Exodus 27

「你要用皂荚木做坛。这坛要四方的,长五肘,宽五肘,高三肘。
W'a fè yon lòtèl an bwa zakasya. L'a kare kare. L'a mezire sèt pye sis pous longè sou sèt pye sis pous lajè ak kat pye sis pous wotè.
要在坛的四拐角上做四个角,与坛接连一块,用铜把坛包裹。
W'a travay kat kòn sou kat kwen lòtèl la. Se pou kòn yo fè yon sèl pyès ak lòtèl la. Apre sa, w'a kouvri tout ak kwiv.
要做盆,收去坛上的灰,又做铲子、盘子、肉锸子、火鼎;坛上一切的器具都用铜做。
Pou lòtèl la, w'a fè pèl, kivèt, fouchèt, recho ak plato pou resevwa sann. Tout bagay sa yo va fèt an kwiv.
要为坛做一个铜网,在网的四角上做四个铜环,
Pou lòtèl la toujou, w'a fè yon griyaj an kwiv, tankou griy yo sèvi pou griye vyann. W'a mete kat gwo bag an kwiv nan kat pwent griyaj la.
把网安在坛四面的围腰板以下,使网从下达到坛的半腰。
W'a mete griyaj la anba rebò lòtèl la, pou l' soti anba rive mwatye wotè lòtèl la.
又要用皂荚木为坛做杠,用铜包裹。
W'a fè baton an bwa zakasya ki va sèvi manch pou lòtèl la. W'a kouvri yo an kwiv.
这杠要穿在坛两旁的环子内,用以抬坛。
W'a pase manch yo nan gwo bag yo. Manch yo va sou chak bò lòtèl la lè y'ap pote l'.
要用板做坛,坛是空的,都照著在山上指示你的样式作。」
Lòtèl la va fèt an planch. Anndan li va rete tou vid. W'a fè l' dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.
「你要做帐幕的院子。院子的南面要用撚的细麻做帷子,长一百肘。
W'a fè yon galeri wonn kay la. Sou bò sid la, w'a moute yon seri rido fèt ak lèz twal fen blan tise byen sere, sou senkant mèt longè pou bò sa a.
帷子的柱子要二十根,带卯的铜座二十个。柱子上的钩子和杆子都要用银子做。
Pou kenbe rido yo, va gen ven poto an kwiv chita sou ven sipò an kwiv tou. Men, kwòk ki sou poto yo ak trenng ki pou soutni rido yo va fèt an ajan.
北面也当有帷子,长一百肘,帷子的柱子二十根,带卯的铜座二十个。柱子上的钩子和杆子都要用银子做。
Menm jan an tou, sou bò nò a va gen yon seri rido fèt ak lèz twal sou senkant mèt longè pou bò sa a, avèk ven poto an kwiv chita sou ven sipò an kwiv tou. Kwòk yo ak trenng yo va fèt an ajan.
院子的西面当有帷子,宽五十肘,帷子的柱子十根,带卯的座十个。
Sou bò lwès la, va gen yon galeri tou. W'a moute yon seri rido sou vennsenk mèt longè ak dis poto chita sou dis sipò.
院子的东面要宽五十肘。
Sou bò lès la, galeri a va gen swasannkenz pye lajè.
门这边的帷子要十五肘,帷子的柱子三根,带卯的座三个。
Sou bò gòch pòt antre a, y'a moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò.
门那边的帷子也要十五肘,帷子的柱子三根,带卯的座三个。
Sou bò dwat la tou, y'a moute rido sou yon longè vennde pye sis pous avèk twa poto chita sou twa sipò.
院子的门当有帘子,长二十肘,要拿蓝色、紫色、朱红色线,和撚的细麻,用绣花的手工织成,柱子四根,带卯的座四个。
Pou pòt antre a menm, va gen yon rido trant pye longè, fèt ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, dekore avèk bodri. Se kat poto chita sou kat sipò ki pou soutni rido a.
院子四围一切的柱子都要用银杆连络,柱子上的钩子要用银做,带卯的座要用铜做。
Tout poto ki fè wonn galeri a va gen trenng fèt an ajan, kwòk fèt an ajan ak sipò fèt an kwiv.
院子要长一百肘,宽五十肘,高五肘,帷子要用撚的细麻做,带卯的座要用铜做。
Galeri a va gen sansenkant pye longè, swasannkenz pye lajè ak sèt pye sis pous wotè. Rido yo va fèt ak twal fen blan tise byen sere. Sipò yo va fèt an kwiv.
帐幕各样用处的器具,并帐幕一切的橛子,和院子里一切的橛子,都要用铜做。」
Tout bagay ki la pou sèvi nan tant lan, tout pikèt pou tant lan ak pou galeri a, tou sa gen pou fèt an kwiv.
「你要吩咐以色列人,把那为点灯捣成的清橄榄油拿来给你,使灯常常点著。
W'a pase pèp Izrayèl la lòd pou yo pote ba ou pi bon kalite lwil oliv ki genyen pou lanp yo. Konsa, lanp lan va toujou ka rete limen.
在会幕中法柜前的幔外,亚伦和他的儿子,从晚上到早晨,要在耶和华面前经理这灯。这要作以色列人世世代代永远的定例。」
Se Arawon ak pitit li yo ki va mete lwil nan lanp sa a, ki nan Tant Randevou a pa deyè rido a, devan Bwat Kontra a. Se la gwo lanp lan va limen devan Seyè a depi aswè jouk maten. Se pou moun Izrayèl yo swiv lòd sa a pou tout tan, de pitit an pitit.