II Kings 4

有一个先知门徒的妻哀求以利沙说:「你仆人─我丈夫死了,他敬畏耶和华是你所知道的。现在有债主来,要取我两个儿子作奴仆。」
Madanm yonn nan pwofèt yo al jwenn Elize, li di l' konsa: --Mari m' mouri. Ou konnen se yon nonm ki te gen krentif anpil pou Bondye. Koulye a, yon nonm mari m' te dwe lajan vini, li vle pran de pitit gason m' yo pou l' al vann yo tankou esklav pou l' ka antre lajan l' lan.
以利沙问她说:「我可以为你做什么呢?你告诉我,你家里有什么?」她说:「婢女家中除了一瓶油之外,没有什么。」
Elize mande l': --Kisa m' ka fè pou ou? Di m' kisa ou gen lakay ou. Madanm lan reponn li: --Mèt, m' pa gen anyen pase yon ti boutèy lwil.
以利沙说:「你去,向你众邻舍借空器皿,不要少借;
Lè sa a Elize di li: --Ale nan vwazenaj. Mande prete valè ja vid ou ka jwenn.
回到家里,关上门,你和你儿子在里面将油倒在所有的器皿里,倒满了的放在一边。」
Lèfini, tounen lakay ou ansanm ak pitit gason ou yo. Fèmen tout pòt. Konmanse plen tout ja yo lwil. Chak ja ki plen, w'a mete l' sou kote.
于是,妇人离开以利沙去了,关上门,自己和儿子在里面;儿子把器皿拿来,她就倒油。
Se konsa, madanm lan kite Elize, li tounen lakay li al jwenn pitit gason l' yo. Li fèmen pòt. Li pran ti boutèy lwil la, li vide lwil nan ja vid yo. Pitit gason l' yo t'ap pote ja yo ba li yonn apre lòt. Li menm li t'ap plen yo.
器皿都满了,她对儿子说:「再给我拿器皿来。」儿子说:「再没有器皿了。」油就止住了。
Lè tout ja yo fin plen, madanm lan mande yonn nan pitit li yo si pa t' gen ja ankò. Gason l' lan reponn li. --Pa gen ja vid ankò non. Lamenm lwil la sispann koule.
妇人去告诉神人,神人说:「你去卖油还债,所剩的你和你儿子可以靠著度日。」
Madanm lan al jwenn Elize, li rakonte l' tout bagay. Elize di li: --Bon. Al vann lwil la. Peye tout dèt ou yo. Lèfini, w'ap gen lajan rete nan men ou pou ou viv ak pitit ou yo.
一日,以利沙走到书念,在那里有一个大户的妇人强留他吃饭。此后,以利沙每从那里经过就进去吃饭。
Yon jou, Elize t'ap pase lavil Chounèm kote te gen yon madanm ki te gen bon ti mwayen. Madanm lan fann dèyè l' pou li vin manje avè l'. Depi lè sa a, chak fwa Elize pase lavil Chounèm, se lakay madanm sa a l' al manje.
妇人对丈夫说:「我看出那常从我们这里经过的是圣洁的神人。
Yon lè, madanm lan di mari l': --Gade! Mwen vin konnen nonm sa k'ap pase tout tan vin isit la se yon pwofèt Bondye, yon nonm k'ap viv apa pou Bondye li ye.
我们可以为他在墙上盖一间小楼,在其中安放床榻、桌子、椅子、灯台,他来到我们这里,就可以住在其间。」
Ann bati yon ti pyès an masonn sou teras anwo a. N'a mete yon kabann, yon chèz, yon tab ak yon lanp ladan l'. Konsa, lè la vin vizite nou, la gen yon kote pou l' ka pou kont li.
一日,以利沙来到那里,就进了那楼躺卧。
Yon jou, Elize te vin lavil Chounèm, li moute nan chanm li, li kouche.
以利沙吩咐仆人基哈西说:「你叫这书念妇人来。」他就把妇人叫了来,妇人站在以利沙面前。
Li di Gerazi, domestik li a, rele madanm lan pou li. Gerazi rele madanm lan. Lè madanm lan rive,
以利沙吩咐仆人说:「你对她说:你既为我们费了许多心思,可以为你做什么呢?你向王或元帅有所求的没有?」她回答说:「我在我本乡安居无事。」
Elize di Gerazi konsa: --Mande l' pou mwen kisa m' ka fè pou li pou tout traka li bay tèt li pou nou. Eske li ta vle m' al pale ak wa a osinon kòmandan lame a pou li? Madanm lan reponn: --Mèsi wi. Mwen gen tou sa m' bezwen nan mitan pèp la.
以利沙对仆人说:「究竟当为她做什么呢?」基哈西说:「她没有儿子,她丈夫也老了。」
Elize mande Gerazi: --Kisa nou ta ka fè pou li en? Gerazi di li: --Podyab! Li pa gen pitit gason, lèfini, mari l' fin granmoun!
以利沙说:「再叫她来。」于是叫了她来,她就站在门口。
Elize di: --Rele l' pou mwen! Gerazi rele madanm lan. Madanm lan vini, li kanpe nan papòt la.
以利沙说:「明年到这时候,你必抱一个儿子。」她说:「神人,我主啊,不要那样欺哄婢女。」
Elize di li: --Nan ennan, vè lè konsa, w'a kenbe yon pitit gason nan bra ou. Madanm lan di: --Non, mèt. Tanpri, se sèvitè Bondye ou ye, pa ban m' manti.
妇人果然怀孕,到了那时候,生了一个儿子,正如以利沙所说的。
Men, madanm lan vin ansent jan Elize te di l' la. Se konsa ennan apre, li fè yon pitit gason.
孩子渐渐长大,一日到他父亲和收割的人那里,
Ti gason an grandi. Yon jou ti gason an t al jwenn papa l' ki t'ap ranmase rekòt nan jaden l' ak kèk lòt moun,
他对父亲说:「我的头啊,我的头啊!」他父亲对仆人说:「把他抱到他母亲那里。」
li rete konsa, li di papa l': --Woy! Tèt mwen! Tèt mwen! Papa a rele yonn nan domestik li yo, li di l' konsa: --Pote ti gason an bay manman l'.
仆人抱去,交给他母亲;孩子坐在母亲的膝上,到晌午就死了。
Domestik la pran ti gason an, li pote l' bay manman l'. Manman an kenbe ti gason an sou janm li. Rive midi, ti gason an mouri.
他母亲抱他上了楼,将他放在神人的床上,关上门出来,
Manman an moute avè l' nan chanm Elize a. Li mete l' kouche sou kabann lan. Li fèmen pòt la, epi li soti.
呼叫她丈夫说:「你叫一个仆人给我牵一匹驴来,我要快快地去见神人,就回来。」
Li fè rele mari li, li di l' konsa: --Tanpri, voye yon domestik ban mwen ak yon bourik. Mwen bezwen ale bò kote Elize, pwofèt la. M' p'ap mize.
丈夫说:「今日不是月朔,也不是安息日,你为何要去见他呢?」妇人说:「平安无事。」
Mari a mande l': --Poukisa se jòdi a pou ou ale bò kot pwofèt la. Se pa jou repo, ni se pa jou fèt lalin nouvèl. Madanm lan reponn li: --Sa pa fè anyen!
于是备上驴,对仆人说:「你快快赶著走,我若不吩咐你,就不要迟慢。」
Li fè sele bourik la, epi li di domestik li a: --Degage ou fè bourik la mache vit. Pa kite l' al dousman jouk m'a di ou rete.
妇人就往迦密山去见神人。神人远远地看见她,对仆人基哈西说:「看哪,书念的妇人来了!
Se konsa, li pati pou mòn Kamèl kote Elize, sèvitè Bondye a, te ye. Elize wè l' byen lwen ap vini. Li di Gerazi, domestik li a: --Men madanm lavil Choumèn lan ap vini.
你跑去迎接她,问她说:你平安吗?你丈夫平安吗?孩子平安吗?」她说:「平安。」
Kouri al jwenn li. Mande l' si tout moun lakay li byen, li menm, mari l' ak pitit li a. Madanm lan di Gerazi tout moun byen.
妇人上了山,到神人那里,就抱住神人的脚。基哈西前来要推开她,神人说:「由她吧!因为她心里愁苦,耶和华向我隐瞒,没有指示我。」
Men lè li rive kot Elize, li lage kò l' atè devan li, li mare nan pye Elize. Gerazi fè sa pou l' pouse l', Elize di l' konsa: --Kite l'. Ou pa wè jan li gen gwo lapenn? Epi Seyè a pa kite m' konn sa. Li kache m' sa.
妇人说:「我何尝向我主求过儿子呢?我岂没有说过,不要欺哄我吗?」
Lè sa a madanm lan di: --Mèt, se mwen ki te mande ou yon pitit gason? M' pa t' di ou pa ban m' move espwa?
以利沙吩咐基哈西说:「你束上腰,手拿我的杖前去;若遇见人,不要向他问安;人若向你问安,也不要回答;要把我的杖放在孩子脸上。」
Elize vire bò Gerazi, li di l' konsa: --Pare kò ou non! Pran baton m' lan avè ou. Pati. Pa rete sou wout ou pou di pesonn bonjou. Si yon moun di ou bonjou, pa reponn. Ale dirèk dirèk kay madanm lan. Lè w'a rive, w'a mete baton m' lan sou figi pitit la.
孩子的母亲说:「我指著永生的耶和华,又敢在你面前起誓,我必不离开你。」于是以利沙起身,随著她去了。
Men manman ti gason an di Elize konsa: --Mwen pran Seyè vivan an ansanm ak ou tou pou temwen. Mwen pa pral san ou! Lè sa a Elize leve, li pati avè l'.
基哈西先去,把杖放在孩子脸上,却没有声音,也没有动静。基哈西就迎著以利沙回来,告诉他说:「孩子还没有醒过来。」
Gerazi te gen tan pran devan. Li mete baton Elize a sou figi ti gason an. Men, ti gason an pa briding kò l'. Gerazi tounen al jwenn Elize, li di l': --Ti gason an pa leve.
以利沙来到,进了屋子,看见孩子死了,放在自己的床上。
Lè Elize rive, li moute pou kont li nan chanm lan. Li wè ti gason an mouri kouche sou kabann lan.
他就关上门,只有自己和孩子在里面,他便祈祷耶和华,
Li fèmen pòt la, epi li pran lapriyè Seyè a.
上床伏在孩子身上,口对口,眼对眼,手对手;既伏在孩子身上,孩子的身体就渐渐温和了。
Lèfini, li moute kouche sou ti gason an, li mete bouch li sou bouch ti gason an, je li sou je ti gason an ak men l' sou men ti gason an. Li rete kouche konsa sou ti gason an. Kò ti gason an konmanse vin cho.
然后他下来,在屋里来往走了一趟,又上去伏在孩子身上,孩子打了七个喷嚏,就睁开眼睛了。
Elize leve, li fè yon ti mache nan chanm lan. Lèfini, l' al kouche menm jan an sou ti gason an ankò. Ti gason an estènen sèt fwa, epi li louvri je l'.
以利沙叫基哈西说:「你叫这书念妇人来」;于是叫了她来。以利沙说:「将你儿子抱起来。」
Elize rele Gerazi, li di l': --Rele madanm lan pou mwen. Lè madanm lan vini, li di l': --Men pitit gason ou lan.
妇人就进来,在以利沙脚前俯伏于地,抱起她儿子出去了。
Madanm lan tonbe ajenou nan pye Elize, li bese tèt li jouk atè. Lèfini, li pran pitit li, l' ale.
以利沙又来到吉甲,那地正有饥荒。先知门徒坐在他面前,他吩咐仆人说:「你将大锅放在火上,给先知门徒熬汤。」
Apre sa, Elize tounen lavil Gilgal. Lè sa a, yon sèl grangou te tonbe sou tout peyi a. Yon jou, yon gwoup pwofèt te chita ap pale ak Elize. Elize rele domestik li a, li di l' konsa: --Mete gwo mamit la sou dife. Pare yon bouyon pou pwofèt yo.
有一个人去到田野掐菜,遇见一棵野瓜籐,就摘了一兜野瓜回来,切了搁在熬汤的锅中,因为他们不知道是什么东西;
Yonn nan pwofèt yo soti al chache kèk fèy legim. Li jwenn yon pye lyann mawon, li keyi kèk fwi ki te tankou ti kalbas, li plen rad li. Li tounen, li koupe yo an ti moso, li mete yo nan bouyon an san konnen sa yo te ye.
倒出来给众人吃,吃的时候,都喊叫说:「神人哪,锅中有致死的毒物!」所以众人不能吃了。
Yo sèvi mesye yo. Goute yo goute bouyon an, yo pran rele. Yo di: --Pwofèt Elize! Manje a gen yon pwazon ladan l'. Yo derefize manje.
以利沙说:「拿点面来」,就把面撒在锅中,说:「倒出来,给众人吃吧!」锅中就没有毒了。
Men Elize di: --Pote ti gout farin frans pou mwen. Li mete farin lan nan bouyon an. Epi li di: --Bay mesye yo manje. Mesye yo manje. Pa t'gen pwazon ankò nan manje a.
有一个人从巴力‧沙利沙来,带著初熟大麦做的饼二十个,并新穗子,装在口袋里送给神人。神人说:「把这些给众人吃。」
Yon lòt fwa ankò, yon nonm soti lavil Baal Chalicha, li pote yon sak pwovizyon fè Elize kado. Nan sak la te gen ven pen li te fè ak premye grenn lòj li te rekolte pou lanne a ansanm ak yon pakèt grap lòj li te fèk koupe. Elize di domestik li a pou li sèvi yo bay pwofèt yo manje.
仆人说:「这一点岂可摆给一百人吃呢?」以利沙说:「你只管给众人吃吧!因为耶和华如此说,众人必吃了,还剩下。」
Men domestik la di l': --Ki jan pou m' rive bay san moun manje ak ti pwovizyon sa a? Elize reponn li: --Ba yo l' pou yo manje, paske Seyè a di y'ap manje kont yo, y'ap kite rès.
仆人就摆在众人面前,他们吃了,果然还剩下,正如耶和华所说的。
Domestik la sèvi manje a. Tout pwofèt yo manje, yo kite rès jan Seyè a te di l' la.