Exodus 9

耶和华吩咐摩西说:「你进去见法老,对他说:耶和华─希伯来人的 神这样说:容我的百姓去,好事奉我。
Seyè a di Moyiz konsa: -Ale bò kot farawon an, w'a di l': Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka fè sèvis pou mwen.
你若不肯容他们去,仍旧强留他们,
Si ou derefize kite yo ale, si ou kenbe yo toujou, men sak pral rive:
耶和华的手加在你田间的牲畜上,就是在马、驴、骆驼、牛群、羊群上,必有重重的瘟疫。
M'ap leve men m' sou bèt ou gen nan jaden ou yo: chwal, bourik, chamo, bèf, mouton, kabrit. Yon gwo maladi pral tonbe sou yo.
耶和华要分别以色列的牲畜和埃及的牲畜,凡属以色列人的,一样都不死。』」
Men m'a veye pou sa ki rive bèt moun peyi Lejip yo pa rive bèt moun pèp Izrayèl yo, pou ankenn bèt moun pèp Izrayèl yo pa mouri.
耶和华就定了时候,说:「明天耶和华必在此地行这事。」
Seyè a fikse jou pou l' fè bagay sa a. Li di se denmen l'ap fè sa nan tout peyi a.
第二天,耶和华就行这事。埃及的牲畜几乎都死了,只是以色列人的牲畜,一个都没有死。
Nan denmen vre, Seyè a fè sa l' te di li t'ap fè a: tout bèt moun peyi Lejip yo mouri. Men, pa yonn nan bèt moun Izrayèl yo pa t' mouri.
法老打发人去看,谁知以色列人的牲畜连一个都没有死。法老的心却是固执,不容百姓去。
Farawon an voye pran nouvèl sak pase: li vin konnen pa t' gen yonn nan bèt moun Izrayèl yo ki te mouri. Men, farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle kite pèp la ale.
耶和华吩咐摩西、亚伦说:「你们取几捧炉灰,摩西要在法老面前向天扬起来。
Apre sa, Seyè a di Moyiz ak Arawon: -Plen de men nou ak sann dife. Se pou Moyiz voye sann lan jete anlè devan farawon an.
这灰要在埃及全地变作尘土,在人身上和牲畜身上成了起泡的疮。」
Sann lan pral gaye tankou pousyè pou l' kouvri tout peyi Lejip la. Toupatou li pral fè yon kantite bouton leve sou tout moun ak sou tout bèt nan peyi a. Lèfini, bouton yo ap pete, y'ap fè malenng.
摩西、亚伦取了炉灰,站在法老面前。摩西向天扬起来,就在人身上和牲畜身上成了起泡的疮。
Yo pran sann dife a, yo parèt devan farawon an. Moyiz voye sann lan jete anlè. Sann lan fè bouton leve sou tout moun ak sou tout bèt. Epi bouton yo pete fè malenng.
行法术的在摩西面前站立不住,因为在他们身上和一切埃及人身上都有这疮。
Ata majisyen yo pa t' kapab parèt devan Moyiz, paske yo te kouvri ak malenng tou tankou tout moun peyi Lejip yo.
耶和华使法老的心刚硬,不听他们,正如耶和华对摩西所说的。
Men Seyè a te fè farawon an fè tèt di pi rèd. Farawon an pa t' koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di Moyiz la.
耶和华对摩西说:「你清早起来,站在法老面前,对他说:耶和华─希伯来人的 神这样说:容我的百姓去,好事奉我。
Seyè a di Moyiz konsa: -Leve granmaten, al parèt devan farawon an. W'a di l': Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka al fè sèvis pou mwen.
因为这一次我要叫一切的灾殃临到你和你臣仆并你百姓的身上,叫你知道在普天下没有像我的。
Paske, fwa sa a, mwen pral voye tout kalite malè mwen konn fè yo sou ou menm menm, sou moun pa ou yo ak sou tout pèp ou a. Konsa, w'a konnen pa gen tankou m' sou tout latè.
我若伸手用瘟疫攻击你和你的百姓,你早就从地上除灭了。
Si mwen te lonje men m' pou m' te lage lanmò sou ou ansanm ak tout pèp ou a, nou tout nou te disparèt nèt sou latè.
其实,我叫你存立,是特要向你显我的大能,并要使我的名传遍天下。
Men, mwen kite nou viv pou nou kapab wè pouvwa mwen, pou moun ka nonmen non m' sou tout latè.
你还向我的百姓自高,不容他们去吗?
Men w'ap pran pòz awogan ou avèk pèp mwen an, ou pa vle kite yo ale.
到明天约在这时候,我必叫重大的冰雹降下,自从埃及开国以来,没有这样的冰雹。
Koute! Fwa sa a, denmen mwen pral fè lagrèl tonbe tankou lapli, bagay moun poko janm wè nan peyi Lejip, depi peyi a peyi jouk jounen jòdi a.
现在你要打发人把你的牲畜和你田间一切所有的催进来;凡在田间不收回家的,无论是人是牲畜,冰雹必降在他们身上,他们就必死。』」
Koulye a, bay lòd pou yo pran tout bèt nou gen nan jaden ak tout lòt bagay nou gen deyò mete yo anndan kay pou pwoteje yo. Paske, yon gwo lagrèl pral tonbe sou tout moun ak sou tout bèt ki deyò. Yo pral mouri.
法老的臣仆中,惧怕耶和华这话的,便叫他的奴仆和牲畜跑进家来。
Te gen kèk moun nan moun pa farawon yo ki te pè lè yo tande sa Seyè a te di. Yo fè tout domestik yo ansanm ak tout bèt yo antre anba kay.
但那不把耶和华这话放在心上的,就将他的奴仆和牲畜留在田里。
Men, gen lòt ki pa t' okipe sa Seyè a te di. Yo kite tout domestik yo ak tout bèt yo deyò.
耶和华对摩西说:「你向天伸杖,使埃及遍地的人身上和牲畜身上,并田间各样菜蔬上,都有冰雹。」
Seyè a di Moyiz konsa: -Leve men ou anlè. Lagrèl pral tonbe sou tout peyi Lejip la, sou tout moun ki deyò, sou tout bèt ak sou tout plant ki nan jaden.
摩西向天伸杖,耶和华就打雷下雹,有火闪到地上;耶和华下雹在埃及地上。
Moyiz lonje baton l' lan anlè nan syèl la. Seyè a voye loraj, lagrèl ak zèklè. Loraj la tonbe anpil kote. Wi, Seyè a voye lagrèl sou tout peyi Lejip la.
那时,雹与火搀杂,甚是利害,自从埃及成国以来,遍地没有这样的。
Lagrèl t'ap tonbe, zèklè t'ap fè yanyan nan syèl la. Se te pi gwo kout tan ki te tonbe sou peyi a depi peyi a peyi.
在埃及遍地,雹击打了田间所有的人和牲畜,并一切的菜蔬,又打坏田间一切的树木。
Lagrèl tonbe toupatou nan peyi Lejip la. Li tonbe sou tou sa ki te deyò, sou tout moun ak sou tout bèt. Li tonbe sou tout plant ki nan jaden, li kraze tout pyebwa.
惟独以色列人所住的歌珊地没有冰雹。
Se sèl nan peyi Gochenn lan lagrèl la pa t' tonbe. Se la moun pèp Izrayèl yo te rete.
法老打发人召摩西、亚伦来,对他们说:「这一次我犯了罪了。耶和华是公义的;我和我的百姓是邪恶的。
Farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo konsa: -Fwa sa a, mwen rekonèt tò mwen. Se Seyè a ki gen rezon. Se mwen menm ak pèp mwen an ki antò.
这雷轰和冰雹已经够了。请你们求耶和华,我就容你们去,不再留住你们。」
Lapriyè Seyè a pou l' fè loraj la sispann, pou l' fè lagrèl la rete. Mwen pwomèt pou m' kite nou ale. Nou pa bezwen rete ankò.
摩西对他说:「我一出城,就要向耶和华举手祷告;雷必止住,也不再有冰雹,叫你知道全地都是属耶和华的。
Moyiz di l' konsa: -Soti m' soti lavil la, mwen pral lapriyè nan pye Seyè a. Loraj la va sispann, p'ap gen lagrèl ankò. Konsa w'a konnen tè a se pou Seyè a li ye.
至于你和你的臣仆,我知道你们还是不惧怕耶和华 神。」
Men mwen konnen ni ou menm, ni moun pa ou yo, nou poko ap respekte Seyè a, Bondye a.
那时,麻和大麦被雹击打;因为大麦已经吐穗,麻也开了花。
Tout pye koton swa yo ak tout jaden lòj yo te boule. Lòj la te deja fè grap, koton yo t'ap fleri.
只是小麦和粗麦没有被击打,因为还没有长成。)
Men ble ak pitimi pa t' gate, paske yo toujou an reta sou lòt plant yo.
摩西离了法老出城,向耶和华举手祷告;雷和雹就止住,雨也不再浇在地上了。
Moyiz soti lakay farawon an, l' al andeyò lavil la. Li lapriyè nan pye Seyè a. Loraj la sispann, lagrèl la rete. pa t' gen lapli ankò.
法老见雨和雹与雷止住,就越发犯罪;他和他的臣仆都硬著心。
Lè farawon an wè lapli a, lagrèl la ak loraj la sispann, li kontinye fè peche toujou. Li fè tèt di, li menm ansanm ak tout moun pa l' yo.
法老的心刚硬,不容以色列人去,正如耶和华借著摩西所说的。
Nan fè tèt di sa a, li pa t' kite moun pèp Izrayèl yo ale, jan Seyè a te fè Moyiz al di l' la.