Deuteronomy 15

「每逢七年末一年,你要施行豁免。
Chak sètan n'a annile dèt tout moun ki dwe nou, n'a kite lajan an pou yo.
豁免的定例乃是这样:凡债主要把所借给邻舍的豁免了;不可向邻舍和弟兄追讨,因为耶和华的豁免年已经宣告了。
Men ki jan n'a fè l': Tout moun ki te prete yon moun pèp Izrayèl parèy li lajan va kite lajan an pou li. Depi lè a rive pou yo annile tout dèt pou Seyè a, li p'ap ka egzije pou lòt la renmèt li lajan an ankò.
若借给外邦人,你可以向他追讨;但借给你弟兄,无论是什么,你要松手豁免了。
N'a gen dwa egzije pou moun lòt nasyon yo peye nou sa yo dwe nou. Men, nenpòt kisa yon moun pèp Izrayèl parèy nou dwe nou, n'a kite l' pou li.
你若留意听从耶和华─你 神的话,谨守遵行我今日所吩咐你这一切的命令,就必在你们中间没有穷人了(在耶和华─你 神所赐你为业的地上,耶和华必大大赐福与你。)
Konsa, p'ap gen moun pòv nan mitan nou, paske Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi l'ap ban nou pou byen eritaj nou an, nan peyi nou pral pran pou nou an.
并入上一节
Men, se pou nou toujou obeyi Seyè a, se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a.
因为耶和华─你的 神必照他所应许你的赐福与你。你必借给许多国民,却不致向他们借贷;你必管辖许多国民,他们却不能管辖你。
Wi, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou, jan li te pwomèt nou an, konsa n'a gen lajan pou prete anpil lòt nasyon. Men, nou menm nou p'ap janm bezwen prete nan men pesonn. N'a donminen sou anpil lòt pèp. Men, yo yonn p'ap gen pye sou kou nou.
「在耶和华─你 神所赐你的地上,无论那一座城里,你弟兄中若有一个穷人,你不可忍著心、揝著手不帮补你穷乏的弟兄。
Si ta gen yon pòv nan mitan moun pèp Izrayèl parèy nou yo k'ap viv nan yonn nan lavil nan peyi Seyè a te ban nou an, pa fèmen kè nou, pa refize lonje men bay frè nou ki nan nesesite.
总要向他松开手,照他所缺乏的借给他,补他的不足。
Okontrè, se pou nou lonje men ba li, n'a prete l' lajan pou l' achte tou sa li bezwen.
你要谨慎,不可心里起恶念,说:『第七年的豁免年快到了』,你便恶眼看你穷乏的弟兄,什么都不给他,以致他因你求告耶和华,罪便归于你了。
Pa kite ankenn move lide pase nan tèt nou pou nou ta di: Nou toupre setyèm lanne a, lanne pou nou annile dèt tout moun ki dwe nou, epi pou nou fè move jan ak frè parèy nou ki nan nesesite, pou nou derefize prete l' anyen. Paske lè sa a, l'a rele Seyè a, l'a pale l' pou nou, epi n'a gen tò.
你总要给他,给他的时候心里不可愁烦;因耶和华─你的 神必在你这一切所行的,并你手里所办的事上,赐福与你。
Non. Se pou nou prete l' epi lè n'ap prete l', se pou ou fè l' ak tout kè ou. Konsa, poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou, nan tou sa n'ap fè.
原来那地上的穷人永不断绝;所以我吩咐你说:『总要向你地上困苦穷乏的弟兄松开手。』」
Va toujou gen kèk moun nan pèp Izrayèl la k'ap nan nesesite. Se poutèt sa mwen mande nou pou nou aprann louvri men nou bay frè parèy nou ki pòv osinon ki nan nesesite nan peyi nou an.
「你弟兄中,若有一个希伯来男人或希伯来女人被卖给你,服事你六年,到第七年就要任他自由出去。
Si yon moun menm ras ak nou, kit se gason, kit se fanm, vin vann tèt li ban nou pou li sèvi nou esklav, li va sèvi nou sizan. Lè setyèm lanne a va rive, se pou nou kite l' al fè wout li.
你任他自由的时候,不可使他空手而去,
Lè n'ap ranvwaye l' la, pa kite l' ale san nou pa ba li anyen.
要从你羊群、禾场、酒醡之中多多地给他;耶和华─你的 神怎样赐福与你,你也要照样给他。
Men, n'a fè l' kado nan bèt nou yo, nan rekòt jaden nou, nan diven nou ak lwil nou, ki vle di n'a separe avè l' byen Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou benediksyon.
要记念你在埃及地作过奴仆,耶和华─你的 神将你救赎;因此,我今日吩咐你这件事。
Pa bliye se esklav nou te ye tou nan peyi Lejip la, epi se Seyè a, Bondye nou an, ki te delivre nou. Se poutèt sa mwen ban nou lòd sa a jòdi a.
他若对你说:『我不愿意离开你』,是因他爱你和你的家,且因在你那里很好,
Men, si yon esklav konsa di nou li p'ap kite nou, paske li renmen nou ansanm ak tout moun lakay nou, paske nou aji byen avè l',
你就要拿锥子将他的耳朵在门上刺透,他便永为你的奴仆了。你待婢女也要这样。
lè sa a, n'a pran yon bagay pwenti, n'a fè l' pwoche bò pòt devan lakay nou, n'a pèse zòrèy li. Konsa, l'a rete ap sèvi nou pou tout tan jouk li mouri. N'a fè menm bagay la tou pou fanm ki esklav lakay nou.
你任他自由的时候,不可以为难事,因他服事你六年,较比雇工的工价多加一倍了。耶和华─你的 神就必在你所做的一切事上赐福与你。」
Piga nou janm wè sa twò rèd pou nou voye yon esklav tounen lakay li, paske li te sèvi nou pandan sizan pou mwatye pri nou ta peye yon moun k'ap travay pou lajan lakay nou. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fè.
「你牛群羊群中头生的,凡是公的,都要分别为圣,归耶和华─你的 神。牛群中头生的,不可用牠耕地;羊群中头生的,不可剪毛。
Tout premye pitit mal fenmèl bèf nou osinon fenmèl mouton nou va fè, n'a mete yo apa pou Bondye, Seyè a. Piga nou janm fè premye ti towo fenmèl bèf nou fè a travay pou nou. Ni nou pa dwe janm taye lenn ki sou premye ti belye mouton fenmèl mouton nou yo fè a.
这头生的,你和你的家属,每年要在耶和华所选择的地方,在耶和华─你 神面前吃。
Chak lanne, nou menm ak tout fanmi nou, n'a manje yo devan Seyè a, kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi a.
这头生的若有什么残疾,就如瘸腿的、瞎眼的,无论有什么恶残疾,都不可献给耶和华─你的 神;
Men, si l'ap bwete, osinon si li pèdi yon je, oswa si li gen nenpòt lòt enfimite ki konsekan, se pa pou nou touye l' pou Seyè a, Bondye nou an.
可以在你城里吃;洁净人与不洁净人都可以吃,就如吃羚羊与鹿一般。
N'a manje l' lakay nou, tout moun va manje ladan l', kit yo nan kondisyon pou sèvi Bondye, kit yo pa nan kondisyon pou fè l', menm jan yo konn manje vyann gazèl ak vyann towo bèf.
只是不可吃牠的血;要倒在地上,如同倒水一样。」
Tansèlman, piga nou manje san l'. Se pou nou vide tout san an atè tankou dlo.