Ecclesiastes 1

在耶路撒冷作王、大卫的儿子、传道者的言语。
Men pawòl pitit David la, filozòf la, ki te wa nan lavil Jerizalèm.
传道者说:虚空的虚空,虚空的虚空,凡事都是虚空。
Nan lavi a anyen pa vo anyen. Se sa filozòf la di. Non, anyen pa vo anyen nan lavi a. Tout bagay gen pou pase.
人一切的劳碌,就是他在日光之下的劳碌,有什么益处呢?
Yon moun te mèt pase tout lavi l' ap travay di, ap bay kò l' traka sou latè beni, kisa sa rapòte l'?
一代过去,一代又来,地却永远长存。
Moun fèt, moun mouri. Men sa pa deranje anyen sou latè.
日头出来,日头落下,急归所出之地。
Solèy leve, solèy kouche. L'ap kouri tounen kote pou l' leve a ankò.
风往南刮,又向北转,不住地旋转,而且返回转行原道。
Van an soufle soti nan nò desann nan sid. Apre sa, li vire soti nan sid moute nan nò. Konsa, l'ap vire tounen nan menm chemen an san rete.
江河都往海里流,海却不满;江河从何处流,仍归还何处。
Tout dlo larivyè desann nan lanmè, men lanmè pa janm plen. Dlo a tounen kote larivyè a te soti a. Konsa, larivyè a pa janm sispann koule.
万事令人厌烦(或译:万物满有困乏),人不能说尽。眼看,看不饱;耳听,听不足。
Tout bagay ap vire won san rete. Pa gen pawòl ki ka di jan sa ye. Je pa janm bouke wè. Zòrèy pa janm bouke tande.
已有的事后必再有;已行的事后必再行。日光之下并无新事。
Sa ki te rive anvan, se sa ki va rive apre. Sa yo te fè anvan an, se sa y'ap toujou fè. Pa gen anyen ki chanje sou latè beni.
岂有一件事人能指著说这是新的?哪知,在我们以前的世代早已有了。
Menm lè nou di: Gade! Men yon bagay ki nèf, bagay la te la deja depi nan tan lontan anvan nou te fèt.
已过的世代,无人记念;将来的世代,后来的人也不记念。
Pesonn pa chonje sa ki te pase nan tan lontan. Konsa tou, pita, pesonn p'ap chonje sa k'ap pase koulye a.
我传道者在耶路撒冷作过以色列的王。
Mwen menm, nèg fò, mwen te wa peyi Izrayèl nan lavil Jerizalèm.
我专心用智慧寻求、查究天下所做的一切事,乃知 神叫世人所经练的是极重的劳苦。
Mwen te soti pou m' te fouye, pou m' te egzaminen tou sa k'ap fèt sou latè nan tout ti detay yo. Travay Bondye bay moun fè sou latè a pa manke rèd.
我见日光之下所做的一切事,都是虚空,都是捕风。
Mwen wè tou sa k'ap fèt sou latè. Anyen pa vo anyen! Anyen pa rapòte anyen.
弯曲的,不能变直;缺少的,不能足数。
Ou pa ka drese sa ki fin kwochi. Ou pa ka konte sa ou pa genyen.
我心里议论说:我得了大智慧,胜过我以前在耶路撒冷的众人,而且我心中多经历智慧和知识的事。
Mwen di nan kè mwen: Mwen vin grannèg. Mwen vin pi fò pase tout wa ki t'ap gouvènen lavil Jerizalèm anvan m' yo. Mwen konnen sa ki rele gen konprann ak konesans.
我又专心察明智慧、狂妄,和愚昧,乃知这也是捕风。
Mwen te soti pou m' te konnen diferans ki genyen ant moun ki gen konprann ak moun egare, ant moun ki gen konesans ak moun sòt. Men, la ankò, mwen wè anyen pa rapòte anyen.
因为多有智慧,就多有愁烦;加增知识的,就加增忧伤。
Paske plis ou gen konprann, se plis ou nan tèt chaje. Plis ou konnen, se plis ou soufri.