II Samuel 14

洗鲁雅的儿子约押,知道王心里想念押沙龙,
Joab, pitit Sewouya a, te konnen wa David te anvi wè Absalon anpil.
就打发人往提哥亚去,从那里叫了一个聪明的妇人来,对她说:「请你假装居丧的,穿上孝衣,不要用膏抹身,要装作为死者许久悲哀的妇人;
Sa li fè, li voye lavil Tekoa al chache yon fanm ki te gen anpil ladrès. Lè fanm lan rive, li di l' konsa: -Ou pral pran pòz ou nan gwo lapenn. W'ap mete rad dèy sou ou, lèfini pa mete ankenn odè sou ou. Se pou yo ka pran ou pou yon moun ki gen yon moun mouri depi lontan.
进去见王,对王如此如此说」。于是约押将当说的话教导了妇人。
Lèfini, ou pral bò kote wa a, w'a di l' tou sa m'a di ou di li. Apre sa, Joab fè bouch li.
提哥亚妇人到王面前,伏地叩拜,说:「王啊,求你拯救!」
Fanm lan ale vre bò kot wa a, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè, epi li di: -Tanpri, monwa, fe kichòy pou mwen!
王问她说:「你有什么事呢?」回答说:「婢女实在是寡妇,我丈夫死了。
Wa a mande l': -Kisa ou genyen? Fanm lan reponn li: -Adje, monwa! Se yon pòv vèv mwen ye. Mari m' mouri.
我有两个儿子,一日在田间争斗,没有人解劝,这个就打死那个。
Li kite m' ak de pitit gason. Yon jou, yo te nan jaden, yonn gen kont ak lòt, yo goumen. Pa t' gen pesonn la pou separe yo. Yonn ladan yo touye lòt la.
现在全家的人都起来攻击婢女,说:『你将那打死兄弟的交出来,我们好治死他,偿他打死兄弟的命,灭绝那承受家业的。』这样,他们要将我剩下的炭火灭尽,不与我丈夫留名留后在世上。」
Koulye a menm, tout fanmi m' yo leve dèyè m', y'ap mande m' pou m' lage sa ki te touye lòt la nan men yo pou yo touye l' tou, paske li te touye frè l' la. Si yo fè sa, m'ap rete san pitit gason. Y'ap wete dènye ti espwa ki te rete m' lan. Lèfini, mari m' p'ap gen yon pitit gason pou leve non l' sou tè a.
王对妇人说:「你回家去吧!我必为你下令。」
Wa a di madanm lan: -Ou mèt al lakay ou. M'ap okipe sa pou ou.
提哥亚妇人又对王说:「我主我王,愿这罪归我和我父家,与王和王的位无干。」
Fanm lavil Tekoa a di wa a konsa: -Monwa, nenpòt kisa w'a deside fè, si pou gen repwòch, y'a repwoche mwen menm ansanm ak fanmi pa m'. Men, ou menm ak gouvènman ou, nou pa reskonsab anyen.
王说:「凡难为你的,你就带他到我这里来,他必不再搅扰你。」
Wa a reponn li: -Si yon moun konprann pou li kraponnen ou, mennen l' ban mwen. Li p'ap janm chache ou kont ankò.
妇人说:「愿王记念耶和华─你的 神,不许报血仇的人施行灭绝,恐怕他们灭绝我的儿子。」王说:「我指著永生的耶和华起誓:你的儿子连一根头发也不致落在地上。」
Fanm lan di ankò: -Tanpri, monwa! Lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou moun nan fanmi an ki reskonsab pou tire revanj lanmò pitit gason m' lan pa fè plis dega toujou, pou l' pa touye lòt pitit gason ki rete m' lan. David reponn li: -Mwen fè sèman nan non Seyè ki vivan an, mwen p'ap kite yo manyen yon grenn cheve nan tèt pitit gason ou lan!
妇人说:「求我主我王容婢女再说一句话。」王说:「你说吧!」
Lè sa a, fanm lan di ankò: -Tanpri, monwa! Kite m' di ou yon dènye pawòl. Wa a reponn li: -Pale non.
妇人说:「王为何也起意要害 神的民呢?王不使那逃亡的人回来,王的这话就是自证己错了!
Fanm lan di l' konsa: -Poukisa ou fè move lide sa a sou pèp Bondye a? Ou pa vle kite pwòp pitit gason ou lan tounen nan peyi a. Jan ou sot pale a, ou kondannen pwòp tèt ou.
我们都是必死的,如同水泼在地上,不能收回。 神并不夺取人的性命,乃设法使逃亡的人不致成为赶出、回不来的。
Nou tout gen pou mouri. Nou tankou dlo. Depi ou lage dlo atè, ou pa ka ranmase l' ankò. Lè yon moun fin mouri, li mouri nèt. Men, Bondye ta vle pou moun ki te kouri al chache pwoteksyon nan peyi etranje a tounen nan peyi l'.
我来将这话告诉我主我王,是因百姓使我惧怕。婢女想,不如将这话告诉王,或者王成就婢女所求的。
Monwa, rezon ki fè mwen te vin pale avè ou la, se paske moun yo t'ap fè m' pè. Mwen di nan kè m' mwen pral pale ak wa a. Wa a ka fè sa m'ap mande l' la.
人要将我和我儿子从 神的地业上一同除灭,王必应允救我脱离他的手。
Mwen t'ap di wa a ka koute m', li ka delivre m' anba men moun ki soti pou yo touye pitit gason m' lan ansanm avè m', anba men moun ki soti pou wete moso tè ki vin pou nou nan peyi Bondye bay pèp li a.
婢女又想,我主我王的话必安慰我;因为我主我王能辨别是非,如同 神的使者一样。惟愿耶和华─你的 神与你同在!」
Mwen di ankò pawòl monwa va ban m' kouraj paske wa a se tankou yon zanj Bondye li ye. Li konn rekonèt sa ki byen ak sa ki mal. Mwen mande pou Seyè a, Bondye ou la, toujou kanpe la avè ou!
王对妇人说:「我要问你一句话,你一点不要瞒我。」妇人说:「愿我主我王说。」
Wa a di l' konsa: -Mwen pral mande ou kichòy, pa kache m' anyen. Fanm lan reponn: -Monwa, mande m' sa ou vle?
王说:「你这些话莫非是约押的主意吗?」妇人说:「我敢在我主我王面前起誓:王的话正对,不偏左右,是王的仆人约押吩咐我的,这些话是他教导我的。
Wa a mande l': -Eske Joab pa nan plan sa a avè ou? Fanm lan reponn li: -Menm jan ou vivan an, monwa, pa gen anyen ki pi sèten pase sa ou di la a. Wi, monwa. Se Joab, chèf lame ou la, ki di m' tou sa pou m' fè ak tou sa pou m' di.
王的仆人约押如此行,为要挽回这事。我主的智慧却如 神使者的智慧,能知世上一切事。」
Men, si li fè l' se paske li vle pou tout bagay sa a regle. Monwa, ou gen bon konprann tankou yon zanj Bondye, ou konnen tou sa ki ap pase nan peyi a.
王对约押说:「我应允你这事。你可以去,把那少年人押沙龙带回来。」
Pita, wa a di Joab konsa: -Mwen pral fè sa ou vle m' fè a. Ale chache jennonm yo rele Absalon an, mennen l' tounen isit la.
约押就面伏于地叩拜,祝谢于王,又说:「王既应允仆人所求的,仆人今日知道在我主我王眼前蒙恩了。」
Joab tonbe ajenou devan David, li bese tèt li jouk atè. Li di: -Se pou Bondye beni ou, monwa! Jòdi a mwen konnen ou kontan avè m' vre, paske ou ban mwen sa m' mande ou la.
于是约押起身往基述去,将押沙龙带回耶路撒冷。
Joab leve, li ale lavil Gechou, li mennen Absalon tounen lavil Jerizalèm.
王说:「使他回自己家里去,不要见我的面。」押沙龙就回自己家里去,没有见王的面。
Men, wa a bay lòd pou Absalon pa vin rete nan palè a, paske li pa vle pou l' parèt devan li. Se konsa Absalon al rete lakay li, li pa janm parèt devan wa a.
以色列全地之中,无人像押沙龙那样俊美,得人的称讚,从脚底到头顶毫无瑕疵。
Pa t' gen pi bèl gason nan tout peyi Izrayèl la pase Absalon. Tout moun t'ap di sa. Pran depi nan cheve l' rive nan pwent zòtèy li, li pa t' gen ankenn defo.
他的头发甚重,每到年底剪发一次;所剪下来的,按王的平称一称,重二百舍客勒。
Li te gen anpil cheve. Li te blije koupe yo chak lanne paske, lè yo te lonje yo te vin twò lou pou li. Lè yo peze cheve yo, yo ka rive peze senk liv dapre sistèm pèz yo sèvi kay wa a.
押沙龙生了三个儿子,一个女儿。女儿名叫她玛,是个容貌俊美的女子。
Absalon te gen twa pitit gason ak yon pitit fi ki te rele Tama. Tama te bèl anpil.
押沙龙住在耶路撒冷足有二年,没有见王的面。
Absalon pase dezan lavil Jerizalèm san li pa janm parèt devan wa a.
押沙龙打发人去叫约押来,要托他去见王,约押却不肯来。第二次打发人去叫他,他仍不肯来。
Apre sa, li voye chache Joab pou mande l' al kote wa a pou li. Men, Joab pa vini. Yon lòt fwa ankò, Absalon voye chache l'. Fwa sa a tou Joab refize vini.
所以押沙龙对仆人说:「你们看,约押有一块田,与我的田相近,其中有大麦,你们去放火烧了。」押沙龙的仆人就去放火烧了那田。
Lè sa a, Absalon di domestik li yo: -Gade! Nou wè jaden Joab ki toupre jaden pa m' lan. Li plante lòj. Enben, al met dife ladan l'. Y' ale, yo mete dife nan jaden Joab la.
于是约押起来,到了押沙龙家里,问他说:「你的仆人为何放火烧了我的田呢?」
Joab al lakay Absalon, li mande l': -Poukisa moun pa ou yo mete dife nan jaden m' lan?
押沙龙回答约押说:「我打发人去请你来,好托你去见王,替我说:『我为何从基述回来呢?不如仍在那里。』现在要许我见王的面;我若有罪,任凭王杀我就是了。」
Absalon reponn li: -Paske ou pa t' vle vini lè mwen te voye chache ou la. Mwen te bezwen ou ale bò kote wa a pou mwen pou ou mande l' sa m' te bezwen kite lavil Gechou a vin isit la fè. Pito m' te rete laba a. Koulye a, mwen ta renmen ou jwenn yon jan pou m' parèt devan wa a. Si m' antò, li mèt touye m'!
于是约押去见王,将这话奏告王,王便叫押沙龙来。押沙龙来见王,在王面前俯伏于地,王就与押沙龙亲嘴。
Se konsa Joab al bò kote wa David, li rapòte l' sa Absalon te di l' la. Wa a voye chache Absalon. Absalon vini, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè. Wa resevwa l', li bo l'.