Deuteronomy 4

「以色列人哪,现在我所教训你们的律例典章,你们要听从遵行,好叫你们存活,得以进入耶和华─你们列祖之 神所赐给你们的地,承受为业。
Apre sa, Moyiz di pèp la: -Koulye a, nou menm pèp Izrayèl, se pou nou kenbe tout lòd ak tout prensip mwen te moutre nou yo. Se pou nou mache dapre lòd sa yo pou nou ka viv, pou nou ka antre nan peyi Seyè a, Bondye zansèt nou yo, ap ban nou an.
所吩咐你们的话,你们不可加添,也不可删减,好叫你们遵守我所吩咐的,就是耶和华─你们 神的命令。
Piga nou mete, piga nou wete anyen sou sa mwen mande nou fè a. Se pou nou kenbe tout kòmandman Seyè a, Bondye nou an, jan mwen te moutre nou yo a.
耶和华因巴力毗珥的事所行的,你们亲眼看见了。凡随从巴力毘珥的人,耶和华─你们的 神都从你们中间除灭了。
Nou menm, nou te wè sa Seyè a te fè bò mòn Peyò a, lè li te touye tout moun nan mitan nou ki te al fè sèvis pou Baal sou mòn lan.
惟有你们专靠耶和华─你们 神的人,今日全都存活。
Men, nou menm ki pa t' lage pye Seyè a, Bondye nou an, nou tout la byen vivan toujou.
我照著耶和华─我 神所吩咐的将律例典章教训你们,使你们在所要进去得为业的地上遵行。
Gade! Mwen te moutre nou tout lòd ak tout regleman, jan Seyè a, Bondye mwen an, te mande m' fè l' la, pou nou te ka viv dapre lòd sa yo nan peyi nou pral pran pou nou an.
所以你们要谨守遵行;这就是你们在万民眼前的智慧、聪明。他们听见这一切律例,必说:『这大国的人真是有智慧,有聪明!』
Se pou nou kenbe yo, se pou nou fè tou sa yo mande nou fè ladan yo. Paske, se konsa n'a fè lòt nasyon yo wè jan nou gen konprann, jan nou gen lespri. Lè y'a rive tande pale tout lòd sa yo, y'a di: Ala yon gwo pèp, papa! Pèp sa a gen tan gen konprann, yo gen tan gen lespri!
哪一大国的人有 神与他们相近,像耶和华─我们的 神、在我们求告他的时候与我们相近呢?
Paske pa gen lòt nasyon, li te mèt gran kou l' gran, ki gen yon Bondye toupre yo, yon Bondye k'ap kanpe la avèk yo, tankou Seyè a, Bondye nou an, fè l' pou nou chak fwa nou rele l'.
又哪一大国有这样公义的律例典章、像我今日在你们面前所陈明的这一切律法呢?
Pa gen lòt nasyon, li te mèt gran kou l' gran, ki gen bon lòd ak bon prensip pou regle tout bagay san patipri tankou lalwa mwen mete devan nou jòdi a.
「你只要谨慎,殷勤保守你的心灵,免得忘记你亲眼所看见的事,又免得你一生这事离开你的心;总要传给你的子子孙孙。
Tansèlman, veye kò nou! Atansyon pou nou pa janm bliye bagay nou te wè ak pwòp je nou, pou nou pa janm wete yo nan lide nou pandan tout lavi nou. Okontrè, se pou nou moutre pitit nou ak pitit pitit nou yo tout bagay sa yo.
你在何烈山站在耶和华─你 神面前的那日,耶和华对我说:『你为我招聚百姓,我要叫他们听见我的话,使他们存活在世的日子,可以学习敬畏我,又可以教训儿女这样行。』
Pa bliye jou nou te kanpe sou mòn Orèb la, devan Seyè a, Bondye nou an. Lè sa a, li te di mwen: Sanble tout pèp la pou m' ka fè yo tande pawòl mwen gen pou m' di yo, pou yo aprann respekte m' pandan tout lavi yo sou latè, lèfini pou yo moutre pitit yo fè menm bagay la tou.
那时你们近前来,站在山下;山上有火焰冲天,并有昏黑、密云、幽暗。
N'a di yo ki jan nou te pwoche bò pye mòn lan. Lè sa a, gwo flanm dife t'ap soti sou mòn lan, yo t'ap moute byen wo nan syèl la.
耶和华从火焰中对你们说话,你们只听见声音,却没有看见形像。
Seyè a rete nan mitan dife a li pale ak nou. Se bri bouch li ase nou te tande ap pale.
他将所吩咐你们当守的约指示你们,就是十条诫,并将这诫写在两块石版上。
Seyè a te fè nou konnen kontra li te pase ak nou an. Li mande nou pou nou kenbe l'. Li te ekri dis kòmandman yo sou de wòch plat yo, li mande pou nou swiv yo.
那时耶和华又吩咐我将律例典章教训你们,使你们在所要过去得为业的地上遵行。」
Lè sa a, Seyè a pase m' lòd pou m' moutre nou tout lwa ak tout prensip nou gen pou nou swiv nan peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou an.
所以,你们要分外谨慎;因为耶和华在何烈山、从火中对你们说话的那日,你们没有看见什么形像。
Veye kò nou, tande! Se pou byen nou wi! Lè Seyè a te pale ak nou nan mitan dife a, sou mòn Orèb la, nou pa t' wè anyen ki ta sanble ak yon bagay.
惟恐你们败坏自己,雕刻偶像,彷彿什么男像女像,
Piga nou fè sa nou pa dwe fè. Piga n' al fè ankenn zidòl pou nou adore, kit li gen fòm gason, osinon fòm fanm,
或地上走兽的像,或空中飞鸟的像,
kit li gen fòm zannimo oswa fòm zwazo,
或地上爬物的像,或地底下水中鱼的像。
kit li gen fòm bèt k'ap trennen sou vant yo osinon fòm pwason.
又恐怕你向天举目观看,见耶和华─你的 神为天下万民所摆列的日月星,就是天上的万象,自己便被勾引敬拜事奉它。
Konsa tou, lè nou leve je nou nan syèl la, nou wè solèy la, lalin lan, zetwal yo ak tout lòt bagay ki anwo nan syèl la. Pa kite yo vire tèt nou pou nou fè sèvis pou yo. Pa al mete ajenou devan yo. Bondye mete yo la pou sèvis tout moun ki sou latè.
耶和华将你们从埃及领出来,脱离铁炉,要特作自己产业的子民,像今日一样。
Kanta nou menm, Seyè a te pran nou, li fè nou soti kite peyi Lejip ki te pou nou tankou yon gwo fou dife kote yo fonn fè, epi li fè nou tounen sa nou ye koulye a: yon pèp ki rele l' pa l'.
耶和华又因你们的缘故向我发怒,起誓必不容我过约旦河,也不容我进入耶和华─你 神所赐你为业的那美地。
Men, Seyè a, Bondye nou an, te fache sou mwen poutèt nou. Li fè sèman li p'ap kite m' janbe lòt bò larivyè Jouden an, ni li p'ap kite m' mete pwent pye m' nan bon peyi li menm, Seyè a, Bondye nou an, ap fè nou kado a.
我只得死在这地,不能过约旦河;但你们必过去得那美地。
Se konsa, mwen menm, m'ap mouri bò isit la, mwen p'ap janbe lòt bò larivyè Jouden an. Men, nou menm, n'ap janbe lòt bò larivyè a, nou pral pran bon peyi sa a pou nou.
你们要谨慎,免得忘记耶和华─你们 神与你们所立的约,为自己雕刻偶像,就是耶和华─你 神所禁止你做的偶像;
Veye kò nou pou nou pa janm bliye kontra Seyè a, Bondye nou an, te pase ak nou an. Piga nou janm fè ankenn zidòl, ankenn pòtre bagay Seyè a, Bondye nou an, te defann nou fè.
因为耶和华─你的 神乃是烈火,是忌邪的 神。
Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki fè jalouzi anpil, li tankou yon dife k'ap boule tout bagay kote l' pase.
「你们在那地住久了,生子生孙,就雕刻偶像,彷彿什么形像,败坏自己,行耶和华─你 神眼中看为恶的事,惹他发怒。
Lè n'a gen pitit ak pitit pitit, lè n'a fin vye granmoun nan peyi a, piga nou fè sa nou pa t' dwe fè. Piga nou fè estati osinon pòtre ankenn bagay pou nou fè sèvis pou yo. Piga nou fè sa ki mal nan je Seyè a, Bondye nou an, pou nou fè l' fache.
我今日呼天唤地向你们作见证,你们必在过约旦河得为业的地上速速灭尽!你们不能在那地上长久,必尽行除灭。
Si nou fè bagay konsa, men m'ap pran syèl la ak latè a pou temwen pou yo tande sa m'ap di nou jòdi a: N'ap rete konsa, n'ap disparèt nan peyi nou pral pran pou nou lòt bò larivyè Jouden an. Nou p'ap rete lontan nan peyi a, paske nou tout pral disparèt nèt.
耶和华必使你们分散在万民中;在他所领你们到的万国里,你们剩下的人数稀少。
Seyè a pral gaye nou toupatou nan mitan lòt nasyon yo. Se yon ti ponyen moun ase nan nou ki p'ap mouri nan peyi kote Seyè a pral mennen nou an.
在那里,你们必事奉人手所造的神,就是用木石造成、不能看、不能听、不能吃、不能闻的神。
Lè n'a rive nan peyi sa yo, nou pral fè sèvis pou bondye moun fè ak men yo, pou zidòl fèt an bwa, osinon an wòch, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka manje, ki pa ka pran sant anyen.
但你们在那里必寻求耶和华─你的 神。你尽心尽性寻求他的时候,就必寻见。
Men, lè sa a, n'a pran chache Seyè a, Bondye nou an. Si nou chache l' ak tout kè nou, n'a jwenn li.
日后你遭遇一切患难的时候,你必归回耶和华─你的 神,听从他的话。
Men, lè n'a gen kè sere, lè tout bagay sa yo va rive nou vre, bout pou bout yon jou n'a tounen nan pye Seyè a, Bondye nou an. N'a koute tou sa l' t'ap di nou an.
耶和华─你 神原是有怜悯的 神;他总不撇下你,不灭绝你,也不忘记他起誓与你列祖所立的约。
Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki gen bon kè, li p'ap lage nou, ni li p'ap detwi nou. Li p'ap janm bliye kontra li menm li te pase ak zansèt nou yo, kontra li te fè sèman l'ap toujou kenbe a.
「你且考察在你以前的世代,自 神造人在世以来,从天这边到天那边,曾有何民听见 神在火中说话的声音,像你听见还能存活呢?这样的大事何曾有、何曾听见呢?
Chache konnen sa ki te pase nan tan lontan, nan tan ki te la anvan nou te fèt, depi lè Bondye te mete moun sou latè. Ale toupatou sou latè, mande si yon gwo bagay konsa te janm rive. Eske yo janm tande yon gwo koze tankou koze sa a?
并入上节
Eske janm gen yon pèp ki te tande Bondye rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan nou menm nou te tande l' la, epi ki pa mouri apre sa?
 神何曾从别的国中将一国的人民领出来,用试验、神迹、奇事、争战、大能的手,和伸出来的膀臂,并大可畏的事,像耶和华─你们的 神在埃及,在你们眼前为你们所行的一切事呢?
Eske te janm gen yon bondye ki te penmèt li al chache yon pèp nan mitan yon lòt pèp pou fè li tounen pèp pa li, yon bondye ki te janm fè tout mirak ak tout bèl bagay sa yo, yon bondye ki te janm goumen tout goumen sa yo ak fòs ponyèt li, ak gwo kouraj li epi ki te fè anpil bagay pou fè moun tranble jan Seyè a, Bondye nou an, te fè l' pou nou devan je nou nan peyi Lejip la?
这是显给你看,要使你知道,惟有耶和华─他是 神,除他以外,再无别神。
Se nou menm sèl Seyè a te fè wè tou sa pou nou te ka konnen se Seyè a ki sèl Bondye tout bon an, pa gen lòt ankò.
他从天上使你听见他的声音,为要教训你,又在地上使你看见他的烈火,并且听见他从火中所说的话。
Li rete nan syèl la, li fè nou tande vwa l' pou l' te ka moutre nou anpil bagay. Sou latè menm, li fè nou wè yon gwo dife, epi li rete nan mitan dife a, li pale ak nou.
因他爱你的列祖,所以拣选他们的后裔,用大能亲自领你出了埃及,
Li te renmen zansèt nou yo, li te chwazi pitit pitit yo apre yo, kifè li te fè yo santi li la ak yo, li fè yo wè gwo pouvwa li, li fè yo soti kite peyi Lejip.
要将比你强大的国民从你面前赶出,领你进去,将他们的地赐你为业,像今日一样。
Lèfini, li fè yon bann nasyon ki pi gran, ki pi fò pase nou kouri mete deyò pou fè plas ban nou. Li fè nou antre nan peyi yo. Li ban nou yo pou yo rele nou pa nou, jan sa ye jouk jòdi a.
所以,今日你要知道,也要记在心上,天上地下惟有耶和华他是 神,除他以外,再无别神。
Bon. Koulye a, konprann sa byen. Pa janm bliye se Seyè a ki Bondye anwo nan syèl la ak isit la sou latè. Wi, se li menm, pa gen lòt.
我今日将他的律例诫命晓谕你,你要遵守,使你和你的子孙可以得福,并使你的日子在耶和华─你 神所赐的地上得以长久。」
Se pou nou swiv tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou jòdi a. Konsa, ni nou menm, ni tout pitit nou yo apre nou, n'a viv lontan ak kè kontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou rele nou pa nou pou tout tan.
「那时,摩西在约旦河东,向日出之地,分定三座城,
Apre sa, Moyiz chwazi twa lavil lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve,
使那素无仇恨、无心杀了人的,可以逃到这三城之中的一座城,就得存活:
lavil kote moun gen dwa kouri al kache si li ta touye yon moun pèp Izrayèl parèy li san li pa fè espre, san li pa janm gen anyen avè l'. Li gen dwa al kache kò l' nan yonn nan lavil sa yo pou yo pa touye l'.
为流便人分定旷野平原的比悉;为迦得人分定基列的拉末;为玛拿西人分定巴珊的哥兰。」
Pou moun branch fanmi Woubenn yo, se te lavil Bezè nan dezè ki anwo sou platon an. Pou moun branch fanmi Gad yo, se te lavil Ramòt nan zòn Galarad la. Pou moun fanmi Manase yo, se te lavil Golan nan peyi Bazan.
摩西在以色列人面前所陈明的律法─
Men lalwa Moyiz te mete devan moun pèp Izrayèl yo.
就是摩西在以色列人出埃及后所传给他们的法度、律例、典章;
Men kòmandman, lòd ak prensip Moyiz te ba yo apre yo te fin soti kite peyi Lejip.
在约旦河东伯‧毗珥对面的谷中,在住希实本、亚摩利王西宏之地;这西宏是摩西和以色列人出埃及后所击杀的。
Lè sa a, yo te deja rive lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve, nan fon ki anfas Bètpeyò a, nan peyi wa Siyon an. Siyon sa a te wa peyi Amori a, li te rete lavil Esbon. Men, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo te bat li apre yo te fin soti kite peyi Lejip la.
他们得了他的地,又得了巴珊王噩的地,就是两个亚摩利王,在约旦河东向日出之地。
Yo pran peyi a nan men l'. Yo fè menm bagay la tou nan peyi Bazan, kote wa Og t'ap gouvènen an. De wa peyi Amori sa yo t'ap viv lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve.
从亚嫩谷边的亚罗珥,直到西云山,就是黑门山。
Peyi yo te pran an te konmanse depi lavil Awoyè ki sou tèt falèz toupre larivyè Anon an, li rive jouk mòn Siryon. Yo rele mòn sa a mòn Emon tou.
还有约旦河东的全亚拉巴,直到亚拉巴海,靠近毘斯迦山根。
Yo te pran tou tout zòn Araba a, ki sou bò solèy leve larivyè Jouden an, rive lanmè Mouri a nan pye mòn Pisga.