Exodus 6

耶和华对摩西说:「现在你必看见我向法老所行的事,使他因我大能的手容以色列人去,且把他们赶出他的地。」
Seyè a di Moyiz konsa: -Se koulye a ou pral wè sa m' pral fè farawon an. Mwen pral fè l' santi fòs ponyèt mwen. Vle pa vle, l'ap kite yo ale. Wi, m'ap fòse l' sitèlman, se mete l'ap mete yo deyò nan peyi l' a.
 神晓谕摩西说:「我是耶和华。
Bondye pale ak Moyiz, li di l': -Se mwen menm ki Seyè a.
我从前向亚伯拉罕、以撒、雅各显现为全能的 神;至于我名耶和华,他们未曾知道。
Mwen te fè Abraram, Izarak ak Jakòb konnen m' sou non Bondye ki gen tout pouvwa a. Mwen pa t' fè yo konnen m' sou lòt non mwen an, ki vle di: Seyè a.
我与他们坚定所立的约,要把他们寄居的迦南地赐给他们。
Mwen te pase yon kontra ak yo, mwen te pwomèt pou m' te ba yo peyi Kanaran an, peyi kote yo te viv tankou etranje a.
我也听见以色列人被埃及人苦待的哀声,我也记念我的约。
Koulye a, mwen tande jan pèp Izrayèl la ap plenn. Moun peyi Lejip yo fè yo tounen esklav. Mwen vin chonje kontra mwen te pase ak yo a.
所以你要对以色列人说:『我是耶和华;我要用伸出来的膀臂重重的刑罚埃及人,救赎你们脱离他们的重担,不做他们的苦工。
Men sa ou pral di moun pèp Izrayèl yo: Se mwen menm menm ki Seyè a. M'ap ban nou libète nou, m'ap wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a. M'ap delivre nou anba esklavaj kote yo mete nou an. M'ap lonje bra m' pou m' delivre nou, pou pini moun peyi Lejip yo byen pini.
我要以你们为我的百姓,我也要作你们的 神。你们要知道我是耶和华─你们的 神,是救你们脱离埃及人之重担的。
M'ap adopte nou pou pèp mwen, mwen menm m'a Bondye nou. N'a konnen se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki ban nou libète nou, ki wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a.
我起誓应许给亚伯拉罕、以撒、雅各的那地,我要把你们领进去,将那地赐给你们为业。我是耶和华。』」
Apre sa, m'ap mennen nou tounen nan peyi mwen te sèmante m'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la. Se mwen menm Seyè a k'ap ban nou peyi sa a pou l' rele nou chèmèt.
摩西将这话告诉以色列人,只是他们因苦工愁烦,不肯听他的话。
Moyiz di pèp Izrayèl la sa, men yo pa t' vle kwè l', paske yo te about. Esklavaj la te peze lou sou yo.
耶和华晓谕摩西说:
Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa:
「你进去对埃及王法老说,要容以色列人出他的地。」
-Ale bò kote farawon an, wa Lejip la. Di l' konsa pou l' kite pèp Izrayèl la soti kite peyi l' la.
摩西在耶和华面前说:「以色列人尚且不听我的话,法老怎肯听我这拙口笨舌的人呢?」
Men, Moyiz di Seyè a: -Ata pèp Izrayèl la pa t' koute m', atò se farawon an ki ta koute m'? Mwen tou pa konn pale.
耶和华吩咐摩西、亚伦往以色列人和埃及王法老那里去,把以色列人从埃及地领出来。
Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon. Li ba yo lòd pale ak pèp Izrayèl la ansanm ak farawon an, wa Lejip la, pou fè yo konnen yo tou de te resevwa lòd fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip.
以色列人家长的名字记在下面。以色列长子流便的儿子是哈诺、法路、希斯崙、迦米;这是流便的各家。
Men non chèf fanmi pèp Izrayèl yo: Woubenn, premye pitit Izrayèl la. Se li ki papa Enòk, Palou, Ezwon ak Kami. Se tout fanmi Woubenn lan sa.
西缅的儿子是耶母利、雅悯、阿辖、雅斤、琐辖,和迦南女子的儿子扫罗;这是西缅的各家。
Apre li vin Simeyon. Men non pitit Simeyon yo: Jemwèl, Jamen, Arad, Jaken, Taoska ak Sayil, yon pitit li te fè ak yon fanm moun peyi Kanaran. Se tout fanmi Simeyon yo sa.
利未众子的名字按著他们的后代记在下面:就是革顺、哥辖、米拉利。利未一生的岁数是一百三十七岁。
Apre li vin Levi. Men non pitit Levi yo ak tout pitit yo: Gèchon, Keyat ak Merari. Levi te viv santrannsetan (137 an).
革顺的儿子按著家室是立尼、示每。
Men pitit Gèchon yo ak tout fanmi yo: Libni ak Chimeyi.
哥辖的儿子是暗兰、以斯哈、希伯伦、乌薛。哥辖一生的岁数是一百三十三岁。
Men pitit Keyat yo: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl. Keyat te viv antou santranntwazan (133 an).
米拉利的儿子是抹利和母示;这是利未的家,都按著他们的后代。
Men pitit Merari yo: Makli ak Mouchi. Se tout branch fanmi Levi yo sa ansanm ak pitit yo.
暗兰娶了他父亲的妹妹约基别为妻,她给他生了亚伦和摩西。暗兰一生的岁数是一百三十七岁。
Amram te marye ak Jokebèd, ki matant li bò papa. Jokebèd te fè Arawon ak Moyiz pou li. Amram te viv antou santrannsetan (137 an).
以斯哈的儿子是可拉、尼斐、细基利。
Men pitit Jizeya yo: Kore, Nefèg ak Zikri.
乌薛的儿子是米沙利、以利撒反、西提利。
Men pitit Ouzyèl yo: Mikayèl, Elsafan ak Sitri.
亚伦娶了亚米拿达的女儿,拿顺的妹妹,以利沙巴为妻,她给他生了拿答、亚比户、以利亚撒、以他玛。
Arawon te marye ak Elicheba, pitit fi Aminadab, sè Nakchon. Elicheba te fè Nadab, Abiyou, Eleaza ak ltama pou Arawon.
可拉的儿子是亚惜、以利加拿、亚比亚撒;这是可拉的各家。
Men non pitit Kore yo: Asi, Elkana ak Abyazaf. Se tout fanmi Kore yo sa.
亚伦的儿子以利亚撒娶了普铁的一个女儿为妻,她给他生了非尼哈。这是利未人的家长,都按著他们的家。
Eleaza, pitit Arawon an, te marye ak yonn nan pitit fi Poutyèl yo, ki te fè Fineas pou li. Men non tout chèf fanmi Levi yo ak tout moun pa yo.
耶和华说:「将以色列人按著他们的军队从埃及地领出来。」这是对那亚伦、摩西说的。
Se menm Arawon sa a ansanm ak Moyiz Seyè a te di: Fè pitit Izrayèl yo soti kite peyi Lejip la, gwoup pa gwoup.
对埃及王法老说要将以色列人从埃及领出来的,就是这摩西、亚伦。
Se yo menm tou ki t al di farawon an, wa Lejip la, pou l' fè pèp Izrayèl la soti kite Lejip. Wi, se Arawon sa a avèk Moyiz sa a ki te fè tou sa.
当耶和华在埃及地对摩西说话的日子,
Lè Seyè a te pale ak Moyiz nan peyi Lejip la, men sa li te di l':
他向摩西说:「我是耶和华;我对你说的一切话,你都要告诉埃及王法老。」
-Se mwen menm ki Seyè a! Tou sa mwen di ou la a, se pou ou rapòte l' bay farawon an, wa Lejip la.
摩西在耶和华面前说:「看哪,我是拙口笨舌的人,法老怎肯听我呢?」
Men Moyiz koupe pawòl nan bouch Seyè a, li di l': -Pawòl pa vin nan bouch mwen fasil. Ou kwè farawon an pral chita tande m'?