I Kings 7

所罗门为自己建造宫室,十三年方才造成;
Salomon te bati yon palè pou li menm tou. Li pran trèzan pou l' fini l'.
又建造黎巴嫩林宫,长一百肘,宽五十肘,高三十肘,有香柏木柱三【原文作四】行,柱上有香柏木柁梁。
Li bati yon kay yo rele Rakbwa peyi Liban an. Li te gen sansenkant (150) pye longè, swasannkenz pye lajè ak karannsenk pye wotè. Li te gen kat ranje gwo poto bwa sèd. Chak ranje te gen kenz poto ak gwo travès sèd chita sou tèt poto yo.
其上以香柏木为盖,每行柱子十五根,共有四十五根。
Plafon an te fèt an planch sèd. Li te kloure sou karannsenk travès ki te chita sou tèt poto yo.
有窗户三层,窗与窗相对。
Nan de miray sou kote yo, te gen twa ranje fennèt. Fennèt yo te bay yonn sou lòt.
所有的门框都是厚木见方的,有窗户三层,窗与窗相对。
Pòt yo ak fennèt yo te kare kare. Te gen twa ranje fennèt sou chak bò, yonn an fas lòt.
并建造有柱子的廊子,长五十肘,宽三十肘;在这廊前又有廊子,廊外有柱子和台阶。
Li bati yon lòt gwo pyès yo rele Chanm Poto yo. Li te gen swasannkenz pye longè, karannsenk pye lajè. Te gen yon lòt ti pyès sou devan l' avèk gwo poto ak dòmant.
又建造一廊,其中设立审判的座位,这廊从地到顶都用香柏木遮蔽。
Yo bati yon lòt kay yo rele Chanm Fotèy la ou ankò Salon Jijman an. Se la Salomon te konn rann jijman. Miray yo te kouvri ak bwa sèd depi anba rive nan plafon an.
廊后院内有所罗门住的宫室;工作与这工作相同。所罗门又为所娶法老的女儿建造一宫,做法与这廊子一样。
Kay kote Salomon te rete a te nan yon lòt lakou dèyè Salon Jijman an. Li te bati tankou lòt kay yo. Salomon bati yon lòt kay menm jan an tou pou madanm li, pitit fi wa peyi Lejip la.
建造这一切所用的石头都是宝贵的,是按著尺寸凿成的,是用锯里外锯齐的;从根基直到檐石,从外头直到大院,都是如此。
Tout kay sa yo te bati ak bèl wòch taye, depi nan fondasyon yo jouk anba twati yo. Wòch yo te pare depi nan min wòch la. Yo te taye sou mezi. Fasad anndan ak fasad deyò wòch yo te taye ak si.
根基是宝贵的大石头,有长十肘的,有长八肘的;
Fondasyon yo te fèt ak gwo wòch yo te taye nan min wòch la. Genyen ladan yo ki te gen douz pye longè.
上面有香柏木和按著尺寸凿成宝贵的石头。
Anwo fondasyon an te gen menm kalite wòch taye sou mezi ak madriye sèd.
大院周围有凿成的石头三层、香柏木一层,都照耶和华殿的内院和殿廊的样式。
Gwo lakou palè a te fèmen ak yon miray fèt ak twa ranje wòch pou chak ranje madriye sèd, tankou lakou anndan ak lakou devan Tanp lan.
所罗门王差遣人往推罗去,将户兰召了来。
Wa Salomon voye chache yon bòs ki te rele Iram tou. Se te yon moun lavil Tir.
他是拿弗他利支派中一个寡妇的儿子,他父亲是推罗人,作铜匠的。户兰满有智慧、聪明、技能,善于各样铜作。他来到所罗门王那里,做王一切所要做的。
Papa Iram te moun lavil Tir tou. Se te yon bòs fò nan travay kwiv. Manman li te moun nan branch fanmi Neftali a. Se te yon vèv. Iram te yon moun ki te gen anpil ladrès, anpil konesans ak bon konprann pou fè tout kalite bagay an kwiv. Se konsa li te vin kay wa a, li fè tout travay li yo.
他制造两根铜柱,每根高十八肘,围十二肘。
Iram koule de gwo poto kwiv won yo. Yo chak te gen vennsèt pye wotè. Wonn poto yo te mezire dizwit pye. Li mete yo kanpe devan Tanp lan.
又用铜铸了两个柱顶安在柱上,各高五肘。
Apre sa, li fè fè blòk kwiv tou pou ale sou tèt poto yo. Yo chak te mezire sèt pye edmi wotè.
柱顶上有装修的网子和拧成的鍊索,每顶七个。
Li dekore wonn tèt poto yo ak desen ti chenn makònen yonn ak lòt. Te gen sèt desen konsa pou chak tèt poto.
网子周围有两行石榴遮盖柱顶,两个柱顶都是如此。
Li mete de ranje grenad an kwiv anwo ak anba desen ti chenn lan sou tout wonn chak tèt poto yo.
廊子的柱顶径四肘,刻著百合花。
Tèt poto ki nan gwo lakou devan an te gen fòm yon flè choublak. Yo chak te gen sis pye wotè.
两柱顶的鼓肚上挨著网子,各有两行石榴环绕,两行共有二百。
Sou rebò anwo chak tèt poto yo, te gen yon vant resoti ki te anwo desen ti chenn yo, ak desan pòtre grenad sou de ranje ki te fè wonn chak poto yo.
他将两根柱子立在殿廊前头:右边立一根,起名叫雅斤;左边立一根,起名叫波阿斯。
Iram mete poto yo kanpe devan pòt antre Tanp lan, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. Li rele sa ki sou bò dwat la Jaken, sa ki sou bò gòch la Boaz.
在柱顶上刻著百合花。这样,造柱子的工就完毕了。
Sou tèt chak poto te gen yon blòk an fòm yon flè. Se konsa Iram fini ak travay poto yo.
他又铸一个铜海,样式是圆的,高五肘,径十肘,围三十肘。
Apre sa, Iram fè yon gwo basen an kwiv tou won. Li te mezire kenz pye lajè anndan anndan ak sèt pye edmi fondè. Wonn li te mezire karannsenk pye.
在海边之下,周围有野瓜的样式;每肘十瓜,共有两行,是铸海的时候铸上的。
Sou tout wonn basen lan, sou deyò, te gen de ranje ti kalbas an kwiv, ti kras anba rebò a. Te gen dis kalbas pou chak pye edmi longè. Yo te fè yon sèl kò ak basen lan, yo te koule yo ansanm lè yo t'ap fè basen lan.
有十二只铜牛驮海:三只向北,三只向西,三只向南,三只向东;海在牛上,牛尾都向内。
Basen lan te chita sou do douz towo bèf an kwiv. Fas towo yo tout bay sou deyò: fas twa bay sou solèy leve, fas twa bay sou bò nò, fas twa bay sou solèy kouche, ak fas twa bay sou bò sid. Dèyè yo te anba basen lan.
海厚一掌,边如杯边,又如百合花,可容二千罢特。
Rebò basen lan te gen twa pous epesè. Rebò a te tankou rebò yon tas, li fè yon ti vire sou deyò tankou yon flè. Basen lan te ka kenbe dimil galon konsa.
他用铜制造十个盆座,每座长四肘,宽四肘,高三肘。
Iram te fè tou dis kabwa an kwiv. Yo chak te gen sis pye longè, sis pye lajè ak kat pye edmi wotè.
座的造法是这样:四面都有心子,心子在边子当中,
Yo te fèt an ti panno kare kare ki te moute nan yon ankadreman.
心子上有狮子和牛,并基路伯;边上有小座,狮子和牛以下有垂下的璎珞。
Sou chak ti panno yo, te gen pòtre lyon, pòtre towo ak pòtre zanj cheriben. Sou rebò yo, anwo ak anba lyon yo ak towo yo, te gen yon ranje flè resoti.
每盆座有四个铜轮和铜轴。小座的四角上在盆以下,有铸成的盆架,其旁都有璎珞。
Chak kabwa te gen kat wou an kwiv ak lesye an kwiv tou. Nan kat kwen yo te gen yon zepòlman, antou kat pou kenbe basen lan anplas. Zepòlman yo te dekore ak yon ranje flè chak bò.
小座高一肘,口是圆的,彷彿座的样式,径一肘半,在口上有雕工,心子是方的,不是圆的。
Anwo chak kabwa te gen yon ankadreman tou won pou basen yo. Ankadreman an te gen dizwit pous lajè anndan anndan. Li te gen desen sou tout kò l'. Pati anwo kabwa a te kare, li pa t' won.
四个轮子在心子以下,轮轴与座相连,每轮高一肘半。
Wou yo te gen vennsenk pous wotè. Yo te anba panno yo. Lesye wou yo te fè yon sèl pyès ak rès kabwa a.
轮的样式如同车轮;轴、辋、辐、毂都是铸的。
Wou yo te tankou wou cha lagè. Pen yo, jant yo, reyon yo, lesye yo, tout te fèt an kwiv.
每座四角上都有盆架,是与座一同铸成的。
Kat zepòlman ki te nan kwen anba chak kabwa yo te fè yon sèl pyès ak chasi kabwa a.
座上有圆架,高半肘;座上有撑子和心子,是与座一同铸的。
Pati plat anwo kabwa a te dekore ak yon wonn nèf pous wotè ki te fè rebò ouvèti a. Zepòlman ki te nan kwen anwo yo ak panno yo te fè yon sèl pyès ak kabwa a.
在撑子和心子上刻著基路伯、狮子,和棕树,周围有璎珞。
Yo te dekore panno yo ak zepòlman yo ak pòtre zanj cheriben, pòtre lyon ak pòtre pye palmis, tout kote yo te jwenn yon ti espas, ak flè sou tout wonn lan.
十个盆座都是这样,铸法、尺寸、样式相同。
Se konsa Iram te fè dis kabwa yo. Yo tout te fèt menm jan, menm fòm, menm gwosè.
又用铜制造十个盆,每盆可容四十罢特。盆径四肘,在那十座上,每座安设一盆。
Iram te fè dis basen tou, yonn pou chak kabwa. Chak basen te mezire sis pye lajè. Yo chak te kenbe desan galon konsa.
五个安在殿门的右边,五个放在殿门的左边;又将海放在殿门的右旁,就是南边。
Li mete senk kabwa sou bò sid Tanp lan, lòt senk yo sou bò nò. Gwo basen kwiv la menm, li mete l' sou bò dwat Tanp lan nan kwen sidès la.
户兰又造了盆、铲子,和盘子。这样,他为所罗门王做完了耶和华殿的一切工。
Iram te fè plato pou sann, pèl ak kivèt. Se konsa li te fin fè tout travay Salomon te mande l' fè pou Tanp Seyè a.
所造的就是:两根柱子和柱上两个如球的顶;并两个盖柱顶的网子;
Men sa li te fè: de gwo poto won yo, de blòk yon ti jan pi gwo pou ale sou tèt poto yo,
和四百石榴,安在两个网子上,每网两行,盖著两个柱上如球的顶;
katsan pòtre grenad ki pou ale sou de ran nan desen ti chenn ki fè wonn tèt poto yo,
十个座和其上的十个盆;
dis kabwa yo, dis basen ki pou ale sou kabwa yo,
海和海下的十二只牛;
yon gwo basen tou won pou dlo, douz towo bèf pou soutni gwo basen lan,
盆、铲子、盘子。这一切都是户兰给所罗门王用光亮的铜为耶和华的殿造成的,
plato pou sann yo, pèl yo ak kivèt yo. Tou sa Iram te fè pou Tanp Seyè a te fèt an kwiv poli, dapre lòd li te resevwa nan men Salomon.
是遵王命在约旦平原、疏割和撒拉但中间借胶泥铸成的。
Wa a te fè fonn yo nan moul tè nan fon larivyè Jouden an, ant lavil Soukòt ak lavil Zaretan.
这一切所罗门都没有过秤;因为甚多,铜的轻重也无法可查。
Te sitèlman gen anpil bagay fèt an kwiv, Salomon pa t' chache konnen pèz yo.
所罗门又造耶和华殿里的金坛和陈设饼的金桌子;
Salomon te fè fè tout mèb yo te bezwen pou Tanp lan an lò: lotèl la, tab pou pen yo mete apa pou Bondye a,
内殿前的精金灯台:右边五个,左边五个,并其上的金花、灯盏、蜡剪,
dis lanp sèt branch pou ranje devan pyès yo mete apa nèt pou Seyè a, senk sou bò dwat, senk sou bò gòch, flè yo, ti lanp yo ak pensèt pou lanp sèt branch yo,
与精金的杯、盘、镊子、调羹、火鼎,以及至圣所、内殿的门枢,和外殿的门枢。
gode yo, kouto pou netwaye lanp yo, bòl yo, plato pou lansan yo, plato pou pote chabon dife tou limen yo, gon pou pòt pyès ki apa nèt pou Seyè a, ak gon pou lòt pòt tanp lan menm. Tout bagay sa yo te fèt ak bon lò.
所罗门王做完了耶和华殿的一切工,就把他父大卫分别为圣的金银和器皿都带来放在耶和华殿的府库里。
Lè wa Salomon te fin fè tout travay pou bati Tanp Seyè a, li fè yo pote tout ajan ak tout lò David, papa l', te ofri bay Seyè a ansanm ak tout lòt bagay li menm li te bay, li fè mete yo nan chanm trezò Tanp lan.