II Samuel 2

此后,大卫问耶和华说:「我上犹大的一个城去可以吗?」耶和华说:「可以。」大卫说:「我上哪一个城去呢?」耶和华说:「上希伯崙去。」
Apre sa, David mande Seyè a: -Eske se pou m' ale nan yonn nan lavil peyi Jida yo? Seyè a reponn li: -Wi. Se pou ou ale! David mande l': -Kote pou m' ale? Seyè a di l': -Lavil Ebwon.
于是大卫和他的两个妻─一个是耶斯列人亚希暖,一个是作过迦密人拿八妻的亚比该─都上那里去了。
Se konsa, David pran de madanm li yo, Akenoam ki te moun lavil Jizreyèl, ak Abigayèl, vèv Nabal la, ki te moun lavil Kamèl, li pati pou Ebwon.
大卫也将跟随他的人和他们各人的眷属一同带上去,住在希伯崙的城邑中。
Li mennen moun ki te avè l' yo tou ansanm ak tout fanmi yo. Y' al rete lavil Ebwon ak nan tout ti bouk ki toupre l' yo.
犹大人来到希伯崙,在那里膏大卫作犹大家的王。有人告诉大卫说:「葬埋扫罗的是基列‧雅比人。」
Apre sa, moun Jida yo rive lavil Ebwon, yo fè seremoni pou mete David apa pou sèvi wa peyi Jida. David vin pran nouvèl se moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, ki te antere Sayil.
大卫就差人去见基列‧雅比人,对他们说:「你们厚待你们的主─扫罗,将他葬埋。愿耶和华赐福与你们!
Lè sa a, li voye kèk mesaje di yo konsa: -Se pou Seyè a beni nou, paske nou moutre jan nou pa janm lage Sayil, mèt nou an. Nou antere l'.
你们既行了这事,愿耶和华以慈爱诚实待你们,我也要为此厚待你们。
Mwen mande Seyè a pou li aji byen ak nou tou, pou li pa janm lage nou. Mwen menm pou tèt pa m', m'ap aji byen avèk nou tou poutèt sa nou fè a.
现在你们的主─扫罗死了,犹大家已经膏我作他们的王,所以你们要刚强奋勇。」
Koulye a, pran kouraj! Mete gason nou nou! Sayil, mèt nou an, mouri. Se mwen menm moun Jida yo mete apa pou wa yo.
扫罗的元帅尼珥的儿子押尼珥,曾将扫罗的儿子伊施波设带过河,到玛哈念,
Abnè, pitit gason Nè a, kòmandan lame Sayil la, pran Ichbochèt, pitit gason Sayil la, li mennen l' lavil Manayim, lòt bò larivyè Jouden.
立他作王,治理基列、亚书利、耶斯列、以法莲、便雅悯,和以色列众人。
Rive la, li nonmen Ichbochèt wa peyi Galarad, peyi Asè, peyi Jizreyèl, peyi Efrayim ak peyi Benjamen, ki vle di wa tout pèp Izrayèl la.
扫罗的儿子伊施波设登基的时候年四十岁,作以色列王二年;惟独犹大家归从大卫。
Ichbochèt, pitit gason Sayil la, te gen karantan lè yo fè l' wa peyi Izrayèl. Li gouvènen pandan dezan. Men, moun branch fanmi Jida yo te kanpe avèk David.
大卫在希伯崙作犹大家的王,共七年零六个月。
David te wa peyi Jida a pandan sètan sis mwa. Se Ebwon li te rete.
尼珥的儿子押尼珥和扫罗的儿子伊施波设的仆人从玛哈念出来,往基遍去。
Abnè leve ansanm ak moun Ichbochèt yo, yo kite lavil Manayim, y' ale lavil Gabawon.
洗鲁雅的儿子约押和大卫的仆人也出来,在基遍池旁与他们相遇;一班坐在池这边,一班坐在池那边。
Joab menm, pitit gason Sewouya a, leve ansanm ak sòlda David yo, yo kite lavil Ebwon, yo pati tou. Yo kontre ak moun Abnè yo bò rezèvwa Gabawon an. De lame yo pran pozisyon, yonn chak bò rezèvwa a.
押尼珥对约押说:「让少年人起来,在我们面前戏耍吧!」约押说:「可以。」
Abnè di Joab konsa: -Annou chwazi kèk jenn gason pou yo goumen devan nou la a. Joab reponn: -Dakò!
就按著定数起来:属扫罗儿子伊施波设的便雅悯人过去十二名,大卫的仆人也过去十二名,
Se konsa, douz gason nan branch fanmi Benjamen an kanpe pou Ichbochèt yon bò, douz gason kanpe pou moun David yo lòt bò.
彼此揪头,用刀刺肋,一同仆倒。所以,那地叫作希利甲‧哈素林,就在基遍。
Mesye yo mare goumen. Yonn pran lòt nan tèt epi yonn foure nepe yo nan kò lòt. Se konsa yo tout tonbe ansanm, yo mouri. Se poutèt sa, yo rele kote sa a nan peyi Gabawon an Elkatazourim.
那日的战事凶猛,押尼珥和以色列人败在大卫的仆人面前。
Apre sa, yon gwo batay pete. Moun David yo kraze Abnè ansanm ak moun Izrayèl yo.
在那里有洗鲁雅的三个儿子:约押、亚比筛、亚撒黑。亚撒黑脚快如野鹿一般;
Tou twa pitit gason Sewouya yo te la. Se te Joab, Abichayi ak Asayèl. Asayèl te konn kouri, ou ta di yon ti kabrit mawon.
亚撒黑追赶押尼珥,直追赶他不偏左右。
Li pran kouri pye pou pye dèyè Abnè ki t'ap chache chape kò l'.
押尼珥回头说:「你是亚撒黑吗?」回答说:「是。」
Abnè vire tèt li gade dèyè. Li di: -Se pa ou menm sa, Asayèl? Asayèl reponn li: -Men wi, se mwen.
押尼珥对他说:「你或转向左转向右,拿住一个少年人,剥去他的战衣。」亚撒黑却不肯转开不追赶他。
Abnè di l' konsa: -Sispann kouri dèyè m'. Pito ou kouri dèyè yonn nan sòlda yo. Lèfini, w'a pran tou sa li genyen. Men, Asayèl pa t' vle sispann kouri dèyè l'.
押尼珥又对亚撒黑说:「你转开不追赶我吧!我何必杀你呢?若杀你,有什么脸见你哥哥约押呢?」
Yon dezyèm fwa Abnè di l': -Asayèl, m' di ou sispann kouri dèyè m' wi! Pa fòse m' touye ou! Apre sa, ki jan m'a fè pou m' parèt devan Joab, frè ou la?
亚撒黑仍不肯转开。故此,押尼珥就用枪鐏刺入他的肚腹,甚至枪从背后透出,亚撒黑就在那里仆倒而死。众人赶到亚撒黑仆倒而死的地方,就都站住。
Men, Asayèl pa t' vle sispann kouri dèyè l'. Lè sa a, Abnè ba li yon kou nan vant ak pwent dèyè frenn li an. Frenn lan travèse Asayèl, li soti nan do l'. Asayèl tonbe atè, li mouri frèt. Lè tout moun rive kote li te tonbe a yo rete la.
约押和亚比筛追赶押尼珥,日落的时候,到了通基遍旷野的路旁,基亚对面的亚玛山。
Men Joab ak Abichayi pran kouri pi rèd dèyè Abnè. Solèy tapral kouche lè yo rive sou ti bit mòn Anma a, ki sou bò solèy leve lavil Giyak, sou chemen ki mennen nan dezè Gabawon an.
便雅悯人聚集,跟随押尼珥站在一个山顶上。
Moun branch fanmi Benjamen yo sanble bò kote Anbè ankò. Yo pran pozisyon pou yo goumen sou tèt yon ti mòn.
押尼珥呼叫约押说:「刀剑岂可永远杀人吗?你岂不知终久必有苦楚吗?你要等何时才叫百姓回去、不追赶弟兄呢?」
Abnè rele Joab, li di l' konsa: -Gen lè nou p'ap janm fini ak batay sa a? Ou pa wè sa ap fini mal pou nou tou de? Se frè nou ye. Sa w'ap tann pou ou bay moun ou yo lòd pou yo sispann kouri dèyè nou?
约押说:「我指著永生的 神起誓:你若不说戏耍的那句话,今日早晨百姓就回去,不追赶弟兄了。」
Joab reponn li: -Mwen pran Bondye ki vivan an pou temwen. Si ou pa t' pale konsa se denmen maten moun pa m' yo t'ap sispann kouri dèyè ou.
于是约押吹角,众民就站住,不再追赶以色列人,也不再打仗了。
Joab fè kònen klewon. Tout moun li yo rete sou sa yo te fè, yo sispann kouri dèyè moun Izrayèl yo. Se konsa batay la fini.
押尼珥和跟随他的人整夜经过亚拉巴,过约旦河,走过毕伦,到了玛哈念。
Abnè ak moun pa l' yo mache nan fon Jouden an tout lannwit lan. Lèfini, yo janbe lòt bò larivyè Jouden an. Yo travèse tout zòn Bitwon an jouk yo rive lavil Manayim.
约押追赶押尼珥回来,聚集众民,见大卫的仆人中缺少了十九个人和亚撒黑。
Joab menm, lè li sispann kouri dèyè Abnè a, li sanble tout lame a. Te gen disnèf sòlda nan moun David yo ki pa t' reponn prezan san konte Asayèl.
但大卫的仆人杀了便雅悯人和跟随押尼珥的人,共三百六十名。
Patizan David yo te touye twasanswasant (360) nan patizan Abnè yo, tout nan branch fanmi Benjamen an.
众人将亚撒黑送到伯利恒,葬在他父亲的坟墓里。约押和跟随他的人走了一夜,天亮的时候到了希伯崙。
Joab ak moun pa l' yo pran kadav Asayèl, y' al antere l' nan tonm fanmi an lavil Betleyèm. Apre sa, yo pase nwit lan ap mache. Solèy t'ap leve lè yo rive Ebwon.