Ezekiel 43

以后,他带我到一座门,就是朝东的门。
Nonm lan mennen m' bò pòtay ki bay sou solèy leve a.
以色列 神的荣光从东而来。他的声音如同多水的声音;地就因他的荣耀发光。
Rive la, mwen wè gwo limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la k'ap soti bò solèy leve a, k'ap vini. Li fè yon gwo bri tankou bri lanmè ki move. Gwo limyè sa a te klere toupatou sou latè.
其状如从前他来灭城的时候我所见的异象,那异象如我在迦巴鲁河边所见的异象,我就俯伏在地。
Vizyon sa a te parèy ak vizyon mwen te wè lè Bondye t'ap vini pou kraze lavil Jerizalèm lan, li te parèy ak vizyon mwen te wè bò larivyè Keba a. Mwen lage kò m' fas atè.
耶和华的荣光从朝东的门照入殿中。
Gwo limyè a pase nan pòtay solèy leve a, li antre nan Tanp lan.
灵将我举起,带入内院,不料,耶和华的荣光充满了殿。
Lespri Seyè a leve m' anlè, li fè m' antre nan ti lakou anndan an, kote mwen wè gwo limyè Seyè a te plen tout Tanp lan nèt.
我听见有一位从殿中对我说话。有一人站在我旁边。
Nonm lan menm te kanpe bò kote m'. Mwen tande Seyè a pale avè m', antan li anndan tanp lan, li di m' konsa:
他对我说:「人子啊,这是我宝座之地,是我脚掌所踏之地。我要在这里住,在以色列人中直到永远。以色列家和他们的君王必不再玷污我的圣名,就是行邪淫、在锡安的高处葬埋他们君王的尸首,
-Nonm o! Men fotèy kote m' chita a! Men kote m'ap poze pye m' yo. Se la mwen pral rete nan mitan moun pèp Izrayèl yo pou tout tan. Ni pèp Izrayèl la ni wa yo p'ap janm fè sèvis pou lòt bondye osinon sou tonm wa yo ankò pou yo derespekte non m'.
使他们的门槛挨近我的门槛,他们的门框挨近我的门框;他们与我中间仅隔一墙,并且行可憎的事,玷污了我的圣名,所以我发怒灭绝他们。
Wa yo te konn moute poto kay yo toupre Tanp mwen an, yo te mete papòt yo toupre papòt Tanp mwen an. Konsa se yon senp ti miray ki te separe yo avè m'. Men, yo lage kò yo nan fè yon bann vye bagay derespektan. Yo trennen non m' nan labou. Se poutèt sa mwen te move sou yo, mwen fini ak yo.
现在他们当从我面前远除邪淫和他们君王的尸首,我就住在他们中间直到永远。
Koulye a, se pou yo sispann fè sèvis pou lòt bondye, se pou yo wete kadav wa yo devan je m'! Si yo fè sa, m'a rete nan mitan yo pou tout tan.
人子啊,你要将这殿指示以色列家,使他们因自己的罪孽惭愧,也要他们量殿的尺寸。
Seyè a di m' ankò: -Nonm o! Fè moun pèp Izrayèl yo konnen ki jan Tanp lan pral ye. Fè yo kalkile plan Tanp lan byen. Fè yo wont tout vye bagay derespektan yo te konn fè yo.
他们若因自己所行的一切事惭愧,你就将殿的规模、样式、出入之处,和一切形状、典章、礼仪、法则指示他们,在他们眼前写上,使他们遵照殿的一切规模典章去做。
Si yo wont tou sa yo te konn fè yo, w'a esplike yo plan Tanp lan: jan tout bagay ranje ladan l', kote pou yo pase antre, kote pou yo pase soti, fòm l'ap genyen, ansanm ak tout regleman ak lòd ki bay jan pou yo sèvi ladan l'. Kouche tou sa sou papye devan je yo pou yo ka wè jan tout bagay ranje, pou yo ka konfòme yo. Men lòd mwen bay pou Tanp lan:
殿的法则乃是如此:殿在山顶上,四围的全界要称为至圣。这就是殿的法则。」
Tout zòn ki bò Tanp lan sou tèt mòn lan, se yon kote apa nèt pou mwen. Men lòd mwen bay sou Tanp lan.
以下量祭坛,是以肘为度(这肘是一肘零一掌)。底座高一肘,边宽一肘,四围起边高一掌,这是坛的座。
Men dimansyon lotèl la, dapre sistèm mezi nou sèvi pou mezire Tanp lan. Nan pye lotèl la, yon kannal vin pous pwofondè, vin pous lajè, ak yon rebò sou deyò dis pous wotè.
从底座到下层磴台,高二肘,边宽一肘。从小磴台到大磴台,高四肘,边宽一肘。
Lotèl la ap fèt an twa pòsyon. Premye pòsyon an chita sou pye a. L'a gen kat pye wotè. Dezyèm pòsyon an va pi gwo, l'a gen sèt pye wotè sou premye pòsyon an, men longè l' ak lajè l' ap yon ti jan pi piti pou l' ka kite yon rebò vin pous chak bò sou tèt premye pòsyon an. Konsa tou, longè ak lajè dènye pòsyon an va yon ti jan pi piti pase dezyèm lan pou l' ka kite yon rebò vin pous chak bò sou tèt dezyèm pòsyon an.
坛上的供台,高四肘。供台的四拐角上都有角。
Dènye pòsyon sa a va gen sèt pye wotè tou. Se sou li pou yo boule ofrann yo. Nan kat kwen yo te gen kat kòn, vin pous wotè.
供台长十二肘,宽十二肘,四面见方。
Anwo lotèl la te kare kare, vin pye chak bò.
磴台长十四肘,宽十四肘,四面见方。四围起边高半肘,底座四围的边宽一肘。台阶朝东。
Pòsyon ki nan mitan an te kare kare tou, vennkat pye chak bò, ak yon ti rebò sou deyò, dis pous wotè. Ti kannal la te vin pous lajè. Macheskalye pou moute devan lotèl la te sou bò solèy leve.
他对我说:「人子啊,主耶和华如此说:建造祭坛,为要在其上献燔祭洒血,造成的时候典章如下:
Seyè sèl Mèt la pale avè m', li di m' ankò: -Nonm o! Koute sa m'ap di, men sa mwen bay lòd pou yo fè: Lè n'a fin moute lotèl la, n'a mete l' apa pou mwen. N'a boule vyann bèt n'a ofri pou mwen yo sou li, n'a voye san bèt nou te touye yo sou tout lotèl la. Se konsa n'a mete lotèl la apa pou mwen.
主耶和华说,你要将一只公牛犊作为赎罪祭,给祭司利未人撒督的后裔,就是那亲近我、事奉我的。
Nan moun Levi yo se prèt ki soti nan fanmi Zadòk la ase ki pou parèt devan m' pou sèvi m'. Men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m' mande: N'a bay prèt sa yo yon jenn towo bèf pou yo ofri ban mwen pou mande padon pou peche yo.
你要取些公牛的血,抹在坛的四角和磴台的四拐角,并四围所起的边上。你这样洁净坛,坛就洁净了。
N'a pran ti gout nan san an, n'a vide l' sou tèt kat kòn yo nan kat kwen lotèl la, sou kat kwen pòsyon mitan lotèl la ak sou tout rebò a. Se konsa n'a wete tout peche ki te antre nan fè lotèl la, n'a mete l' apa nèt pou sèvis mwen.
你又要将那作赎罪祭的公牛犊烧在殿外、圣地之外预定之处。
N'a pran towo bèf yo ofri ban mwen pou mande padon pou peche a, n'a boule l' yon lòt kote byen lwen andeyò lakou Tanp lan.
次日,要将无残疾的公山羊献为赎罪祭;要洁净坛,像用公牛犊洁净的一样。
Nan denmen, n'a pran yon bouk kabrit ki san ankenn enfimite, n'a ofri l' ban mwen pou mande m' padon pou peche nou yo. N'a mete lotèl la apa pou sèvis mwen ak san li, menm jan yo te fè l' lavèy ak san towo a.
洁净了坛,就要将一只无残疾的公牛犊和羊群中一只无残疾的公绵羊
Lè n'a fin fè sa, n'a pran nan bann bèt nou yo yon jenn towo ak yon jenn belye mouton, tou de san ankenn enfimite.
奉到耶和华前。祭司要撒盐在其上,献与耶和华为燔祭。
N'a mennen yo devan m'. Prèt yo va voye sèl sou yo. Lèfini, y'a boule yo nèt tankou yon ofrann pou mwen.
七日内,每日要预备一只公山羊为赎罪祭,也要预备一只公牛犊和羊群中的一只公绵羊,都要没有残疾的。
Chak jou, pandan sèt jou, n'a ofri yon kabrit, yon towo ak yon belye mouton ban mwen pou mande padon pou peche nou yo. Se pou tout bèt sa yo san ankenn enfimite. N'a pran yo nan tout bann bèt nou yo.
七日祭司洁净坛,坛就洁净了;要这样把坛分别为圣。
Pandan sèt jou, prèt yo va fè seremoni pou mete lotèl la nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se konsa y'a pare l' pou li ka sèvi nan Tanp lan, y'a mete l' apa pou Bondye.
满了七日,自八日以后,祭司要在坛上献你们的燔祭和平安祭;我必悦纳你们。这是主耶和华说的。」
Apre sèt jou sa yo, prèt yo va konmanse ofri sou lotèl la lòt ofrann bèt pou yo boule nèt yo ansanm ak ofrann pèp la pou di Bondye mèsi. Se konsa m'a kontan ak nou. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa.