Exodus 5

后来摩西、亚伦去对法老说:「耶和华─以色列的 神这样说:『容我的百姓去,在旷野向我守节。』」
Apre sa, Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l' konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka fè yon fèt pou mwen nan dezè a.
法老说:「耶和华是谁,使我听他的话,容以色列人去呢?我不认识耶和华,也不容以色列人去!」
Farawon an reponn: -Kilès ki Seyè a pou m' ta swiv lòd li, pou m' kite pèp Izrayèl la ale? Mwen pa konnen Seyè sa a. Mwen p'ap kite pèp Izrayèl la al ankenn kote.
他们说:「希伯来人的 神遇见了我们。求你容我们往旷野去,走三天的路程,祭祀耶和华─我们的 神,免得他用瘟疫、刀兵攻击我们。」
Moyiz ak Arawon di l': -Bondye ebre yo te parèt devan nou. Tanpri, kite n al fè yon ti vwayaj nan dezè a. Lè n'a fin mache pandan twa jou, n'a rete pou n' touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an. Si nou pa fè sa, l'a voye move maladi sou nou, osinon l'a fè nou mouri nan lagè.
埃及王对他们说:「摩西、亚伦!你们为什么叫百姓旷工呢?你们去担你们的担子吧!」
Wa Lejip la di Moyiz ak Arawon: -Poukisa nou vle fè pèp la kite travay li? Tounen nan travay nou!
又说:「看哪,这地的以色列人如今众多,你们竟叫他们歇下担子!」
Farawon an di ankò: -Gade. Nou wè jan pèp sa a vin pi plis pase moun peyi a. Koulye a atò, nou ta vle pou yo kite travay yo?
当天,法老吩咐督工的和官长说:
Menm jou sa a, farawon an rele moun peyi Lejip ki te chèf kòve yo ansanm ak moun pèp Izrayèl ki te fòmann yo, li ba yo lòd sa a:
「你们不可照常把草给百姓做砖,叫他们自己去捡草。
-Pa janm bay moun sa yo pay ankò pou yo fè brik, jan nou te konn fè l' la. Se yo menm ki pou al ranmase pay yo bezwen.
他们素常做砖的数目,你们仍旧向他们要,一点不可减少;因为他们是懒惰的,所以呼求说:『容我们去祭祀我们的 神。』
Men, se pou yo founi menm valè brik yo te konn bay anvan an, san manke yonn. Se yon bann parese yo ye. Se poutèt sa y'ap kriye, y'ap di: O wi, ann al ofri bèt pou nou touye bay Bondye nou an.
你们要把更重的工夫加在这些人身上,叫他们劳碌,不听虚谎的言语。」
Fè yo travay pi rèd. Pa kite yo poze menm. Konsa yo p'ap gen tan pou yo koute tout radòt moun ap vin di yo.
督工的和官长出来对百姓说:「法老这样说:『我不给你们草。
Chèf kòve yo ak fòmann yo vin di pèp la: -Men sa farawon an voye di nou: Li p'ap ban nou pay ankò.
你们自己在那里能找草,就往那里去找吧!但你们的工一点不可减少。』」
Se nou menm ki pou al ranmase pay kote nou ka jwenn. Men, se toujou menm valè brik la pou nou bay.
于是百姓散在埃及遍地,捡碎秸当作草。
Se konsa, pèp la gaye toupatou nan peyi Lejip ap chache zèb pou fè pay.
督工的催著说:「你们一天当完一天的工,与先前有草一样。」
Chèf kòve yo te dèyè yo tout tan, yo t'ap di yo: -Se pou nou fè menm valè brik chak jou menm jan ak lè yo te konn ban nou pay la.
法老督工的,责打他所派以色列人的官长,说:「你们昨天今天为什么没有照向来的数目做砖、完你们的工作呢?」
Chèf kòve farawon yo te mete kèk moun pèp Izrayèl pou sèvi fòmann. Ata fòmann sa yo te anba makak tou. Chèf kòve yo t'ap mande yo: -Poukisa ni ayè ni jòdi a, nou pa t' bay menm valè brik nou te konn fè anvan an?
以色列人的官长就来哀求法老说:「为什么这样待你的仆人?
Lè sa a, fòmann yo ki te menm ras ak moun pèp Izrayèl yo t al plenyen bay farawon an. Yo di l': -Monwa, poukisa ou fè moun k'ap sèvi ou yo sa?
督工的不把草给仆人,并且对我们说:『做砖吧!』看哪,你仆人挨了打,其实是你百姓的错。」
Yo pa ban nou pay ankò. Atousa, se tout tan y'ap mande nou pou nou fè brik. Lèfini, yo mete nou anba makak. Men, se moun pa ou yo ki antò wi, monwa.
但法老说:「你们是懒惰的!你们是懒惰的!所以说:『容我们去祭祀耶和华。』
Farawon an reponn yo: -Se yon bann parese nou ye. Se poutèt sa n'ap di: O wi, kite n al ofri bèt pou nou touye bay Seyè a.
现在你们去做工吧!草是不给你们的,砖却要如数交纳。」
Al nan pye travay nou, tande! Yo p'ap ban nou pay ankò. Degaje nou bay menm kantite brik la.
以色列人的官长听说「你们每天做砖的工作一点不可减少」,就知道是遭遇祸患了。
Fòmann yo ki te menm ras ak moun pèp Izrayèl yo vin wè yo te nan yon move sitiyasyon lè yo mande yo pou yo fè menm valè brik yo te konn fè a chak jou, san manke yonn.
他们离了法老出来,正遇见摩西、亚伦站在对面,
Antan y'ap soti kay farawon an, yo kontre Moyiz ak Arawon ki t'ap tann yo.
就向他们说:「愿耶和华鉴察你们,施行判断;因你们使我们在法老和他臣仆面前有了臭名,把刀递在他们手中杀我们。」
Yo di yo: -Se pou Seyè a wè sa nou fè la a. Se pou l' pini nou. Paske se nou menm ki lakòz ni farawon an ni moun k'ap sèvi l' yo pa vle wè pèp Izrayèl la. Nou mete yon nepe nan men yo pou yo fini ak pèp la.
摩西回到耶和华那里,说:「主啊,你为什么苦待这百姓呢?为什么打发我去呢?
Lè sa a, Moyiz tounen al jwenn Seyè a ankò, li di l': -Seyè, poukisa w'ap maltrete pèp la konsa? Poukisa ou te voye m'?
自从我去见法老,奉你的名说话,他就苦待这百姓,你一点也没有拯救他们。」
Depi menm lè mwen t al bò kote farawon an pou m' pale avè l' pou ou a, se maltrete l'ap maltrete pèp ou a. Epi ou pa fè anyen pou delivre pèp la.