Exodus 25

耶和华晓谕摩西说:
Seyè a pale ak Moyiz, li di l':
「你告诉以色列人当为我送礼物来;凡甘心乐意的,你们就可以收下归我。
-Pale ak moun Izrayèl yo. Di yo pote yon ofrann ban mwen. W'a resevwa l' pou mwen nan men tout moun ki vle bay ak kè kontan.
所要收的礼物:就是金、银、铜,
Men ofrann pou ou resevwa nan men yo: lò, ajan ak kwiv,
蓝色、紫色、朱红色线,细麻,山羊毛,
bon twal koulè violèt, ble ak wouj, twal fen blan, twal fèt ak pwal kabrit,
染红的公羊皮,海狗皮,皂荚木,
po belye tenn koulè wouj ak po bazann, bwa zakasya,
点灯的油并做膏油和香的香料,
lwil pou gwo lanp sèt branch lan, epis santi bon pou mete nan lansan an ak nan lwil yo sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye a,
红玛瑙与别样的宝石,可以镶嵌在以弗得和胸牌上。
pyè oniks ak lòt pyè pou gani jile ak plastwon granprèt la.
又当为我造圣所,使我可以住在他们中间。
y'a mete yon kote apa pou mwen pou m' ka vin rete nan mitan yo.
制造帐幕和其中的一切器具都要照我所指示你的样式。」
W'a fè tant lan ak tout bagay ki pou ale ladan l', dapre modèl mwen pral ba ou a.
「要用皂荚木做一柜,长二肘半,宽一肘半,高一肘半。
y'a pran bwa zakasya, y'a fè yon gwo bwat. Bwat la va mezire twa pye nèf pous longè, de pye twa pous lajè, de pye twa pous wotè.
要里外包上精金,四围镶上金牙边。
W'a kouvri l' nèt, anndan kou deyò, ak pi bon klas lò ki genyen. Epi w'a mete yon bòdi an lò fè wonn li.
也要铸四个金环,安在柜的四脚上;这边两环,那边两环。
W'a fonn lò a fè kat gwo bag tou won. W'a moute yonn sou chak kwen bwat la, de chak bò.
要用皂荚木做两根杠,用金包裹。
W'a pran de jenn poto zakasya, w'a kouvri yo nèt ak lò.
要把杠穿在柜旁的环内,以便抬柜。
W'a pase poto yo nan twou bag yo, sou de bò bwat la. Poto sa yo va sèvi manch pou pote bwat la.
这杠要常在柜的环内,不可抽出来。
Se pou poto yo toujou rete nan bag yo, san yo pa janm wete yo.
必将我所要赐给你的法版放在柜里。
Mwen pral ba ou de ròch plat ki va sèvi pou nou toujou chonje m'. W'a mete yo nan bwat la.
要用精金做施恩座(施恩:或作蔽罪;下同),长二肘半,宽一肘半。
W'a pran pi bon lò ki genyen, w'a fè yon kouvèti pou bwat la. L'a mezire twa pye nèf pous longè sou de pye twa pous lajè.
要用金子锤出两个基路伯来,安在施恩座的两头。
W'a fè pòtre de zanj cheriben an lò. y'a pran lò a, y'a bat li ak mato pou yo fè pòtre yo. W'a mete yo anwo kouvèti a,
这头做一个基路伯,那头做一个基路伯,二基路伯要接连一块,在施恩座的两头。
yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. W'a kole yo byen kole sou kouvèti a pou yo fè kò avè l'.
二基路伯要高张翅膀,遮掩施恩座。基路伯要脸对脸,朝著施恩座。
Zanj cheriben yo va louvri zèl yo anwo tèt yo, konsa y'a kouvri kouvèti a. Se pou yo yonn anfas lòt, avèk tèt yo bese ap gade kouvèti a.
要将施恩座安在柜的上边,又将我所要赐给你的法版放在柜里。
W'a mete kouvèti a sou bwat la. Nan bwat la menm, w'a mete de ròch plat mwen pral ba ou pou nou ka toujou chonje mwen.
我要在那里与你相会,又要从法柜施恩座上二基路伯中间,和你说我所要吩咐你传给以色列人的一切事。」
Se la m'a toujou kontre avè ou. m'a rete anwo kouvèti a, nan mitan de zanj cheriben yo, m'a ba ou tout lòd mwen gen pou m' ba ou yo pou moun Izrayèl yo.
「要用皂荚木做一张桌子,长二肘,宽一肘,高一肘半。
W'a fè yon tab an bwa zakasya. Desi tab la va mezire twa pye longè, yon pye sis pous lajè ak de pye twa pous wotè.
要包上精金,四围镶上金牙边。
W'a kouvri l' nèt ak pi bon lò ki genyen. W'a mete yon bòdi an lò fè wonn li.
桌子的四围各做一掌宽的横梁,横梁上镶著金牙边。
W'a mete yon ankadreman kat pous lajè anba desi a fè wonn tab la. Epi w'a kouvri tout ankadreman an ak yon plak lò.
要做四个金环,安在桌子的四角上,就是桌子四脚上的四角。
W'a fonn lò a fè kat gwo bag tou won pou tab la. W'a moute yo nan kat kwen tab la kote pye yo moute a.
安环子的地方要挨近横梁,可以穿杠抬桌子。
W'a moute bag yo toupre ankadreman an. Se nan twou bag yo pou ou pase poto bwa zakasya ki pou sèvi pou pote tab la.
要用皂荚木做两根杠,用金包裹,以便抬桌子。
W'a fè poto yo ak bwa zakasya, epi w'a kouvri yo nèt ak lò. Se ak poto sa yo pou yo sèvi pou pote tab la.
要做桌子上的盘子、调羹,并奠酒的爵和瓶;这都要用精金制作。
W'a fè asyèt, bòl, tas, kafetyè. W'a mete yo apa pou mwen. W'a fè yo ak pi bon lò ki genyen. Se ak yo pou nou sèvi lè n'ap fè sèvis pou mwen.
又要在桌子上,在我面前,常摆陈设饼。」
Epi w'a toujou mete sou tab la pen yo ofri ban mwen yo. Wi, se pou pen yo tout tan la devan mwen.
「要用精金做一个灯台。灯台的座和干与杯、球、花,都要接连一块锤出来。
W'a fè yon gwo lanp sèt branch ak pi bon lò ki genyen. y'a pran yon sèl gwo mòso lò, y'a bat li ak mato pou fè pye gwo lanp sèt branch lan ansanm ak tout kò li. y'a fè pòtre bèl flè, flè an bouton, flè louvri, sou tout kò li. Yo tout va fè yon sèl pyès ak pye lanp lan.
灯台两旁要杈出六个枝子:这旁三个,那旁三个。
Gwo lanp lan va gen sèt branch, yonn kanpe dwat nan mitan ak twa branch chak bò.
这旁每枝上有三个杯,形状像杏花,有球,有花;那旁每枝上也有三个杯,形状像杏花,有球,有花。从灯台杈出来的六个枝子都是如此。
Sou chak branch sou kote yo, y'a fè pòtre twa flè nwa kajou ak tout boujon yo.
灯台上有四个杯,形状像杏花,有球,有花。
Sou branch ki nan mitan an va gen kat flè nwa kajou ak tout boujon yo.
灯台每两个枝子以下有球与枝子接连一块,,。灯台出的六个枝子都是如此。
W'a mete yon ti boujon anba chak pè branch sou kote yo.
球和枝子要接连一块,都是一块精金锤出来的。
Boujon yo ak branch yo va fè yon sèl pyès ak pye gwo lanp lan. Se va yon sèl pyès lò y'a bat ak mato pou ba li fòm yo vle a.
要做灯台的七个灯盏。祭司要点这灯,使灯光对照。
y'a fè sèt lanp pou gwo lanp lan, y'a moute yo sou li yon jan pou yo ka klere sou devan.
灯台的蜡剪和蜡花盘也是要精金的。
N'a fè pensèt pou netwaye gwo lanp lan ak plato pou resevwa sann lan. W'a fè yo ak pi bon lò ki genyen.
做灯台和这一切的器具要用精金一他连得。
N'a pran swasannkenz liv bon lò pou fè gwo lanp lan ansanm ak tout bagay pou sèvi ak gwo lanp lan.
要谨慎做这些物件,都要照著在山上指示你的样式。」
Gade byen pou ou ka fè tout bagay dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.