Acts 3

申初祷告的时候,彼得、约翰上圣殿去。
Yon jou, vè twazè konsa nan apremidi, Pyè ak Jan t'ap moute nan tanp lan. Se te lè lapriyè.
有一个人,生来是瘸腿的,天天被人抬来,放在殿的一个门口,那门名叫美门,要求进殿的人赒济。
Bò Bèl Pòt la (se konsa yo te rele yon pòt nan tanp lan), te gen yon nonm ki te enfim depi l' te fèt. Chak jou yo te pote l' bò Bèl Pòt la pou l' te kapab mande moun k'ap antre nan tanp lan lacharite.
他看见彼得、约翰将要进殿,就求他们赒济。
Li wè Pyè ak Jan ki tapral antre, li mande yo kichòy.
彼得约翰定睛看他;彼得说:你看我们!
Pyè ak Jan fikse je yo sou li, epi Pyè di li: Gade nou.
那人就留意看他们,指望得著什么。
Nonm lan pran gade yo; li te kwè yo tapral ba l' kichòy.
彼得说:金银我都没有,只把我所有的给你:我奉拿撒勒人耶稣基督的名,叫你起来行走!
Lè sa a, Pyè di li: Mwen pa gen ni lajan ni lò. Men, sa m' genyen an, m'ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve ou mache.
于是拉著他的右手,扶他起来;他的脚和踝子骨立刻健壮了,
Li pran men dwat li, li fè l' kanpe. Menm lè a tou, pla pye enfim lan ak zo jwenti pye l' yo vin fèm.
就跳起来,站著,又行走,同他们进了殿,走著,跳著,讚美 神。
Li fè yon sèl sote, li kanpe sou de pye l', li pran mache. Li antre nan tanp lan avèk yo, li t'ap mache, li t'ap ponpe, li t'ap fè lwanj Bondye.
百姓都看见他行走,讚美 神;
Tout pèp la te wè l' ap mache, ap fè lwanj Bondye.
认得他是那素常坐在殿的美门口求赒济的,就因他所遇著的事满心希奇、惊讶。
Lè yo wè se te nonm enfim ki te konn chita bò Bèl Pòt la ap mande lacharite a, yo tout te pè. Yo sezi anpil pou sak te rive l' la.
那人正在称为所罗门的廊下,拉著彼得、约翰;众百姓一齐跑到他们那里,很觉希奇。
Nonm lan pa t' kite Pyè ak Jan yon pa. Tout moun te sezi, yo kouri vin jwenn apòt yo sou Galeri Salomon an.
彼得看见,就对百姓说:以色列人哪,为什么把这事当作希奇呢?为什么定睛看我们,以为我们凭自己的能力和虔诚使这人行走呢?
Lè Pyè wè sa, li di pèp la: Nou menm moun laras Izrayèl, poukisa nou sezi konsa? Poukisa n'ap plede gade n' konsa? Gen lè nou konprann se nou menm ki fè nonm sa a mache ak pwòp fòs kouraj nou osinon paske n'ap sèvi Bondye?
亚伯拉罕、以撒、雅各的 神,就是我们列祖的 神,已经荣耀了他的仆人(或作:儿子)耶稣;你们却把他交付彼拉多。彼拉多定意要释放他,你们竟在彼拉多面前弃绝了他。
Se Bondye Abraram, Izarak ak Jakòb, Bondye zansèt nou yo k'ap fè lwanj sèvitè li, Jezi. Nou menm, nou te lage l' nan men otorite yo, nou te voye l' jete devan Pilat, atout Pilat li menm te vle lage li.
你们弃绝了那圣洁公义者,反求著释放一个凶手给你们。
Jezi se moun Bondye te chwazi a, li te mache dwat devan Bondye, men nou voye l' jete, nou te pito mande Pilat pou l' te lage yon ansasen ban nou.
你们杀了那生命的主, 神却叫他从死里复活了;我们都是为这事作见证。
Se konsa nou touye Mèt ki bay lavi a. Men, Bondye fè l' leve soti vivan nan lanmò. Nou se temwen tout bagay sa yo.
我们因信他的名,他的名便叫你们所看见所认识的这人健壮了;正是他所赐的信心,叫这人在你们众人面前全然好了。
Nou wè nonm sa nou konnen an, se pouvwa ki nan non Jezi a mete ak konfyans nou gen nan non sa a ki ba li fòs ankò. Se konfyans nou gen nan Jezi ki fè l' geri nèt, jan nou ka wè l' la.
弟兄们,我晓得你们做这事是出于不知,你们的官长也是如此。
Enben, koulye a, frè m' yo, mwen rekonèt se konnen nou pa t' konnen, nou menm ansanm ak tout chèf nou yo, kifè nou te aji konsa avèk Jezi.
但 神曾借众先知的口,预言基督将要受害,就这样应验了。
Men, depi nan tan lontan, Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo ki jan Kris li a te gen pou l' soufri. Se konsa sa l' te di a vin rive vre.
所以,你们当悔改归正,使你们的罪得以涂抹,这样,那安舒的日子就必从主面前来到;
Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l' ka efase peche nou yo.
主也必差遣所预定给你们的基督耶稣降临。
Lè sa a, Bondye va fè nou jwenn yon rafrechi pou nanm nou devan li, la voye Jezikri, moun li te chwazi davans pou nou an.
天必留他,等到万物复兴的时候,就是 神从创世以来、借著圣先知的口所说的。
Pou koulye a, Jezi gen pou l' rete nan syèl la jouk lè Bondye va vini pou mete tout bagay nan plas yo ankò, jan l' te fè nou konnen l' lan nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan.
摩西曾说:主─ 神要从你们弟兄中间给你们兴起一位先知像我,凡他向你们所说的,你们都要听从。
Se konsa Moyiz te di: Bondye, Mèt nou an, gen pou l' voye yon pwofèt ban nou tankou l' te voye m' lan. Se va yonn nan frè nou yo. Se pou nou koute tou sa la di nou.
凡不听从那先知的,必要从民中全然灭绝。
Nenpòt moun ki p'ap koute pwofèt sa a, se pou yo disparèt li nèt nan mitan pèp Bondye a, se pou yo touye li.
从撒母耳以来的众先知,凡说预言的,也都说到这些日子。
Tout pwofèt ki te pale depi Samyèl ak tou sa ki te vin apre l' yo, yo tout yo te anonse tan sa a.
你们是先知的子孙,也承受 神与你们祖宗所立的约,就是对亚伯拉罕说:地上万族都要因你的后裔得福。
Pwomès Bondye te fè pwofèt li yo di ak bouch yo, se pou nou yo ye, lèfini nou gen pòsyon pa nou tou nan kontra Bondye te fè avèk zansèt nou yo. Se sa l' te di Abraram: Gremèsi pitit pitit ou yo, tout fanmi ki sou latè va jwenn benediksyon.
 神既兴起他的仆人(或作:儿子),就先差他到你们这里来,赐福给你们,叫你们各人回转,离开罪恶。
Se konsa Bondye fè sèvitè l' la parèt, li voye l' ban nou anvan pou l' beni nou, pou l' fè nou tout kite mechanste nou yo.