I Samuel 21

大卫到了挪伯祭司亚希米勒那里,亚希米勒战战兢兢地出来迎接他,问他说:「你为什么独自来,没有人跟随呢?」
David ale lakay Akimelèk, prèt la, nan lavil Nòb. Akimelèk soti vin kontre l', li te tou ap tranble. Li di l' konsa: -Poukisa ou vin pou kont ou, san moun avè ou?
大卫回答祭司亚希米勒说:「王吩咐我一件事说:『我差遣你委托你的这件事,不要使人知道。』故此我已派定少年人在某处等候我。
David reponn li: -Wa a voye m' regle yon bagay pou li. Li di m' pa kite pesonn konnen sa li voye m' fè a. Pou moun ki avè m' yo, mwen ba yo randevou yon kote.
现在你手下有什么?求你给我五个饼或是别样的食物。」
Bon, koulye a, kisa ou gen la a pou moun manje? Ban m' senk pen ou nenpòt lòt sa ou genyen.
祭司对大卫说:「我手下没有寻常的饼,只有圣饼;若少年人没有亲近妇人才可以给。」
Prèt la di l': -Mwen pa gen pen òdinè la a non. Sèl sa mwen genyen se pen yo mete apa pou Bondye. Mwen ka ba ou li, si ou konnen mesye ou yo pa nan anyen ak fanm depi kèk jou.
大卫对祭司说:「实在约有三日我们没有亲近妇人;我出来的时候,虽是寻常行路,少年人的器皿还是洁净的;何况今日不更是洁净吗?」
David reponn li: -Se toujou konsa, lè nou nan misyon, nou pa nan anyen ak fanm menm. Sou pwen sa a, depi m'ap soti ak mesye m' yo, li te mèt pou yon misyon òdinè, mesye m' yo fèt pou toujou nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye, ale wè fwa sa a se pou yon misyon espesyal.
祭司就拿圣饼给他;因为在那里没有别样饼,只有更换新饼,从耶和华面前撤下来的陈设饼。
Se konsa prèt la pran nan pen yo te mete apa pou Bondye yo, li ba li paske sèl sa li te genyen se pen yo te ofri bay Bondye chak jou a. Yo te fèk wete yo sou tab la devan Seyè a pou yo te mete lòt pen fre.
(当日有扫罗的一个臣子留在耶和华面前。他名叫多益,是以东人,作扫罗的司牧长。)
Men jou sa a, Doèg, yon moun peyi Edon, yonn nan domestik Sayil yo, te la tou, paske li te gen yon bèt pou l' te ofri pou Seyè a. Se li ki te chèf tout gadò mouton Sayil yo.
大卫问亚希米勒说:「你手下有枪有刀没有?因为王的事甚急,连刀剑器械我都没有带。」
David di Akimelèk ankò: -Eske ou gen yon frenn osinon yon nepe la a ou ka ban mwen? Paske, wa a te ban m' lòd pou m' te pati prese prese, mwen pa t' gen tan pran ni nepe mwen, ni ankenn lòt zam.
祭司说:「你在以拉谷杀非利士人歌利亚的那刀在这里,裹在布中,放在以弗得后边,你要就可以拿去;除此以外,再没有别的。」大卫说:「这刀没有可比的!求你给我。」
Akimelèk di li: -Mwen gen nepe Golyat, sòlda Filisti ou te touye nan Fon Bwadchenn lan. Men li la dèyè Bwat kontra a, li vlope nan yon moso twal. Si ou vle l', ou mèt pran l'. Se sèl zam ki gen isit la. David di li: -Ban mwen li non! Pa gen pi bon pase l'.
那日大卫起来,躲避扫罗,逃到迦特王亚吉那里。
Lèfini, David pati, li sove pou Sayil, l' ale lakay Akich, wa lavil Gat la.
亚吉的臣仆对亚吉说:「这不是以色列国王大卫吗?那里的妇女跳舞唱和,不是指著他说『扫罗杀死千千,大卫杀死万万』吗?」
Moun wa Akich yo di wa a konsa: -Se pa David sa, wa peyi a? Se pou li medam yo te fè chante yo t'ap chante lè yo t'ap danse a, chante ki di: Sayil desann mil! David desann dimil!
大卫将这话放在心里,甚惧怕迦特王亚吉,
Pawòl sa yo te aji anpil sou David. Li vin pè Akich, wa lavil Gat la.
就在众人面前改变了寻常的举动,在他们手下假装疯癫,在城门的门扇上胡写乱画,使唾沫流在胡子上。
Li pran pòz moun fou li devan yo tout. Li aji tankou yon moun fou lè yo mete men sou li. Li pran fè grabji ak dwèt li sou pòt yo, li kite bave koule sou tout bab li.
亚吉对臣仆说:「你们看,这人是疯子。为什么带他到我这里来呢?
Lè sa a, Akich di moun li yo: -Nou pa wè se yon moun fou? Poukisa nou mennen l' ban mwen?
我岂缺少疯子,你们带这人来在我面前疯癫吗?这人岂可进我的家呢?」
Mwen pa gen kont moun fou avè m' deja? Poukisa nou mennen sa a ankò vin plede fè tenten andedan lakay mwen an?