II Samuel 11

过了一年,到列王出战的时候,大卫又差派约押,率领臣仆和以色列众人出战。他们就打败亚扪人,围攻拉巴。大卫仍住在耶路撒冷。
Nan prentan apre sa, nan epòk wa yo konn soti pou al fè lagè, David voye Joab ansanm ak tout lòt ofisye yo alatèt lame pèp Izrayèl la al goumen ak moun Amon yo. Yo ravaje peyi Amon an, yo sènen lavil Raba. David menm te rete lavil Jerizalèm.
一日,太阳平西,大卫从床上起来,在王宫的平顶上游行,看见一个妇人沐浴,容貌甚美,
Yon jou, bò aswè, David te fin fè yon ti poze, li leve, li soti al sou teras ki anwo palè a. Antan li la, li wè yon fanm ki t'ap benyen. Fanm lan te bèl anpil.
大卫就差人打听那妇人是谁。有人说:「她是以连的女儿,赫人乌利亚的妻拔示巴。」
Li voye chache konnen ki moun fanm lan te ye. Yo vin di l' se Batcheba, pitit fi Eliyam lan, madan Ouri, moun peyi Et la.
大卫差人去,将妇人接来;那时她的月经才得洁净。她来了,大卫与她同房,她就回家去了。
David voye mesaje al chache l' mennen l' ba li, li kouche avè l'. Lè sa a Batcheba te fèk fin fè sèvis pou l' fè apre règ li. Apre sa, Batcheba tounen lakay li.
于是她怀了孕,打发人去告诉大卫说:「我怀了孕。」
Fanm lan vin ansent. Li voye nouvèl bay David pou fè l' konn sa.
大卫差人到约押那里,说:「你打发赫人乌利亚到我这里来。」约押就打发乌利亚去见大卫。
David voye yon mesaj bay Joab, li mande l' pou l' voye Ouri, moun peyi Et la, ba li. Se konsa, Joab voye Ouri bay David.
乌利亚来了,大卫问约押好,也问兵好,又问争战的事怎样。
Lè Ouri rive, David mande l' nouvèl Joab ak sòlda yo, ki jan batay la ye.
大卫对乌利亚说:「你回家去,洗洗脚吧!」乌利亚出了王宫,随后王送他一分食物。
Apre sa, li di Ouri: -Desann al lakay ou non! Al poze kò ou! Ouri soti. David voye yon kado pou li lakay li.
乌利亚却和他主人的仆人一同睡在宫门外,没有回家去。
Men Ouri pa al lakay li. Li kouche bò pòtay palè a ansanm ak tout lòt sòlda wa yo.
有人告诉大卫说:「乌利亚没有回家去。」大卫就问乌利亚说:「你从远路上来,为什么不回家去呢?」
Lè David vin konnen Ouri pa t' al lakay li, li mande l': -Ou fèk antre soti nan vwayaj, poukisa ou pa al lakay ou?
乌利亚对大卫说:「约柜和以色列与犹大兵都住在棚里,我主约押和我主(或译:王)的仆人都在田野安营,我岂可回家吃喝、与妻子同寝呢?我敢在王面前起誓(原文是我指著王和王的性命起誓):我决不行这事!」
Ouri reponn David: -Sòlda Izrayèl yo ak sòlda Jida yo byen lwen ap fè lagè, Bwat Kontra Seyè a ansanm ak yo. Kòmandan Joab ak lòt chèf lame monwa yo ap pase nwit deyò nan plenn yo. Ki jan ou vle pou m' al lakay mwen, manje, bwè, kouche ak madanm mwen? Mwen fè sèman sou tèt ou, menm jan ou vivan an, m' pa ka janm fè bagay konsa.
大卫吩咐乌利亚说:「你今日仍住在这里,明日我打发你去。」于是乌利亚那日和次日住在耶路撒冷。
David di li: -Bon. Ou mèt rete pase rès jounen an isit la. Denmen m'a voye ou ale. Se konsa, Ouri rete lavil Jerizalèm pou de jou ankò.
大卫召了乌利亚来,叫他在自己面前吃喝,使他喝醉。到了晚上,乌利亚出去与他主的仆人一同住宿,还没有回到家里去。
David envite l' vin manje avè l'. Li fè l' bwè jouk li sou. Men jou swa sa a tou, Ouri pa desann al lakay li. Li kouche sou kabann li ansanm ak sòlda palè wa yo.
次日早晨,大卫写信与约押,交乌利亚随手带去。
Nan denmen, David ekri Joab yon lèt, li bay Ouri pote l' ale.
信内写著说:「要派乌利亚前进,到阵势极险之处,你们便退后,使他被杀。」
Nan lèt la, li te ekri: W'a mete Ouri devan nèt, kote batay la pi cho a. Apre sa, rale kò ou dèyè, kite yo touye l'.
约押围城的时候,知道敌人那里有勇士,便将乌利亚派在那里。
Se konsa, Joab ki te sènen lavil Raba a voye Ouri kote li te konnen lènmi yo te pi fò a.
城里的人出来和约押打仗;大卫的仆人中有几个被杀的,赫人乌利亚也死了。
Lame lènmi yo soti nan lavil la, yo vin kontre ak lame Joab la. Gen anpil sòlda ak anpil ofisye lame David la ki te mouri. Ouri, moun peyi Et la, mouri tou.
于是,约押差人去将争战的一切事告诉大卫,
Joab voye rakonte David tout ti detay sou jan batay la pase.
又嘱咐使者说:「你把争战的一切事对王说完了,
Epi li bay mesaje a lòd sa a: -Lè w'a fin rakonte wa a tout ti detay batay la,
王若发怒,问你说:『你们打仗为什么挨近城墙呢?岂不知敌人必从城上射箭么?
li ka fè kòlè, li ka di ou: Poukisa nou te pwoche pre lavil la konsa pou m' te goumen ak lènmi yo? Se konnen nou pa konnen yo te ka rete sou tèt miray la pou yo tire flèch sou nou?
从前打死耶路比设(就是耶路巴力,见士师记九章一节)儿子亚比米勒的是谁呢?岂不是一个妇人从城上抛下一块上磨石来,打在他身上,他就死在提备斯么?你们为什么挨近城墙呢?』你就说:『王的仆人─赫人乌利亚也死了。』」
Nou gen lè bliye jan Abimelèk, pitit Jedeyon an te mouri lavil Tebès? Se yon fanm ki te rete sou tèt miray la, li voye yo wòl moulen sou li, li touye l' frèt. Poukisa atò nou te pwoche pre lavil la konsa? Si wa a pale konsa avè ou, w'a di l': Ouri, moun peyi Et la, ofisye lame ou la, mouri tou.
使者起身,来见大卫,照著约押所吩咐他的话奏告大卫。
Mesaje a ale, li rakonte David tou sa Joab te ba li lòd rakonte l' la.
使者对大卫说:「敌人强过我们,出到郊野与我们打仗,我们追杀他们,直到城门口。
Li di l': -Lènmi nou yo te pi fò pase nou. Yo fè yon soti nan lavil la, yo vin goumen avè nou nan plenn lan. Men nou fè yo kase tèt tounen, nou kouri dèyè yo jouk devan pòtay lavil la.
射箭的从城上射王的仆人,射死几个,赫人乌利亚也死了。」
Se lè sa a, yo rete sou tèt miray yo, yo voye flèch sou nou. Gen kèk ofisye lame wa a ki mouri. Ouri, moun peyi Et la, ofisye wa a, mouri tou.
王向使者说:「你告诉约押说:『不要因这事愁闷,刀剑或吞灭这人或吞灭那人,没有一定的;你只管竭力攻城,将城倾覆。』可以用这话勉励约押。」
David di mesaje a: -Ankouraje Joab. Di li li pa bezwen kite sa fatige l' twòp. Se toujou konsa lè y'ap fè lagè. Ou pa janm konnen kilès ki pral mouri. Di li pare pou li fè yon gwo atak sou lavil la pou li pran l'.
乌利亚的妻听见丈夫乌利亚死了,就为他哀哭。
Lè Batcheba vin pran nouvèl mari l' te mouri, li pran lapenn pou li.
哀哭的日子过了,大卫差人将她接到宫里,她就作了大卫的妻,给大卫生了一个儿子。但大卫所行的这事,耶和华甚不喜悦。
Lè seremoni lantèman yo fini, David voye chache l', li pran l' lakay li. Batcheba vin madanm li. Li fè yon pitit gason pou David. Men, sa David te fè a pa t' fè Seyè a plezi menm.