Exodus 4

摩西回答说:「他们必不信我,也不听我的话,必说:『耶和华并没有向你显现。』」
Moyiz reponn li: -Men, moun yo ka refize kwè m', yo ka pa koute sa m' gen pou m' di yo a. Yo ka di m' se pa vre, Seyè a pa t' kras parèt devan mwen.
耶和华对摩西说:「你手里是什么?」他说:「是杖。」
Seyè a mande l': -Kisa ou gen nan men ou la a? Moyiz reponn li: -Yon baton.
耶和华说:「丢在地上。」他一丢下去,就变作蛇;摩西便跑开。
Seyè a di l': -Jete l' atè. Moyiz jete baton an atè. Baton an tounen yon koulèv. Lè Moyiz wè sa, li pran kouri.
耶和华对摩西说:「伸出手来,拿住牠的尾巴,」牠必在你手中仍变为杖;
Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou, bese pran koulèv la nan ke. Moyiz lonje men l', li pran koulèv la nan ke. Lamenm, koulèv la tounen baton ankò nan men Moyiz.
「如此好叫他们信耶和华─他们祖宗的 神,就是亚伯拉罕的 神,以撒的 神,雅各的 神,是向你显现了。」
Seyè a di: -Men sa w'a fè pou yo ka kwè Seyè a, Bondye zansèt yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan ou.
耶和华又对他说:「把手放在怀里。」他就把手放在怀里,及至抽出来,不料,手长了大痲疯,有雪那样白。
Seyè a di l' ankò: -Foure men ou anndan chemiz ou, sou lestonmak ou. Moyiz foure men li anndan chemiz li, sou lestonmak li. Lè li wete men l', men l' te vin tou blan ak bouton. Li te kouvri ak lalèp.
耶和华说:「再把手放在怀里。」他就再把手放在怀里,及至从怀里抽出来,不料,手已经复原,与周身的肉一样;
Seyè a di l': -Foure men ou anndan chemiz ou ankò, sou lestonmak ou. Moyiz foure men li anndan chemiz li ankò. Lè li wete l', men li te menm koulè ak rès kò li.
又说:「倘或他们不听你的话,也不信头一个神迹,他们必信第二个神迹。
Seyè a di Moyiz: -Si apre ou fin fè premye mirak la, ou wè yo pa vle kwè ou, yo pa vle koute ou, y'a kwè ou lè w'a fè dezyèm mirak sa a.
这两个神迹若都不信,也不听你的话,你就从河里取些水,倒在旱地上,你从河里取的水必在旱地上变作血。」
Si apre ou fè de mirak sa yo, y'ap fè tèt di toujou, yo pa vle kwè ou toujou, yo pa vle koute sa w'ap di yo, w'a pran ti gout dlo nan gwo larivyè a, w'a vide l' atè. Lamenm, dlo a va tounen san.
摩西对耶和华说:「主啊,我素日不是能言的人,就是从你对仆人说话以后,也是这样。我本是拙口笨舌的。」
Moyiz di Seyè a: -Eskize m' wi, Seyè. Men, mwen pa ka pale fasil. Se pa bagay jòdi a non. Menm koulye a, depi w'ap pale ak sèvitè ou la, anyen pa chanje. Bouch mwen lou, lang mwen mare.
耶和华对他说:「谁造人的口呢?谁使人口哑、耳聋、目明、眼瞎呢?岂不是我─耶和华吗?
Seyè a di l': -Kilès ki bay moun bouch pou yo pale? Kilès ki fè moun sa a bèbè, moun sa a soudè? Kilès ki fè moun sa a wè, moun sa a avèg? Eske se pa mwen menm, Seyè a?
现在去吧,我必赐你口才,指教你所当说的话。」
Bon, ou mèt ale. m'a ede ou lè ou gen pou ou pale, m'a moutre ou sa ou gen pou di.
摩西说:「主啊,你愿意打发谁,就打发谁去吧!」
Moyiz di: -Eskize m' wi, Seyè! Men, poukisa ou pa voye yon lòt moun pito?
耶和华向摩西发怒说:「不是有你的哥哥利未人亚伦吗?我知道他是能言的;现在他出来迎接你,他一见你,心里就欢喜。
Lè sa a, Seyè a move sou Moyiz, li di l' konsa: -Gen Arawon, frè ou la, ki soti nan branch fanmi Levi a. Mwen konnen lang msye pa mare nan bouch li. Men koulye a, li gen tan nan wout ap vin jwenn ou. L'a kontan anpil lè l'a wè ou.
你要将当说的话传给他;我也要赐你和他口才,又要指教你们所当行的事。
W'a pale avè l', w'a di l' sa pou l' di. m'a ede nou tou de lè n'a gen pou nou pale. m'a di nou sa pou nou fè.
他要替你对百姓说话;你要以他当作口,他要以你当作 神。
L'a pale ak pèp la pou ou. Se tankou si se te ou menm ki t'ap pale. Ou menm, w'a tankou Bondye k'ap di li sa pou li di.
你手里要拿这杖,好行神迹。」
Kanta baton sa a, toujou kenbe l' nan men ou. Se avèk li w'a fè tout mirak ou gen pou fè yo.
于是,摩西回到他岳父叶忒罗那里,对他说:「求你容我回去见我在埃及的弟兄,看他们还在不在。」叶忒罗对摩西说:「你可以平平安安地去吧!」
Moyiz kite kote l' te ye a, li tounen lakay Jetwo, bòpè li. Li di li: -Tanpri, kite m' ale. Mwen pral jwenn frè mwen yo nan pèyi Lejip. Mwen pral wè si yo la toujou. Jetwo di Moyiz: -Ale ak kè poze.
耶和华在米甸对摩西说:「你要回埃及去,因为寻索你命的人都死了。」
Antan Moyiz nan peyi Madyan, Seyè a di l': -Koulye a, tounen nan peyi Lejip, paske tout moun ki t'ap chache touye ou yo fin mouri.
摩西就带著妻子和两个儿子,叫他们骑上驴,回埃及地去。摩西手里拿著 神的杖。
Moyiz pran madanm li ak pitit gason l' yo, li mete yo sou bourik, epi li tounen nan peyi Lejip. Moyiz te gen baton Bondye a nan men l'.
耶和华对摩西说:「你回到埃及的时候,要留意将我指示你的一切奇事行在法老面前。但我要使(或作:任凭;下同)他的心刚硬,他必不容百姓去。
Seyè a di Moyiz konsa: -Koulye a, ou wè w'ap tounen nan peyi Lejip. Gade byen. Se pou ou fè devan farawon an tout mirak mwen ba ou pouvwa fè yo. Mwen menm, m'ap fè l' kenbe tèt avèk ou, li p'ap vle kite pèp la ale.
你要对法老说:『耶和华这样说:以色列是我的儿子,我的长子。
W'a di farawon an: Men sa Seyè a di: Izrayèl se pitit mwen, se premye pitit mwen.
我对你说过:容我的儿子去,好事奉我。你还是不肯容他去。看哪,我要杀你的长子。』」
Mwen di ou kite pitit mwen an ale fè wout li pou l' ka fè yon sèvis pou mwen. Si ou refize kite l' ale, mwen menm m'ap touye premye pitit gason ou lan.
摩西在路上住宿的地方,耶和华遇见他,想要杀他。
Pandan vwayaj la, Moyiz rete pase lannwit yon kote. Seyè a vin atake Moyiz. Li t'ap chache touye l'.
西坡拉就拿一块火石,割下他儿子的阳皮,丢在摩西脚前,说:「你真是我的血郎了。」
Sefora pran yon moso ròch byen file, li koupe pwent po ti kòk pitit gason l' lan, li voye l' jete nan pye Moyiz. Epi li di: -Se yon mari san ou ye pou mwen.
这样,耶和华才放了他。西坡拉说:「你因割礼就是血郎了。」
Apre sa, Seyè a kite Moyiz. Lè sa a, se poutèt sikonsizyon an Sefora te di ou se yon mari san pou mwen.
耶和华对亚伦说:「你往旷野去迎接摩西。」他就去,在 神的山遇见摩西,和他亲嘴。
Seyè a di Arawon: -Ale kontre Moyiz nan dezè a. Arawon pati, li kontre Moyiz sou mòn Bondye a. Li pase bra l' nan kou l'.
摩西将耶和华打发他所说的言语和嘱咐他所行的神迹都告诉了亚伦。
Moyiz di Arawon tou sa Seyè a te di l' anvan li te voye l' la. Li fè l' konnen tout mirak Seyè a te ba li lòd fè.
摩西、亚伦就去招聚以色列的众长老。
Moyiz ak Arawon pati ansanm, yo sanble tout chèf fanmi pèp Izrayèl la.
亚伦将耶和华对摩西所说的一切话述说了一遍,又在百姓眼前行了那些神迹,
Arawon di yo tou sa Seyè a te di Moyiz. Moyiz menm fè tout mirak yo devan tout pèp la.
百姓就信了。以色列人听见耶和华眷顾他们,鉴察他们的困苦,就低头下拜。
Pèp la vin kwè yo. Lè yo tande Seyè a te vin vizite yo, li te wè mizè y'ap pase a, yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè pou adore Bondye.