Exodus 36

比撒列和亚何利亚伯,并一切心里有智慧的,就是蒙耶和华赐智慧聪明、叫他知道做圣所各样使用之工的,都要照耶和华所吩咐的做工。」
Bezaleyèl, Owoliyab ansanm ak tout moun ki gen konprann, tout moun Seyè a te bay ladrès ak konesans pou yo ka fè tou sa ki nesesè pou kay Bondye a, se pou yo fè tout bagay jan Seyè a te bay lòd la.
凡耶和华赐他心里有智慧、而且受感前来做这工的,摩西把他们和比撒列并亚何利亚伯一同召来。
Moyiz fè rele Bezaleyèl, Owoliyab ansanm ak tout lòt bòs atizan Bondye te bay ladrès ak konesans. Li fè rele tout moun ki te vle pou yo mete men nan travay la ak tout kè yo.
这些人就从摩西收了以色列人为做圣所并圣所使用之工所拿来的礼物。百姓每早晨还把甘心献的礼物拿来。
Yo resevwa nan men Moyiz tout ofrann moun pèp Izrayèl yo te pote pou fè tou sa ki nesesè pou kay Bondye a. Y al travay. Moun Izrayèl yo menm te toujou ap pote ofrann yo bay Moyiz chak maten, san pesonn pa t' fòse yo.
凡做圣所一切工的智慧人各都离开他所作的工,
Lè sa a, tout bòs atizan ki t'ap travay pou kay Bondye a kite travay yo t'ap fè a, yo vin jwenn Moyiz.
来对摩西说:「百姓为耶和华吩咐使用之工所拿来的,富富有余。」
Yo di l' konsa: -Pèp la pote depase sa nou bezwen pou nou fini ak travay Seyè a te bay lòd fè a.
摩西传命,他们就在全营中宣告说:「无论男女,不必再为圣所拿什么礼物来。」这样才拦住百姓不再拿礼物来。
Lè sa a, Moyiz fè pibliye lòd sa a nan tout kan an: -Pesonn, ni gason ni fanm, pa bezwen pote ankenn ofrann pou kay Bondye a ankò. Se konsa, yo te fè moun yo sispann pote lòt ofrann.
因为他们所有的材料够做一切当做的物,而且有余。
Sa yo te pote deja a te menm twòp pou travay ki te gen pou fèt la.
他们中间,凡心里有智慧做工的,用十幅幔子做帐幕。这幔子是比撒列用撚的细麻和蓝色、紫色、朱红色线制造的,并用巧匠的手工绣上基路伯。
Yo pran ouvriye ki te pi abil nan travay la pou fè tant lan. Yo fè l' ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, twal lenn koulè ble, violèt, wouj, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l'.
每幅幔子长二十八肘,宽四肘,都是一样的尺寸。
Chak lèz te mezire katòz mèt longè, de mèt lajè. Tout lèz yo te menm gwosè.
他使这五幅幔子幅幅相连,又使那五幅幔子幅幅相连;
Yo pran senk lèz, yo koud yo ansanm. Apre sa, yo fè menm bagay la tou ak senk lòt lèz yo.
在这相连的幔子末幅边上做蓝色的钮扣,在那相连的幔子末幅边上也照样做;
Yo pran kòdon fèt ak twal ble, yo fè pasan, yo moute yo sou rebò dènye lèz nan chak gwoup.
在这相连的幔子上做五十个钮扣,在那相连的幔子上也做五十个钮扣,都是两两相对;
Yo mete senkant pasan nan premye lèz premye gwoup la ak senkant pasan nan dènye lèz dezyèm gwoup la yon jan pou yo koresponn de pa de.
又做五十个金钩,使幔子相连。这才成了一个帐幕。
Yo te fè senkant ti kwòk an lò. Yo pase kwòk yo nan pasan yo pou kenbe de gwoup rido yo ansanm. Se konsa, yo te fè yon sèl tant pou sèvi kay kote pou Bondye rete a.
他用山羊毛织十一幅幔子,作为帐幕以上的罩棚。
Apre sa, yo fè onz lèz twal ak pwal kabrit pou kouvri tant kote Bondye rete a.
每幅幔子长三十肘,宽四肘;十一幅幔子都是一样的尺寸。
Tout onz lèz yo te menm gwosè, chak te mezire kenz mèt longè ak de mèt lajè.
他把五幅幔子连成一幅,又把六幅幔子连成一幅;
Yo pran senk lèz, yo koud yo ansanm sou yon bò. Apre sa, yo fè menm bagay la ak sis lòt lèz yo apa.
在这相连的幔子末幅边上做五十个钮扣,在那相连的幔子末幅边上也做五十个钮扣;
Yo mete senkant pasan sou rebò dènye lèz nan premye gwoup la ak senkant pasan sou rebò dènye lèz nan dezyèm gwoup la.
又做五十个铜钩,使罩棚连成一个;
Yo fè senkant ti kwòk an kwiv pou kenbe de gwoup lèz yo ansanm, pou yo ka fè yon sèl tant.
并用染红的公羊皮做罩棚的盖,再用海狗皮做一层罩棚上的顶盖。
Yo fè yon kouvèti pou tant lan ak po belye tenn koulè wouj. Apre sa, yo fè yon lòt kouvèti ak po bazann pou ale anwo kouvèti ki fèt ak po belye a.
他用皂荚木做帐幕的竖板。
Yo te fè ankadreman an bwa zakasya pou soutni tant Bondye a.
每块长十肘,宽一肘半;
Chak ankadreman te mezire kenz pye longè sou vennsèt pous lajè.
每块有两榫相对。帐幕一切的板都是这样做。
Yo chak te gen de bout ki depase ki te penmèt mare yo yonn ak lòt. Yo fè tout ankadreman kay la menm jan an tou.
帐幕的南面做板二十块。
Yo te fè ven ankadreman pou fasad sid la.
在这二十块板底下又做四十个带卯的银座:两卯接这块板上的两榫,两卯接那块板上的两榫。
Yo fè karant sipò an ajan pou ale anba pye ankadreman yo, de sipò pou chak ankadreman.
帐幕的第二面,就是北面,也做板二十块
Yo fè ven ankadreman pou fasad nò a,
和带卯的银座四十个:这板底下有两卯,那板底下也有两卯。
ak karant sipò an ajan, de pou chak ankadreman.
帐幕的后面,就是西面,做板六块。
Pou fasad lwès kay Bondye a, ki bay sou dèyè, yo fè sis ankadreman
帐幕后面的拐角做板两块。
ak de lòt ankadreman ki pou fè kwen ki sou deyè kay Bondye a.
板的下半截是双的,上半截是整的,直到第一个环子;在帐幕的两个拐角上都是这样做。
Kwen yo te mare yonn ak lòt pa anba, yo te bout-a-bout jouk anwo nan gwo bag la. Se konsa yo te moute de ankadreman ki te fè de kwen yo.
有八块板和十六个带卯的银座,每块板底下有两卯。
Konsa sa te fè wit ankadreman ak sèz sipò an ajan, de sipò pou chak ankadreman.
他用皂荚木做闩:为帐幕这面的板做五闩,
Apre sa, yo fè travès yo an bwa zakasya. Yo mete senk pou ankadreman sou yon bò kay Bondye a,
为帐幕那面的板做五闩,又为帐幕后面的板做五闩,
senk pou ankadreman sou lòt bò a ak senk pou ankadreman sou bò lwès la pa dèyè.
使板腰间的中闩从这一头通到那一头。
Yo fè travès mitan an yon jan pou l' pase nan ren ankadreman yo, depi yon bout rive nan lòt bout la.
用金子将板包裹,又做板上的金环套闩;闩也用金子包裹。
Yo te kouvri ankadreman yo ak lò. Yo te fè bag an lò pou kenbe travès yo. Apre sa, yo kouvri tout travès yo ak lò tou.
他用蓝色、紫色、朱红色线,和撚的细麻织幔子,以巧匠的手工绣上基路伯。
Yo fè rido a ak bon twal koulè ble, violèt epi wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l'.
为幔子做四根皂荚木柱子,用金包裹,柱子上有金钩,又为柱子铸了四个带卯的银座。
Yo fè kat poto an bwa zakasya pou rido a. Yo te kouvri yo ak lò, yo moute kwòk an lò sou yo. Yo travay kat sipò an ajan pou poto yo.
拿蓝色、紫色、朱红色线,和撚的细麻,用绣花的手工织帐幕的门帘;
Pou fèmen kote yo antre nan tant lan, yo fè yon rido ak bon twal ble, violèt ak wouj, ansanm ak twal fen blan tise byen sere, bwode sou tout kò l'.
又为帘子做五根柱子和柱子上的钩子,用金子把柱顶和柱子上的杆子包裹。柱子有五个带卯的座,是铜的。
Yo fè senk poto avèk kwòk. Yo kouvri tèt poto yo ak trenng pou soutni rido yo ak lò. Epi yo fè senk sipò an kwiv pou poto yo.