Deuteronomy 27

摩西和以色列的众长老吩咐百姓说:「你们要遵守我今日所吩咐的一切诫命。
Lè sa a, Moyiz ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo bay pèp la lòd sa yo: -Se pou nou fè tou sa mwen mande nou fè jòdi a.
你们过约旦河,到了耶和华─你 神所赐给你的地,当天要立起几块大石头,墁上石灰,
Lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an, pou nou antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an, n'a pran kèk gwo wòch, n'a mete yo kanpe, n'a blanchi yo ak lacho.
把这律法的一切话写在石头上。你过了河,可以进入耶和华─你 神所赐你流奶与蜜之地,正如耶和华─你列祖之 神所应许你的。
Apre sa, n'a ekri sou yo tout lòd ki nan lalwa sa a. Lè n'a fin antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an, peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo jan li te pwomèt zansèt nou yo,
你们过了约旦河,就要在以巴路山上照我今日所吩咐的,将这些石头立起来,墁上石灰。
lè n'a fin janbe lòt bò larivyè Jouden an, n'a kanpe wòch sa yo sou tèt mòn Ebal, jan mwen di nou li jòdi a. N'a blanchi yo ak lacho.
在那里要为耶和华─你的 神筑一座石坛;在石头上不可动铁器。
N'a pran wòch, n'a moute yon lòtèl la tou pou Seyè a, Bondye nou an. Pa travay wòch n'a pran pou n' fè lòtèl la ak sizo.
要用没有凿过的石头筑耶和华─你 神的坛,在坛上要将燔祭献给耶和华─你的 神。
Se pou n' pran wòch yo konsa, jan nou jwenn yo a, pou nou bati lòtèl Seyè a, Bondye nou an. Se la n'a touye bèt nou ofri pou yo boule nèt pou Seyè a.
又要献平安祭,且在那里吃,在耶和华─你的 神面前欢乐。
Se la n'a fè ofrann bèt pou yo touye pou di Bondye mesi. Se la n'a manje ofrann nou yo, se la n'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an.
你要将这律法的一切话明明地写在石头上。」
N'a ekri sou wòch yo tout lòd ki nan lalwa sa a. N'a ekri yo pou tout moun ka li yo.
摩西和祭司利未人晓谕以色列众人说:「以色列啊,要默默静听。你今日成为耶和华─你 神的百姓了。
Apre sa, Moyiz ansanm ak prèt moun Levi yo pale ak tout pèp la. Li di yo konsa: -Nou menm, moun pèp Izrayèl yo, fè yon ti silans pou mwen, tanpri. Koute byen. Depi jòdi a se pèp Seyè a, Bondye nou an, nou ye.
所以要听从耶和华─你 神的话,遵行他的诫命律例,就是我今日所吩咐你的。」
Se pou nou obeyi l', se pou nou swiv tout lòd ak tout regleman mwen ban nou jòdi a.
当日,摩西嘱咐百姓说:
Menm jou sa a, Moyiz bay pèp Izrayèl la lòd sa a:
「你们过了约旦河,西缅、利未、犹大、以萨迦、约瑟、便雅悯六个支派的人都要站在基利心山上为百姓祝福。
-Lè n'a fin pase larivyè Jouden an, moun branch fanmi Simeyon, moun branch fanmi Levi, moun branch fanmi Jida, moun branch fanmi Isaka, moun branch fanmi Jozèf ak moun branch fanmi Benjamen yo va moute kanpe sou mòn Garizim lè y'ap beni pèp la.
流便、迦得、亚设、西布伦、但、拿弗他利六个支派的人都要站在以巴路山上宣布咒诅。
Moun branch fanmi Woubenn, moun branch fanmi Gad, moun branch fanmi Asè, moun branch fanmi Zabilon, moun branch fanmi Dann ak moun branch fanmi Neftali yo va moute kanpe sou mòn Ebal lè y'ap bay pèp la madichon.
利未人要向以色列众人高声说:
Moun Levi yo va pale ak pèp la, y'a rele byen fò pou tout moun ka tande:
「『有人制造耶和华所憎恶的偶像,或雕刻,或铸造,就是工匠手所做的,在暗中设立,那人必受咒诅!』百姓都要答应说:『阿们!』
-Madichon Bondye pou tout moun ki fè travay yon wòch ak sizo osinon fè fonn metal pou fè yon zidòl, epi lèfini ki kache l' yon kote pou l' fè sèvis pou li. Se yon bondye moun fè ak men yo. Seyè a pa vle wè bagay konsa! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
「『轻慢父母的,必受咒诅!』百姓都要说:『阿们!』
-Madichon pou moun ki derespekte manman l' al papa l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
「『挪移邻舍地界的,必受咒诅!』百姓都要说:『阿们!』
-Madichon pou moun ki deplase bòn tè yon moun pèp Izrayèl parèy li! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
「『使瞎子走差路的,必受咒诅!』百姓都要说:『阿们!』
-Madichon Bondye pou moun ki fè yon avèg pèdi chemen l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
「『向寄居的和孤儿寡妇屈枉正直的,必受咒诅!』百姓都要说:『阿们!』
-Madichon Bondye pou moun k'ap fè pasdwa sou moun lòt nasyon yo, sou timoun ki san papa ak sou vèv yo! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
「『与继母行淫的,必受咒诅!因为掀开他父亲的衣襟。』百姓都要说:『阿们!』
-Madichon Bondye pou tout gason ki va kouche ak madanm papa l', paske se avili l'ap avili papa l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
「『与兽淫合的,必受咒诅!』百姓都要说:『阿们!』
-Madichon Bondye pou tout moun ki kwaze ak nenpòt ki bèt! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
「『与异母同父,或异父同母的姊妹行淫的,必受咒诅!』百姓都要说:『阿们!』
-Madichon Bondye pou tout moun ki kouche avèk sè li, kit se pitit fi papa l', kit se pitit fi manman l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
「『与岳母行淫的,必受咒诅!』百姓都要说:『阿们!』
-Madichon Bondye pou moun ki kouche ak bèlmè li, manman madanm li! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
「『暗中杀人的,必受咒诅!』百姓都要说:『阿们!』
-Madichon Bondye pou moun ki touye yon lòt moun Izrayèl parèy li an kachèt! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
「『受贿赂害死无辜之人的,必受咒诅!』百姓都要说:『阿们!』
-Madichon Bondye pou moun ki asepte lajan pou touye yon inonsan! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
「『不坚守遵行这律法言语的,必受咒诅!』百姓都要说:『阿们!』
-Madichon Bondye pou moun ki pa kenbe pawòl ki nan lalwa a, ki pa fè sa yo di ladan l'! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!