Ezra 1

波斯王古列元年,耶和华为要应验借耶利米口所说的话,就激动波斯王古列的心,使他下诏通告全国说:
Lè sa a, wa Siris pa t' ankò gen ennan depi li t'ap gouvènen peyi Pès la, lè Seyè a mete lide nan tèt wa a pou li bay yon lòd, fè kouche l' sou papye voye toupatou nan peyi a pou yo te ka li l' pou tout moun tande. Sa te pase konsa pou pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an te ka rive vre. Men lòd la:
「波斯王古列如此说:『耶和华天上的 神已将天下万国赐给我,又嘱咐我在犹大的耶路撒冷为他建造殿宇。
-Mwen menm Siris, wa peyi Pès, men lòd mwen bay: Seyè a, Bondye nan syèl la, te mete m' chèf sou tout peyi ki sou latè. Li ban m' reskonsablite pou m' bati yon tanp pou li lavil Jerizalèm, nan peyi Jida.
在你们中间凡作他子民的,可以上犹大的耶路撒冷,在耶路撒冷重建耶和华─以色列 神的殿(只有他是 神)。愿 神与这人同在。
Nou mande pou Bondye pèp Izrayèl la beni tout moun ki fè pati pèp sa a pou yo moute lavil Jerizalèm, nan peyi Jida, pou yo rebati Tanp Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, Bondye yo adore lavil Jerizalèm lan.
凡剩下的人,无论寄居何处,那地的人要用金银、财物、牲畜帮助他,另外也要为耶路撒冷 神的殿甘心献上礼物。』」
Toupatou nan peyi a, moun k'ap viv menm kote ak ti rès ki rete nan pèp Izrayèl la va ba yo konkou pou yo ka tounen nan peyi pa yo. Y'a ba yo ajan ak lò, pwovizyon ak bèt ansanm ak tout lòt bagay yo vle ba yo pou yo ofri nan tanp Bondye a ki nan lavil Jerizalèm lan.
于是,犹大和便雅悯的族长、祭司、利未人,就是一切被 神激动他心的人,都起来要上耶路撒冷去建造耶和华的殿。
Lè sa a, chèf branch fanmi Jida ak chèf branch fanmi Benjamen yo, prèt yo, moun Levi yo ak tout lòt moun ki te fè lide a gremesi Seyè a, yo leve pou y' al rebati kay Seyè a nan lavil Jerizalèm.
他们四围的人就拿银器、金子、财物、牲畜、珍宝帮助他们(原文是坚固他们的手),另外还有甘心献的礼物。
Tout vwazen yo te ba yo tout kalite konkou, bagay fèt an ajan ak an lò, pwovizyon, bèt ak anpil lòt bagay ki gen anpil valè, san konte tout kalite bagay yo te vle bay pou ofri nan tanp lan.
古列王也将耶和华殿的器皿拿出来,这器皿是尼布甲尼撒从耶路撒冷掠来、放在自己神之庙中的。
Nan tan lontan, wa Nèbikadneza te pran tout bòl ak tout lòt bagay ki t'ap sèvi nan tanp Seyè a lavil Jerizalèm, li te mete yo nan tanp bondye pa l' la. Wa Siris fè chache tout bagay sa yo.
波斯王古列派库官米提利达将这器皿拿出来,按数交给犹大的首领设巴萨。
Li fè Mitridat ki te reskonsab tout richès peyi a mete yo deyò pou l' te kontwole yo bay Chechbaza, gouvènè peyi Jida a.
器皿的数目记在下面:金盘三十个,银盘一千个,刀二十九把,
Men sa yo te jwenn: trant gwo bòl an lò pou mete ofrann mil (1.000) gwo bòl an ajan pou mete ofrann ventnèf lòt gwo kouto
金碗三十个,银碗之次的四百一十个,别样的器皿一千件。
trant ti bòl an lò katsandis (410) ti bòl an ajan mil (1.000) lòt kalite bagay.
金银器皿共有五千四百件。被掳的人从巴比伦上耶路撒冷的时候,设巴萨将这一切都带上来。
Antou, sa te fè senkmilkatsan (5.400) divès kalite bagay an lò ak an ajan. Se tout bagay sa yo Chechbaza te pran ak li lè li t'ap kite lavil Babilòn ansanm ak lòt moun yo te depòte yo, pou tounen lavil Jerizalèm.