Acts 18

这事以后,保罗离了雅典,来到哥林多。
Apre sa, Pòl pati, li kite lavil Atèn, li ale lavil Korent.
遇见一个犹太人,名叫亚居拉,他生在本都;因为革老丢命犹太人都离开罗马,新近带著妻百基拉,从意大利来。保罗就投奔了他们。
Rive la, li kontre yon jwif yo te rele Akilas, moun peyi Pon, ki te fèk rive soti Itali ansanm ak madanm li yo te rele Prisil, apre Seza Klòd te bay lòd pou tout jwif te kite lavil Wòm. Pòl al wè yo,
他们本是制造帐棚为业。保罗因与他们同业,就和他们同住做工。
epi l' rete lakay yo. Li t'ap travay ansanm ak yo paske li te gen menm metye ak yo: li te konn fè tant an twal.
每逢安息日,保罗在会堂里辩论,劝化犹太人和希腊人。
Chak jou repo, Pòl te pran lapawòl nan sinagòg la, li t'ap chache pran tèt anpil jwif ak anpil moun peyi Lagrès.
西拉和提摩太从马其顿来的时候,保罗为道迫切,向犹太人证明耶稣是基督。
Men, lè Silas ak Timote rive soti Masedwan, Pòl te bay tout tan l' pou travay predikasyon an sèlman: li t'ap bay jwif yo tout kalite prèv pou moutre yo Jezi se Kris yo t'ap tann lan.
他们既抗拒、毁谤,保罗就抖著衣裳,说:你们的罪(原文作血)归到你们自己头上,与我无干(原文是我却干净)。从今以后,我要往外邦人那里去。
Men, jwif yo pran kenbe tèt avèk li, yo t'ap joure l'. Lè l' wè sa, li souke pousyè ki te sou rad li, epi l' di yo: Si nou peri, se nou ki chache sa. Se p'ap fòt mwen. Depi koulye a m'ap vire kò m' bò kot moun ki pa jwif yo.
于是离开那里,到了一个人的家中;这人名叫提多犹士都,是敬拜 神的,他的家靠近会堂。
Konsa li soti, li ale lakay Titris Jistis. Se te yon nonm ki pa t' jwif men ki te konvèti nan relijyon jwif yo. Kay li te tou kole ak sinagòg la.
管会堂的基利司布和全家都信了主,还有许多哥林多人听了,就相信受洗。
Krispis, chèf sinagòg la, te mete konfyans li nan Seyè a ansanm ak tout fanmi li. Anpil lòt moun Korent te kwè tou lè yo te tande sa Pòl t'ap di yo, epi yo te resevwa batèm.
夜间,主在异象中对保罗说:不要怕,只管讲,不要闭口,
Yon jou lannwit, Pòl fè yon vizyon. Li wè Seyè a ki di li: Ou pa bezwen pè, se pou ou kontinye pale. Pa fèmen bouch ou.
有我与你同在,必没有人下手害你,因为在这城里我有许多的百姓。
Mwen la avèk ou. Pesonn p'ap ka mete men sou ou pou fè ou anyen. Gen anpil moun ki pou mwen nan lavil la.
保罗在那里住了一年零六个月,将 神的道教训他们。
Konsa, Pòl pase dizwit mwa lavil Korent, li t'ap moutre moun yo pawòl Bondye a.
到迦流作亚该亚方伯的时候,犹太人同心起来攻击保罗,拉他到公堂,
Pandan Galyon te gouvènè nan peyi Lakayi, jwif yo mete tèt ansanm, yo leve dèyè Pòl. Yo mennen l' devan tribinal la,
说:这个人劝人不按著律法敬拜 神。
epi yo di: Nonm sa a ap chache pran tèt moun pou fè yo sèvi Bondye yon jan ki kont lalwa.
保罗刚要开口,迦流就对犹太人说:你们这些犹太人!如果是为冤枉或奸恶的事,我理当耐性听你们。
Pòl tapral pale, lè Galyon di jwif yo konsa: Nou menm jwif, koute: si se te yon krim osinon yon movezak li te fè, mwen ta pèdi tan m' koute nou.
但所争论的,若是关乎言语、名目,和你们的律法,你们自己去办吧!这样的事我不愿意审问;
Men, si se yon bann diskisyon sou mo, sou non, sou lalwa jwif yo, sa se zafè ki gade nou. Mwen p'ap antre nan bagay konsa pou m' mete rezon.
就把他们撵出公堂。
Epi li mete tout moun deyò nan tribinal la.
众人便揪住管会堂的所提尼,在堂前打他。这些事迦流都不管。
Lè sa a, jwif yo mete men sou Sostèn, chèf sinagòg la, yo bat li byen bat devan tribinal la. Men, Galyon pa okipe yo menm.
保罗又住了多日,就辞别了弟兄,坐船往叙利亚去;百基拉、亚居拉和他同去。他因为许过愿,就在坚革里剪了头发。
Pòl rete kèk tan ankò lavil Korent. Apre sa, li kite frè yo, li anbake sou yon batiman pou peyi Siri ansanm ak Prisil ak Akilas. Anvan sa, li fè kale tèt li nan Sankre paske li te fè yon ve.
到了以弗所,保罗就把他们留在那里,自己进了会堂,和犹太人辩论。
Rive yo rive lavil Efèz, Pòl kite Prisil ak Akilas, li al nan sinagòg la, li pran diskite ak jwif yo.
众人请他多住些日子,他却不允,
Yo mande l' pou l' rete pi lontan ak yo, men li pa t' vle.
就辞别他们,说: 神若许我,我还要回到你们这里;于是开船离了以弗所。
Anvan l' kite yo, li di yo: M'a tounen vin wè nou, si Bondye vle. Epi li moute yon batiman, li kite Efèz.
在凯撒利亚下了船,就上耶路撒冷去问教会安,随后下安提阿去。
Lè l' debake lavil Sezare, li moute Jerizalèm, li pase di legliz la bonjou. Apre sa, li al Antiòch.
住了些日子,又离开那里,挨次经过加拉太和弗吕家地方,坚固众门徒。
Li pase kèk tan la, epi li pati ankò. Li pase nan tout peyi Galasi ak peyi Friji, li t'ap fòtifye tout disip yo nan konfyans yo nan Bondye.
有一个犹太人,名叫亚波罗,来到以弗所。他生在亚力山太,是有学问(或作:口才)的,最能讲解圣经。
Yon jwif yo te rele Apolòs rive lavil Efèz. Se te moun lavil Aleksandri. Nonm sa a te konn pale byen, li te konn tou sa ki te ekri nan Liv yo.
这人已经在主的道上受了教训,心里火热,将耶稣的事详细讲论教训人;只是他单晓得约翰的洗礼。
Yo te moutre l' chemen Bondye a. Depi lè sa a, li te cho pou l' te anonse pawòl la. San dezanpare li t'ap moutre moun yo tou sa li te konnen sou Jezi yon jan ki konfòm ak verite a. Men, se batèm Jan an ase li te konnen.
他在会堂里放胆讲道;百基拉,亚居拉听见,就接他来,将 神的道给他讲解更加详细。
Li t'ap pale avèk fòs konviksyon nan sinagòg la. Lè Prisil ak Akilas tande l', yo pran l' avèk yo epi yo fin moutre li chemen Bondye a yon jan ki pi korèk.
他想要往亚该亚去,弟兄们就勉励他,并写信请门徒接待他(或作:弟兄们就写信劝门徒接待他)。他到了那里,多帮助那蒙恩信主的人,
Apre sa, Apolòs fè lide ale Lakayi. Frè yo te ankouraje li. Yo ekri yon lèt voye bay disip yo ki nan peyi sa a pou yo te byen resevwa Apolòs. Lè li rive Lakayi, li bay moun Bondye te fè favè kwè yo yon gwo konkou.
在众人面前极有能力驳倒犹太人,引圣经证明耶稣是基督。
Se avèk gwo konviksyon devan tout moun li t'ap moutre jwif yo ki jan yo te nan lerè: li pran sa ki ekri nan Liv yo a, li t'ap ba yo prèv se Jezi ki Kris la.