II Chronicles 9

示巴女王听见所罗门的名声,就来到耶路撒冷,要用难解的话试问所罗门;跟随她的人甚多,又有骆驼驮著香料、宝石,和许多金子。她来见了所罗门,就把心里所有的对所罗门都说出来。
Larenn peyi Saba tande pale ki kalite moun Salomon te ye. Li vwayaje pou lavil Jerizalèm pou l' sonde konesans Salomon avèk kèk keksyon difisil. Se konsa, li mennen anpil moun avè l' ak anpil chamo chaje odè, fèy santi bon, kantite lò ak pyè koute chè. Lè li rive devan Salomon, li poze l' tout kalite keksyon li te fè lide mande l'.
所罗门将她所问的都答上了,没有一句不明白、不能答的。
Salomon menm reponn tout keksyon l' yo. pa t' gen anyen ki te twò difisil pou li reponn.
示巴女王见所罗门的智慧和他所建造的宫室、
Larenn peyi Saba a wè jan Salomon te gen anpil bon konprann. Li wè palè li te bati a.
席上的珍馐美味、群臣分列而坐、仆人两旁侍立,以及他们的衣服装饰、酒政,和酒政的衣服装饰,又见他上耶和华殿的台阶,就诧异得神不守舍,
Li wè kalite manje yo te sèvi sou tab li, kay li te fè bati pou chèf li yo, jan li te òganize moun k'ap travay nan palè a, rad inifòm yo te genyen, domestik ki t'ap sèvi l' bweson ak bèt li te ofri pou boule nèt pou Seyè a nan Tanp lan. Lè li wè tou sa, li pèdi lapawòl sitèlman li te sezi.
对王说:「我在本国里所听见论到你的事和你的智慧实在是真的!
Li di wa Salomon konsa: -Sa m' te tande nan peyi m' sou ou ak sou bon konprann ou an, se te vre!
我先不信那些话,及至我来亲眼见了,才知道你的大智慧;人所告诉我的,还不到一半;你的实迹越过我所听见的名声。
Men, mwen pa t' vle kwè toutotan mwen pa t' vini wè ak je pa mwen. Men, sa m' te tande a se pa mwatye sa m' wè a. Bon konprann ou ak richès ou pi plis pase sa yo te di a.
你的群臣、你的仆人常侍立在你面前听你智慧的话是有福的。
Ala bèl chans moun pa ou yo genyen! Ala bèl chans pou moun k'ap travay avè ou yo! Yo toujou la devan ou ap tande bèl pawòl k'ap soti nan bouch ou!
耶和华─你的 神是应当称颂的!他喜悦你,使你坐他的国位,为耶和华─你的 神作王;因为你的 神爱以色列人,要永远坚立他们,所以立你作他们的王,使你秉公行义。」
Lwanj pou Seyè a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avè ou. Li mete ou chita sou fotèy li a pou ou te ka wa peyi Izrayèl la. Li menm ki renmen peyi Izrayèl la, li vle pou peyi a pa janm disparèt. Li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lòd, nan bon chemen, san patipri.
于是示巴女王将一百二十他连得金子和宝石,与极多的香料送给所罗门王;她送给王的香料,以后再没有这样的。
Larenn Saba a fè wa a kado twa tòn edmi lò ak kantite fèy santi bon ak anpil pyè koute chè. Pat janm rive gen nan pèyi Izrayèl la kantite fèy santi bon tankou sa larenn Saba a te bay wa Salomon lè sa a.
希兰的仆人和所罗门的仆人从俄斐运了金子来,也运了檀香木【或作乌木;下同】和宝石来。
Moun Iram yo ansanm ak moun Salomon yo, ki te al chache lò nan peyi Ofi, te pote yon gwo kantite bwa koray ak anpil bèl pyè koute chè soti nan menm peyi a.
王用檀香木为耶和华殿和王宫做台,又为歌唱的人做琴瑟;犹大地从来没有见过这样的。
Salomon sèvi ak bwa koray yo pou fè planche nan Tanp lan ak nan palè a. Li fè gita ak bandjo pou mizisyen yo ak bwa sa a tou. Yo pa t' janm wè bagay konsa nan peyi Jida a anvan sa.
所罗门王按示巴女王所带来的,还她礼物,另外照她一切所要所求的,都送给她。于是女王和她臣仆转回本国去了。
Wa Salomon te bay larenn peyi Saba a tou sa li te mande l', san konte kado li te ba li pou koresponn ak sa larenn lan te pote ba li. Apre sa, larenn lan tounen tounen l' nan peyi Saba ansanm ak tout moun ki te avè l' yo.
所罗门每年所得的金子共有六百六十六他连得,
Chak lanne, wa Salomon te resevwa vennsenk tòn lò,
另外还有商人所进的金子,并且阿拉伯诸王与属国的省长都带金银给所罗门。
san konte lajan li te resevwa nan men moun k'ap fè trafik yo ak moun k'ap fè kòmès yo. Tout wa peyi Arabi yo ak gouvènè pèp Izrayèl yo te pote lò ak ajan bay Salomon tou.
所罗门王用锤出来的金子打成挡牌二百面,每面用金子六百舍客勒;
Salomon te fè fè desan (200) gwo plak pwotèj an fè. Lèfini, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze douz liv.
又用锤出来的金子打成盾牌三百面,每面用金子三百舍客勒,都放在黎巴嫩林宫里。
Li fè fè twasan (300) ti plak pwotèj, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze sis liv. Li mete tout plak pwotèj sa yo nan salon Rakbwa Peyi Liban an.
王用象牙制造一个大宝座,用精金包裹。
Li fè fè tou yon gwo fotèy ak kòn elefan. Li fè kouvri l' ak pi bon kalite lò ki genyen.
宝座有六层台阶,又有金脚凳,与宝座相连。宝座两旁有扶手,靠近扶手有两个狮子站立。
Pou rive bò fotèy la, se pou ou te moute sis mach eskalye. Devan fotèy la te gen yon ti ban an lò pou wa a lonje pye l'. Fotèy la te gen de manch. Sou kote manch yo, sou chak bò te gen pòtre yon lyon.
六层台阶上有十二个狮子站立,每层有两个:左边一个,右边一个;在列国中没有这样做的。
Te gen douz lyon sou mach eskalye yo, de sou chak mach nan de pwent yo. Pat gen ankenn lòt peyi ki te gen yon fotèy pou wa parèy ak sa a.
所罗门王一切的饮器都是金的,黎巴嫩林宫里的一切器皿都是精金的。所罗门年间,银子算不了什么。
Tout gode wa Salomon te sèvi pou l' bwè te fèt an lò. Tout bagay ki te sèvi nan Salon Rakbwa Peyi Liban an te fèt an bon lò. Yo pa t' sèvi ak ajan menm, paske sou rèy Salomon, ajan pa t' vo anyen.
因为王的船只与希兰的仆人一同往他施去;他施船只三年一次装载金、银、象牙、猿猴、孔雀回来。
Li te gen yon kantite batiman pa l' ki t'ap vwayaje ale nan peyi Tasis. Se moun Iram yo ki te mennen yo pou li. Chak twazan, batiman yo te tounen chaje ak lò, ajan, kòn elefan, pan ak makak.
所罗门王的财宝与智慧胜过天下的列王。
Wa Salomon te pi rich pase tout lòt wa yo. Li te gen plis bon konprann pase yo tout.
普天下的王都求见所罗门,要听 神赐给他智慧的话。
Tout wa toupatou te vin wè Salomon pou tande bèl pawòl Bondye te mete nan bouch li.
他们各带贡物,就是金器、银器、衣服、军械、香料、骡马,每年有一定之例。
Chak moun ki te vini te pote kado pou li, bagay ki fèt an ajan ak an lò, rad, zam, fèy santi bon, chwal ak milèt. Chak lanne se te konsa.
所罗门有套车的马四千棚,有马兵一万二千,安置在屯车的城邑和耶路撒冷,就是王那里。
Salomon te gen katmil (4.000) kay kote li te mete chwal li yo ak cha lagè, ak douzmil (12.000) chwal pou sòlda kavalye yo. Li mete yon pòsyon nan lavil kote li te gen cha li yo, rès yo li mete yo lavil Jerizalèm bò kote l'.
所罗门统管诸王,从大河到非利士地,直到埃及的边界。
Salomon te sèl chèf sou tout wa ki t'ap gouvènen depi larivyè Lefrat rive nan peyi Filisti, jouk sou fwontyè peyi Lejip.
王在耶路撒冷使银子多如石头,香柏木多如高原的桑树。
Pandan tout rèy li, ajan te tankou wòch lavil Jerizalèm. Bwa sèd menm, ou te jwenn sa an kantite tankou pye sikomò nan rakbwa nan plenn peyi Jida yo.
有人从埃及和各国为所罗门赶马群来。
Se nan peyi Lejip ak nan tout lòt peyi Salomon te fè chache chwal li yo.
所罗门其余的事,自始至终,不都写在先知拿单的书上和示罗人亚希雅的预言书上,并先见易多论尼八儿子耶罗波安的默示书上吗?
Tout rès istwa Salomon an, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jwa a, nou jwenn li nan liv istwa pwofèt Natan, nan liv mesaj Akija, moun lavil Silo a, ak nan liv vizyon pwofèt Ido ki pale sou wa Jewoboram, pitit Nebat la.
所罗门在耶路撒冷作以色列众人的王共四十年。
Salomon te wa lavil Jerizalèm, li te gouvènen tout pèp Izrayèl la pandan karantan.
所罗门与他列祖同睡,葬在他父大卫城里。他儿子罗波安接续他作王。
Lè li mouri, yo antere l' nan lavil David, papa l'. Se Woboram, pitit li, ki moute wa nan plas li.