诸城的时候,他记念亚伯拉罕,正在倾覆罗得所住之城的时候,就打发罗得从倾覆之中出来。
Se konsa, lè Bondye t'ap detwi lavil yo nan plenn lan, li chonje Abraram. Li fè Lòt chape anba malè li tapral lage sou lavil kote li te rete a.
罗得因为怕住在琐珥,就同他两个女儿从琐珥上去,住在山里;他和两个女儿住在一个洞里。
Men Lòt te pè rete nan bouk Zoa a. Se konsa, li menm ak de pitit li yo, yo soti Zoa, yo moute, y al rete nan mòn yo. Yo fè kay yo nan yon gwo twou wòch.
大女儿对小女儿说:「我们的父亲老了,地上又无人按著世上的常规进到我们这里。
Pi gran fi a di pi piti a. Papa nou ap fin granmoun. Pa gen gason nan peyi a pou marye ak nou pou nou ka fè pitit jan sa fèt toupatou.
来!我们可以叫父亲喝酒,与他同寝。这样,我们好从他存留后裔。」
Vini non. Annou fè papa bwè diven jouk li sou. Apre sa, n'a kouche avè l'. Konsa, n'a fè pitit pou papa nou.
于是,那夜她们叫父亲喝酒,大女儿就进去和她父亲同寝;她几时躺下,几时起来,父亲都不知道。
Menm jou sa a, lè aswè rive, yo fè papa yo bwè diven jouk li sou. Pi gran fi a kouche ak papa l'. Men, papa a te sitèlman sou, li pa t' konn anyen.
第二天,大女儿对小女儿说:「我昨夜与父亲同寝。今夜我们再叫他喝酒,你可以进去与他同寝。这样,我们好从父亲存留后裔。」
Nan denmen, pi gran an di pi piti a. Yèswa, mwen te kouche ak papa m'. Aswè a se tout pa ou: N'ap fè l' bwè diven ankò jouk li sou. Epi w'a al kouche avè l', pou nou de nou kapab fè pitit pou papa nou.
于是,那夜她们又叫父亲喝酒,小女儿起来与她父亲同寝;她几时躺下,几时起来,父亲都不知道。
Se konsa, lè aswè rive, yo fè papa a bwè diven ankò jouk li sou. Epi pi piti a kouche avè l'. Men, fwa sa a ankò, Lòt pa t' konnen anyen.
这样,罗得的两个女儿都从她父亲怀了孕。
Se konsa de pitit fi Lòt yo vin ansent pou papa yo.
大女儿生了儿子,给他起名叫摩押,就是现今摩押人的始祖。
Pi gran an fè yon pitit gason, li rele l' Moab. Se li menm ki zansèt moun Moab yo ki la jouk koulye a.
小女儿也生了儿子,给他起名叫便亚米,就是现今亚扪人的始祖。
Pi piti a tout fè yon pitit gason. Li rele l' Bennami. Se li menm ki zansèt moun Amon yo ki la jouk jòdi a.