II Chronicles 21

约沙法与他列祖同睡,葬在大卫城他列祖的坟地里。他儿子约兰接续他作王。
Jozafa mouri, yo antere l' nan tonm wa yo, nan lavil David la. Se pitit li, Joram, ki moute sou fotèy la nan plas li.
约兰有几个兄弟,就是约沙法的儿子亚撒利雅、耶歇、撒迦利雅、亚撒利雅、米迦勒、示法提雅。这都是犹大王约沙法的儿子。
Joram, pitit Jozafa, wa peyi Jida a, te gen sis frè: Azarya, Jeyèl, Zakari, Azaryawou, Mikayèk ak Chefatyawou.
他们的父亲将许多金银、财宝,和犹大地的坚固城赐给他们;但将国赐给约兰,因为他是长子。
Papa yo te ba yo chak yon kantite lò, ajan, ak tout kalite lòt bagay ki gen valè. Li mete yo chèf nan gwo lavil ki gen miray ranpa nan peyi Jida a. Men li te mete Joram wa nan plas li, paske Joram te premye pitit gason l'.
约兰兴起坐他父的位,奋勇自强,就用刀杀了他的众兄弟和以色列的几个首领。
Lè Joram moute wa nan plas papa l', li chita otorite l' byen chita nan peyi a. Lèfini, li fè touye tout frè l' yo ansanm ak kèk gwo chèf pèp Izrayèl la.
约兰登基的时候年三十二岁,在耶路撒冷作王八年。
Joram te gen tranndezan lè li moute wa. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan witan.
他行以色列诸王的道,与亚哈家一样;因他娶了亚哈的女儿为妻,行耶和华眼中看为恶的事。
Li fè tankou wa Akab ak lòt wa peyi Izrayèl yo te fè. Li te marye ak yon pitit fi Akab, li fè sa ki mal nan je Seyè a.
耶和华却因自己与大卫所立的约,不肯灭大卫的家,照他所应许的,永远赐灯光与大卫和他的子孙。
Men Seyè a pa t' vle detwi fanmi David la, paske li te pase kontra ak David. Li te pwomèt David li t'ap toujou gen yon moun nan ras li pou gouvènen peyi a devan Seyè a.
约兰年间,以东人背叛犹大,脱离他的权下,自己立王。
Sou rèy wa Joram, moun peyi Edon yo pran lèzam kont moun peyi Jida yo. Yo pran libète granmoun yo, yo nonmen yon wa pou gouvènen yo.
约兰就率领军长和所有的战车,夜间起来,攻击围困他的以东人和车兵长。
Se konsa Joram soti ak tout chèf li yo ak tout cha lagè li yo, li mache sou yo. Lame moun Edon yo sènen l'. Pandan lannwit, Joram ak chèf cha lagè li yo leve, yo atake moun Edon yo, yo pase soti nan mitan yo, yo chape kò yo.
这样,以东人背叛犹大,脱离他的权下,直到今日。那时,立拿人也背叛了,因为约兰离弃耶和华─他列祖的 神。
Se depi lè sa a, peyi Edon soti anba otorite peyi Jida a. Yo granmoun lakay yo. Se menm lè sa a tou, moun lavil Libna yo soti anba otorite peyi Jida a, paske Joram te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a.
他又在犹大诸山建筑邱坛,使耶路撒冷的居民行邪淫,诱惑犹大人。
Li te menm rive fè bati tanp pou sèvi zidòl nan mòn peyi Jida yo. Li lakòz moun lavil Jerizalèm yo vire do bay Bondye. Li fè peyi Jida a pèdi wout li.
先知以利亚达信与约兰说:「耶和华─你祖大卫的 神如此说:『因为你不行你父约沙法和犹大王亚撒的道,
Se konsa Joram resevwa yon lèt pwofèt Eli te voye ba li. Nan lèt la pwofèt la di: -Men sa Seyè a, Bondye David, zansèt w'a a, voye di ou: Ou pa swiv egzanp Jozafa, papa ou, ni egzanp Asa, granpapa ou.
乃行以色列诸王的道,使犹大人和耶路撒冷的居民行邪淫,像亚哈家一样,又杀了你父家比你好的诸兄弟。
Ou te pito swiv egzanp wa peyi Izrayèl yo. Ou lakòz peyi Jida a ak tout moun lavil Jerizalèm yo vire do bay Bondye tankou moun fanmi Akab yo te fè l' la. Ou menm rive touye frè ou yo, pwòp pitit papa ou yo, ki te pi bon pase ou.
故此,耶和华降大灾与你的百姓和你的妻子、儿女,并你一切所有的。
Se poutèt sa, Seyè a pral voye yon gwo malè sou pèp la, sou pitit ou yo, sou madanm ou yo ak sou tou sa ou genyen.
你的肠子必患病,日加沉重,以致你的肠子坠落下来。』」
Ou menm pou tèt pa ou, ou pral malad anpil. Ou pral gen yon sèl maladi vant ki pral fè ou soufri jouk trip ou va soti.
以后,耶和华激动非利士人和靠近古实的阿拉伯人来攻击约兰。
Lè sa a, te gen kèk moun Filisti ak moun Arabi ki t'ap viv toupre ak moun Letiopi yo. Seyè a fè yo vin atake Joram.
他们上来攻击犹大,侵入境内,掳掠了王宫里所有的财货和他的妻子、儿女,除了他小儿子约哈斯【又名亚哈谢】之外,没有留下一个儿子。
Yo anvayi peyi Jida, yo piye palè wa a, yo fè tout madanm li yo prizonye ansanm ak tout pitit gason l' yo. Sèl pitit gason yo te kite pou li se te Joakaz, ti dènye a.
这些事以后,耶和华使约兰的肠子患不能医治的病。
Apre sa, Seyè a voye yon sèl maladi vant sou li ki pa t' ka geri.
他患此病缠绵日久,过了二年,肠子坠落下来,病重而死。他的民没有为他烧什么物件,像从前为他列祖所烧的一样。
Pandan dezan maladi a t'ap minen l', trip li yo soti, li t'ap soufri anpil lè li mouri. Pèp la pa t' limen boukan pou li jan yo te fè l' pou zansèt li yo.
约兰登基的时候年三十二岁,在耶路撒冷作王八年。他去世无人思慕,众人葬他在大卫城,只是不在列王的坟墓里。
Joram te gen tranndezan lè li moute wa, li gouvènen lavil Jerizalèm pandan witan. Pesonn pa t' pran lapenn pou li lè li mouri. Yo antere l' nan lavil David la, men yo pa mete l' nan tonm wa yo.