Colossians 3

所以,你们若真与基督一同复活,就当求在上面的事;那里有基督坐在 神的右边。
Nou menm ki deja leve soti vivan ansanm ak Kris la nan lanmò, se pou nou chache bagay ki anwo nan syèl la kote Kris la chita sou bò dwat Bondye.
你们要思念上面的事,不要思念地上的事。
Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la.
因为你们已经死了,你们的生命与基督一同藏在 神里面。
Konnen sa byen: nou mouri deja, lavi nou kache ansanm ak Kris la nan Bondye.
基督是我们的生命,他显现的时候,你们也要与他一同显现在荣耀里。
Se Kris la ki lavi nou tout bon. Lè la parèt, nou menm tou n'a parèt ansanm avè l' nan tout bèl pouvwa li.
所以,要治死你们在地上的肢体,就如淫乱、污秽、邪情、恶欲,和贪婪。贪婪就与拜偶像一样。
Se poutèt sa, se pou nou detwi nan nou tou sa ki soti nan lemonn tankou: imoralite, malpwòpte, move dezi, move lanvi, renmen lajan (ki menm jan ak sèvi zidòl).
因这些事, 神的忿怒必临到那悖逆之子。
Se tout bagay sa yo ki fè kòlè Bondye tonbe sou moun ki derefize obeyi li.
当你们在这些事中活著的时候,也曾这样行过。
Se konsa nou t'ap viv nan tan lontan lè nou te anba pouvwa peche sa yo.
但现在你们要弃绝这一切的事,以及恼恨、忿怒、恶毒(或作:阴毒)、毁谤,并口中污秽的言语。
Men koulye a, pa fè kòlè, pa fè move san ni okenn mechanste. Se pou nou voye tout bagay sa yo jete. Pa kite okenn jouman ni okenn gwomo soti nan bouch nou.
不要彼此说谎;因你们已经脱去旧人和旧人的行为,
Pa bay frè nou yo manti. Paske, nou voye vye moun nou te ye a jete ansanm ak tout vye mès li yo.
穿上了新人。这新人在知识上渐渐更新,正如造他主的形像。
Koulye a, nou tounen yon lòt kalite moun, n'ap chanje jouk n'a rive sanble ak Bondye ki kreye nou an pou n' te ka konnen l' nèt.
在此并不分希腊人、犹太人,受割礼的、未受割礼的,化外人,西古提人,为奴的、自主的,惟有基督是包括一切,又住在各人之内。
Se sak fè, pa gen moun ki jwif ak moun ki pa jwif ankò, pa gen moun ki sikonsi ak moun ki pa sikonsi ankò, pa gen moun ki etranje, ni moun ki bèt, pa gen moun ki esklav ak moun ki pa esklav. Se Kris la ki tout, se li ki nan nou tout.
所以,你们既是 神的选民,圣洁蒙爱的人,就要存(原文作穿;下同)怜悯、恩慈、谦虚、温柔、忍耐的心。
Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n' ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n' aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.
倘若这人与那人有嫌隙,总要彼此包容,彼此饶恕;主怎样饶恕了你们,你们也要怎样饶恕人。
Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou.
在这一切之外,要存著爱心,爱心就是联络全德的。
Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k'ap mare nou ansanm yonn ak lòt.
又要叫基督的平安在你们心里作主;你们也为此蒙召,归为一体;且要存感谢的心。
Se pou nou viv byen yonn ak lòt, jan Kris la vle l' la. Paske, Bondye rele nou pou nou viv byen yonn ak lòt pou nou ka fè yon sèl kò. Toujou chonje sa li fè pou nou.
当用各样的智慧,把基督的道理丰丰富富的存在心里(或作:当把基督的道理丰丰富富的存在心里,以各样的智慧),用诗章、颂词、灵歌,彼此教导,互相劝戒,心被恩感,歌颂 神。
Kenbe pawòl Kris la ak tout richès li yo byen fèm nan kè nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou nou yonn bay lòt konsèy avèk anpil bon konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante Lespri Bondye a va moutre nou, pou di Bondye mèsi ak tout kè nou.
无论做什么,或说话或行事,都要奉主耶稣的名,借著他感谢父 神。
Tou sa n'ap fè, tou sa n'ap di, fè l' nan non Seyè Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mèsi nan li.
你们作妻子的,当顺服自己的丈夫,这在主里面是相宜的。
Nou menm medam, soumèt devan mari nou paske se konsa pou moun ki kwè nan Seyè a aji.
你们作丈夫的,要爱你们的妻子,不可苦待她们。
Nou menm mari, renmen madanm nou. Pa fè move jan ak yo.
你们作儿女的,要凡事听从父母,因为这是主所喜悦的。
Nou menm timoun, se devwa nou pou nou obeyi manman nou ak papa nou nan tout bagay. Se sa ki fè Bondye plezi.
你们作父亲的,不要惹儿女的气,恐怕他们失了志气。
Nou menm papa ak manman, pa rele sou timoun yo twòp pou sa pa dekouraje yo.
你们作仆人的,要凡事听从你们肉身的主人,不要只在眼前事奉,像是讨人喜欢的,总要存心诚实敬畏主。
Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a nan tout bagay. Se pa sèlman lè nou anba je yo pou nou obeyi yo, tankou moun k'ap fè lèzòm plezi. Men, se pou n' obeyi yo ak tout kè nou, akòz respè nou gen pou Seyè a.
无论做什么,都要从心里做,像是给主做的,不是给人做的,
Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l' ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Seyè a.
因你们知道从主那里必得著基业为赏赐;你们所事奉的乃是主基督。
Chonje byen: Seyè a gen pou ban nou rekonpans nou: l'ap ban nou eritaj li sere pou moun pa l' yo. Paske, mèt n'ap sèvi tout bon an se Kris la.
那行不义的必受不义的报应;主并不偏待人。
Men, moun ki fè sa ki mal va resevwa sa ki pou li dapre mal li te fè a. Paske, Bondye pa gade sou figi moun.