II Samuel 6

大卫又聚集以色列中所有挑选的人三万。
Yon lòt fwa ankò, David reyini tout pi bon sòlda pèp Izrayèl la. Sa te fè antou trantmil (30.000) gason.
大卫起身,率领跟随他的众人前往,要从巴拉‧犹大将 神的约柜运来;这约柜就是坐在二基路伯上万军之耶和华留名的约柜。
Li leve, li pati pou Balat nan peyi Jida ansanm ak tout sòlda ki te avè l' yo. Li tapral chache Bwat Kontra Bondye a, bwat ki pote non Seyè ki gen tout pouvwa a, Seyè ki gen fotèy li anwo zanj cheriben yo.
他们将 神的约柜从冈上亚比拿达的家里抬出来,放在新车上;亚比拿达的两个儿子乌撒和亚希约赶这新车。
Yo pran Bwat la kay Abenadab sou mòn lan, mete l' sou yon kabwa tou nèf, yo pote l' ale. Ouza ak Akiyo, pitit gason Abenadab yo, t'ap mennen kabwa
他们将 神的约柜从冈上亚比拿达家里抬出来的时候,亚希约在柜前行走。
kote yo te mete Bwat Kontra Bondye a. Akiyo t'ap mache devan kabwa a.
大卫和以色列的全家在耶和华面前,用松木制造的各样乐器和琴、瑟、鼓、钹、锣,作乐跳舞。
David ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo menm t'ap danse ak tout nanm yo. Yo t'ap chante fè lwanj Seyè a. Yo t'ap jwe gita ak bandjo. Yo t'ap bat tanbou, tanbouren ak senbal.
到了拿艮的禾场,因为牛失前蹄(或译:惊跳),乌撒就伸手扶住 神的约柜。
Lè yo rive bò glasi Nakon an, bèf yo bite, yo manke tonbe. Ouza lonje men l', li soutni Bwat Kontra a.
 神耶和华向乌撒发怒,因这错误击杀他,他就死在 神的约柜旁。
Men Seyè a move sou Ouza, li touye l' frèt paske li pa t' gen dwa manyen Bwat Kontra a. Ouza mouri la toupre Bwat Kontra a.
大卫因耶和华击杀(原文是闯杀)乌撒,心里愁烦,就称那地方为毗列斯‧乌撒,直到今日。
David menm te fache dèske Seyè a te touye Ouza konsa. Se poutèt sa depi lè sa a yo rele kote sa a Perèz-Ouza, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a.
那日,大卫惧怕耶和华,说:「耶和华的约柜怎可运到我这里来?」
Lè sa a, David vin pè Seyè a. Li di li pa wè ki jan pou l' pran Bwat Kontra a lakay li.
于是大卫不肯将耶和华的约柜运进大卫的城,却运到迦特人俄别以东的家中。
Se konsa li pran desizyon pou l' pa pote Bwat Kontra Seyè a lakay li nan Lavil David la. Li fè yo pote l' kay Obèdedon, yon moun lavil Gat.
耶和华的约柜在迦特人俄别以东家中三个月;耶和华赐福给俄别以东和他的全家。
Bwat la pase twa mwa lakay li. Seyè a te beni Obèdedon ansanm ak tout moun lakay li.
有人告诉大卫王说:「耶和华因为约柜赐福给俄别以东的家和一切属他的。」大卫就去,欢欢喜喜地将 神的约柜从俄别以东家中抬到大卫的城里。
Lè David tande jan Seyè a te beni Obèdedon ak tout moun lakay li, jan zafè l' t'ap mache byen poutèt Bwat Kontra a, David pati, li ale kay Obèdedon, li pran Bwat Kontra Seyè a pou pote l' nan Lavil David la avèk gwo seremoni sou tout wout la.
抬耶和华约柜的人走了六步,大卫就献牛与肥羊为祭。
Lè moun ki t'ap pote Bwat Kontra Seyè a fè sis pa annavan, David fè yo rete, li touye yon gwo towo ak yon ti towo bèf chatre pou Seyè a.
大卫穿著细麻布的以弗得,在耶和华面前极力跳舞。
Apre sa, David pran danse ak tout nanm li devan Seyè a. Li pa t' gen pase yon moso twal fen blan mare nan ren l'.
这样,大卫和以色列的全家欢呼吹角,将耶和华的约柜抬上来。
Se konsa, li menm ak tout pèp Izrayèl la, yo pote Bwat Kontra Seyè a lavil Jerizalèm. Yo t'ap fè fèt, yo t'ap kònen twonpèt sou tout wout la.
耶和华的约柜进了大卫城的时候,扫罗的女儿米甲从窗户里观看,见大卫王在耶和华面前踊跃跳舞,心里就轻视他。
Antan yo t'ap antre ak Bwat Kontra a nan lavil David la, Mikal, pitit fi Sayil la, te kanpe bò yon fennèt ap gade. Li wè David ki t'ap danse fè laviwonn devan Seyè a. Li vin pa gen yon san pou li ankò.
众人将耶和华的约柜请进去,安放在所预备的地方,就是在大卫所搭的帐幕里。大卫在耶和华面前献燔祭和平安祭。
Yo pote Bwat Kontra Seyè a, yo mete l' nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, David ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a ak ofrann pou di Bondye mèsi.
大卫献完了燔祭和平安祭,就奉万军之耶和华的名给民祝福,
Lè David fin fè ofrann sa yo, li beni pèp la nan non Seyè ki gen tout pouvwa a.
并且分给以色列众人,无论男女,每人一个饼,一块肉,一个葡萄饼;众人就各回各家去了。
Li separe manje bay tout moun pèp Izrayèl yo, fanm kou gason. Li ba yo chak yon pen, yon moso vyann woti ak yon pen rezen. Lèfini, tout moun al lakay yo.
大卫回家要给眷属祝福;扫罗的女儿米甲出来迎接他,说:「以色列王今日在臣仆的婢女眼前露体,如同一个轻贱人无耻露体一样,有好大的荣耀啊!」
Apre sa, David al lakay li pou l' beni fanmi pa l' tou. Men, Mikal, pitit fi Sayil la, soti vin kontre li. Epi li di l' konsa: -Ala yon bèl bagay wa pèp Izrayèl la fè pou tèt li jòdi a! Tou sa yon vakabon ta fè. Li wete rad sou li devan tout sèvant moun k'ap sèvi avè l' yo!
大卫对米甲说:「这是在耶和华面前;耶和华已拣选我,废了你父和你父的全家,立我作耶和华民以色列的君,所以我必在耶和华面前跳舞。
David reponn li: -Se vre. Mwen t'ap danse pou m' te fè lwanj Seyè a ki te pito m' pase papa ou ak tout fanmi ou. Li chwazi m', li mete m' chèf pèp Izrayèl la, pèp li a. M'ap toujou ka danse devan l' pou m' fè lwanj li.
我也必更加卑微,自己看为轻贱。你所说的那些婢女,她们倒要尊敬我。」
M'ap desanm tèt mwen pi ba toujou pase sa. Dapre ou, se desann m'ap desann sousi m'. Men, sèvant w'ap pale yo ap toujou ka leve m' anlè.
扫罗的女儿米甲,直到死日,没有生养儿女。
Mikal, pitit fi Sayil la, pa janm fè pitit jouk li mouri.