I Corinthians 3

弟兄们,我从前对你们说话,不能把你们当作属灵的,只得把你们当作属肉体,在基督里为婴孩的。
Men, frè m' yo, pou di vre, mwen pa t' kapab pale ak nou tankou ak moun ki gen Lespri Bondye a nan kè yo. Mwen te blije pale ak nou tankou ak moun k'ap viv dapre lide ki nan lèmonn, tankou ak moun ki timoun toujou nan konfyans yo nan Kris la.
我是用奶餵你们,没有用饭餵你们。那时你们不能吃,就是如今还是不能。
Mwen te blije moutre nou ti bagay tou senp, tankou lè yo bay timoun piti lèt, yo pa ba yo gwo manje. Paske nou pa t' ankò pare pou sa. Ata koulye a, nou poko pare.
你们仍是属肉体的,因为在你们中间有嫉妒、纷争,这岂不是属乎肉体、照著世人的样子行吗?
Paske n'ap viv tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn toujou. Depi ou tande gen jalouzi nan mitan nou, depi nou gen kont yonn ak lòt, nou tou wè se moun lemonn nou ye, se tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan n'ap viv.
有说:我是属保罗的;有说:我是属亚波罗的。这岂不是你们和世人一样吗?
Lè yonn rete li di: Mwen menm, mwen se moun Pòl; yon lòt: Mwen se moun Apolòs, èske se pa tankou moun lemonn n'ap pale?
亚波罗算什么?保罗算什么?无非是执事,照主所赐给他们各人的,引导你们相信。
Lè ou gade byen, ki moun ki Apolòs la? Ki moun ki Pòl la? Nou tou de se sèvitè Bondye nou ye. N'ap travay pou nou menm, moun Korent yo, nou te ka rive kwè. Chak moun te fè travay Mèt la te ba l' fè.
我栽种了,亚波罗浇灌了,惟有 神叫他生长。
Mwen plante, Apolòs wouze, men se Bondye ki fè plant lan pouse.
可见栽种的,算不得什么,浇灌的,也算不得什么;只在那叫他生长的 神。
Konsa, moun ki plante a pa anyen, moun ki wouze a pa anyen tou. Se Bondye ki tout bagay la, se li menm ki fè plant lan pouse.
栽种的和浇灌的,都是一样,但将来各人要照自己的工夫得自己的赏赐。
Moun ki plante a ak moun ki wouze a, se menm bagay yo ye. Bondye va ba yo sa yo merite dapre travay yo fè.
因为我们是与 神同工的;你们是 神所耕种的田地,所建造的房屋。
Apolòs ak mwen, se travay n'ap travay ansanm pou Bondye. Nou menm, moun Korent yo, nou se tankou yon jaden Bondye bay travay pou li. Ou ankò, nou se yon kay Bondye ap bati.
我照 神所给我的恩,好像一个聪明的工头,立好了根基,有别人在上面建造;只是各人要谨慎怎样在上面建造。
Dapre favè Bondye te fè m' lan, mwen travay tankou yon bon enjenyè, mwen poze fondasyon an. Yon lòt ap bati sou li. Men, se pou chak moun veye kò yo pou yo konnen ki jan y'ap bati.
因为那已经立好的根基就是耶稣基督,此外没有人能立别的根基。
Paske fondasyon an deja la: se Jezikri. Pesonn pa ka poze yon lòt.
若有人用金、银、宝石、草木、禾秸在这根基上建造,
Gen moun k'ap sevi ak lò, osinon ak lajan, osinon ak bèl wòch ki koute chè pou bati sou fondasyon an. Gen lòt menm k'ap sèvi ak bwa, ak zèb chèch, ak pay.
各人的工程必然显露,因为那日子要将它表明出来,有火发现;这火要试验各人的工程怎样。
Men, se jou jijman an n'a wè ki kalite travay chak moun te bay. Se jou sa a ki va devwale kalite travay chak moun te fè. Paske jou sa a, se nan mitan dife l'ap parèt. Dife a pral sonde travay chak moun. L'ap fè wè kalite travay yo.
人在那根基上所建造的工程若存得住,他就要得赏赐。
Si dife a pa boule travay yon moun bati sou fondasyon an, moun sa a ap resevwa rekonpans li.
人的工程若被烧了,他就要受亏损,自己却要得救;虽然得救,乃像从火里经过的一样。
Men tou, si dife a boule travay yon moun, moun sa a ap pèdi travay li. Men li menm, l'ap sove, tankou yon moun ki chape nan yon kay k'ap boule.
岂不知你们是 神的殿, 神的灵住在你们里头吗?
Eske nou pa konnen se tanp Bondye a nou ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nou?
若有人毁坏 神的殿, 神必要毁坏那人;因为 神的殿是圣的,这殿就是你们。
Enben, si yon moun kraze tanp Bondye a, Bondye ap kraze l' tou. Paske tanp Bondye a se yon bagay ki apa pou li. Se nou menm ki tanp Bondye a.
人不可自欺。你们中间若有人在这世界自以为有智慧,倒不如变作愚拙,好成为有智慧的。
Piga pesonn twonpe tèt yo. Si yon moun mete nan lide l' li gen bon konprann tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, pito li vin fou pou l' ka gen bon konprann tout bon.
因这世界的智慧,在 神看是愚拙。如经上记著说:主叫有智慧的,中了自己的诡计;
Paske, bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo se bagay moun fou li ye devan Bondye. Men sa n' jwenn ekri nan Liv la: Bondye pran moun lespri yo nan pwòp pèlen yo te tann lan.
又说:主知道智慧人的意念是虚妄的。
Nou jwenn sa ekri tou: Bondye konnen lide moun save yo mete nan tèt yo, li konnen tou sa pa vo anyen.
所以无论谁,都不可拿人夸口,因为万有全是你们的。
Konsa, pesonn pa dwe chache lwanj pou tèt pa yo nan sa moun ka fè. Pou nou menm, tout bagay se pou nou yo ye.
或保罗,或亚波罗,或矶法,或世界,或生,或死,或现今的事,或将来的事,全是你们的;
Ni Pòl, ni Apolòs, ni Pyè, ni tou sa ki sou latè, se pou nou yo ye. Lavi, lanmò, bagay ki la koulye a, bagay ki gen pou vini, tou sa se pou nou yo ye tou.
并且你们是属基督的,基督又是属 神的。
Men nou menm, se pou Kris la nou ye. Kris la menm, se pou Bondye.