Acts 5

有一个人,名叫亚拿尼亚,同他的妻子撒非喇卖了田产,
Konsa tou, yon nonm yo te rele Ananyas ak Safira madanm li vann yon tè yo te genyen.
把价银私自留下几分,他的妻子也知道,其余的几分拿来放在使徒脚前。
Men, dakò ak madanm li, Ananyas kenbe enpe nan lajan an pou li, epi li al renmèt apòt yo rès la.
彼得说:亚拿尼亚!为什么撒但充满了你的心,叫你欺哄圣灵,把田地的价银私自留下几分呢?
Lè sa a, Pyè di li: Ananyas, ki jan ou fè kite Satan antre nan kè ou pou l' fè ou bay Sentespri manti, pou l' fè ou kenbe enpe nan lajan tè a pou ou?
田地还没有卖,不是你自己的么?既卖了,价银不是你作主么?你怎么心里起这意念呢?你不是欺哄人,是欺哄 神了。
Anvan ou te vann tè a, se pa pou ou li te ye? Apre ou te fin vann li, tout lajan an te pou ou, pa vre? Ki jan ou fè mete nan tèt ou pou fè yon bagay konsa? Se pa moun ou bay manti non. Se Bondye ou twonpe.
亚拿尼亚听见这话,就仆倒,断了气;听见的人都甚惧怕。
Lè Ananyas tande pawòl sa yo, li tonbe, li mouri frèt. Tout moun ki tande nouvèl la te pè anpil.
有些少年人起来,把他包裹,抬出去埋葬了。
Men, kèk jenn gason vini, yo vlope kò a; yo pran l', y' al antere li.
约过了三小时,他的妻子进来,还不知道这事。
Twazèdetan apre, madanm Ananyas, ki pa t' konn sak te rive, vin antre.
彼得对她说:你告诉我,你们卖田地的价银就是这些吗?她说:就是这些。
Pyè mande li: Di mwen, èske se pou pri sa a nou te vann jaden an? Li reponn: Wi, se pou pri sa a.
彼得说:你们为什么同心试探主的灵呢?埋葬你丈夫之人的脚已到门口,他们也要把你抬出去。
Lè sa a, Pyè di li: Poukisa, ou menm ak mari ou, nou fè konbinezon sa a ansanm pou n' chache pran Lespri Bondye a nan pèlen? Koute: Moun ki antere mari ou la, men yo la nan papòt la. Yo pral pote ou ale, ou menm tou.
妇人立刻仆倒在彼得脚前,断了气。那些少年人进来,见她已经死了,就抬出去,埋在她丈夫旁边。
Menm lè a, li tonbe atè nan pye Pyè, li mouri frèt. Jenn gason yo antre, yo jwenn li mouri. Yo pran l', y' al antere bò kot mari li.
全教会和听见这事的人都甚惧怕。
Tout legliz la ak tout moun ki te tande bagay sa yo te pè anpil.
主借使徒的手在民间行了许多神迹奇事;他们(或作:信的人)都同心合意的在所罗门的廊下。
Apòt yo t'ap fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan mitan pèp la. Yo tout te reyini ansanm anba Galeri Salomon an.
其余的人没有一个敢贴近他们,百姓却尊重他们。
Tout moun te pè mele ak yo, apa moun ki te kwè yo. Men, pèp la t'ap pale byen sou yo.
信而归主的人越发增添,连男带女很多。
Anpil moun, fanm kou gason, t'ap vin jwenn disip yo paske yo te kwè nan Seyè a.
甚至有人将病人抬到街上,放在床上或褥子上,指望彼得过来的时候,或者得他的影儿照在什么人身上。
Lè sa a, yo tanmen pote moun malad yo deyò nan lari. Yo mete yo sou kabann, sou nat, yon jan pou lè Pyè vin ap pase menm lonbray li te ka kouvri kèk nan yo.
还有许多人带著病人和被污鬼缠磨的,从耶路撒冷四围的城邑来,全都得了医治。
Moun te soti nan tout ti bouk ki nan vwazinaj Jerizalèm. Yo pote moun malad ak moun move lespri t'ap toumante. Yo tout te geri.
大祭司和他的一切同人,就是撒都该教门的人,都起来,满心忌恨,
Lè sa a, yon sèl jalouzi pran granprèt la ansanm ak sadiseyen yo ki te patizan li.
就下手拿住使徒,收在外监。
Yo fè arete apòt yo, mete yo nan gran prizon.
但主的使者夜间开了监门,领他们出来,
Men, nan mitan lannwit, yon zanj Bondye louvri pòt prizon an, li fè apòt yo soti. Li di yo:
说:你们去站在殿里,把这生命的道都讲给百姓听。
Ale kanpe nan mitan tanp lan, epi anonse pèp la tout bagay sou jan pou yo viv koulye a.
使徒听了这话,天将亮的时候就进殿里去教训人。大祭司和他的同人来了,叫齐公会的人,和以色列族的众长老,就差人到监里去,要把使徒提出来。
Apòt yo obeyi zanj lan: Nan granmaten, y' al nan tanp lan epi yo tanmen moutre pèp la anpil bagay. Granprèt la ansanm ak patizan l' yo sanble tout chèf fanmi nan pèp Izrayèl la, yo reyini Gran Konsèy la. Apre sa, yo voye chache apòt yo nan prizon an.
但差役到了,不见他们在监里,就回来禀报说:
Men, lè gad yo rive nan prizon an, yo pa jwenn yo. Yo tounen nan Gran Konsèy la, yo fè rapò yo. Yo di:
我们看见监牢关得极妥当,看守的人也站在门外;及至开了门,里面一个人都不见。
Nou jwenn prizon an byen fèmen, avèk gad yo nan pòs devan pòt prizon an. Men, lè nou louvri pòt yo, nou pa jwenn pesonn anndan an.
守殿官和祭司长听见这话,心里犯难,不知这事将来如何。
Lè kòmandan lagad tanp lan ak chèf prèt yo tande sa, yo t'ap mande ki jan apòt yo fè disparèt, kisa ki te rive.
有一个人来禀报说:你们收在监里的人,现在站在殿里教训百姓。
Men, yon moun vin rive, li di yo: Mesye nou te mete nan prizon yo, men yo nan tanp lan, y'ap pale ak pèp la.
于是守殿官和差役去带使徒来,并没有用强暴,因为怕百姓用石头打他们。
Lè sa a, kòmandan lagad la ale avèk gad li yo, li mennen apòt yo tounen. Men, yo pa t' aji brital ak yo paske yo te pè pou pèp la pa t' touye yo ak kout wòch.
带到了,便叫使徒站在公会前;大祭司问他们说:
Lè yo mennen yo tounen, yo fè yo konparèt devan Gran Konsèy la. Epi granprèt la pran poze yo keksyon.
我们不是严严的禁止你们,不可奉这名教训人吗?你们倒把你们的道理充满了耶路撒冷,想要叫这人的血归到我们身上!
Li di yo: Eske nou pa t' defann nou pale ak pèp la nan non nonm sa a? Gade sa n' fè. Nou gaye pawòl nou yo nan tout Jerizalèm. Nou vle rann nou reskonsab lanmò nonm lan.
彼得和众使徒回答说:顺从 神,不顺从人,是应当的。
Pyè ansanm ak lòt apòt yo reponn li: Se pou n' obeyi Bondye pase pou n' obeyi moun.
你们挂在木头上杀害的耶稣,我们祖宗的 神已经叫他复活。
Bondye zansèt nou yo te fè Jezi leve soti vivan nan lanmò, Jezi nou te fè touye lè n' te kloure l' sou kwa a.
 神且用右手将他高举(或作:他就是 神高举在自己的右边),叫他作君王,作救主,将悔改的心和赦罪的恩赐给以色列人。
Bondye fè l' moute chita sou bò dwat li, li mete l' Chèf sou nou, li fè l' delivre nou. Li fè sa pou bay pèp Izrayèl la yon bèl chans pou l' tounen vin jwenn Bondye, pou l' resevwa padon pou peche l' yo.
我们为这事作见证; 神赐给顺从之人的圣灵也为这事作见证。
Nou se temwen tout bagay sa yo, nou menm ansanm ak Sentespri Bondye bay tout moun ki obeyi l' yo.
公会的人听见就极其恼怒,想要杀他们。
Lè yo tande pawòl sa yo, manm Gran Konsèy yo fin pran chenn. Tèlman yo te ankòlè, yo te vle fè touye apòt yo.
但有一个法利赛人,名叫迦玛列,是众百姓所敬重的教法师,在公会中站起来,吩咐人把使徒暂且带到外面去,
Men, te gen yon farizyen nan mitan yo ki te rele Gamalyèl. Se te yon dirèktè lalwa tout pèp la te respekte anpil. Li kanpe nan mitan Konsèy la, li mande pou fè apòt yo soti yon ti moman.
就对众人说:以色列人哪,论到这些人,你们应当小心怎样办理。
Apre sa, li di: Nou menm moun pèp Izrayèl, pran tèt nou anvan nou fè sa nou pral fè ak mesye yo.
从前丢大起来,自夸为大;附从他的人约有四百,他被杀后,附从他的全都散了,归于无有。
Sa pa gen lontan, yon nonm yo rele Tedas te parèt. Li te pran pòz grannèg li. Li jwenn katsan (400) moun konsa ki te mete tèt ansanm avè li. Yo touye l', epi tout moun ki t'ap swiv li yo gaye. Se konsa mouvman an tonbe.
此后,报名上册的时候,又有加利利的犹大起来,引诱些百姓跟从他;他也灭亡,附从他的人也都四散了。
Apre sa, lè resansman an, te gen Jida, yon nonm Galile, ki te parèt. Li te trennen yon bann moun dèyè li. Li menm tou, yo touye li. Epi tout moun ki t'ap swiv li yo gaye tou.
现在,我劝你们不要管这些人,任凭他们吧!他们所谋的、所行的,若是出于人,必要败坏;
Pou koulye a, men sa m'ap di nou: Pa okipe mesye sa yo ankò. Kite y ale. Si plan travay yo a soti nan lèzòm, li gen pou l' disparèt.
若是出于 神,你们就不能败坏他们,恐怕你们倒是攻击 神了。
Men, si sa soti nan Bondye, nou p'ap kapab kraze li. Atansyon pou se pa avèk Bondye nou gen zafè! Manm Konsèy yo tonbe dakò avèk Gamalyèl.
公会的人听从了他,便叫使徒来,把他们打了,又吩咐他们不可奉耶稣的名讲道,就把他们释放了。
Yo rele apòt yo ankò. Yo fè yo bat yo byen bat, yo pase yo lòd pou yo pa pale nan non Jezi ankò. Apre sa yo lage yo.
他们离开公会,心里欢喜,因被算是配为这名受辱。
Apòt yo kite Gran Konsèy la. Yo te kontan dèske Bondye te wè yo merite pou moun te avili yo konsa poutèt non Jezi.
他们就每日在殿里、在家里、不住的教训人,传耶稣是基督。
Toulejou, yo te nan tanp lan, yo t'ap mache kay an kay, yo pa t' janm sispann moutre moun yo anpil bagay. Yo t'ap anonse Bon Nouvèl ki pale sou Jezikri a.