I Corinthians 12

弟兄们,论到属灵的恩赐,我不愿意你们不明白。
Ann wè koulye a keksyon kado Sentespri bay la. Frè m' yo, mwen ta vle nou konnen sa ki vre sou keksyon kado sa yo.
你们作外邦人的时候,随事被牵引,受迷惑,去服事那哑巴偶像,这是你们知道的。
Nou chonje, lè nou pa t' ankò gen konfyans, nou te kite yo mennen nou jan yo vle devan zidòl ki pa t' kapab pale.
所以我告诉你们,被 神的灵感动的,没有说耶稣是可咒诅的;若不是被圣灵感动的,也没有能说耶稣是主的。
Se poutèt sa mwen vle nou konn sa byen: Si Sentespri Bondye ap dirije lavi yon moun, li p'ap janm ka di: Madichon pou Jezi. Konsa tou, si Sentespri Bondye p'ap dirije lavi yon moun, li p'ap ka di Jezi se Seyè a.
恩赐原有分别,圣灵却是一位。
Gen divès kalite don Sentespri a bay. Men, se menm Lespri Bondye a ki bay tout.
职事也有分别,主却是一位。
Gen divès jan moun ka sèvi Bondye, men se yon sèl Seyè a n'ap sèvi.
功用也有分别, 神却是一位,在众人里面运行一切的事。
Gen divès kalite travay nan sèvis la, men se yon sèl Bondye ki bay chak moun travay pa yo nan tout sèvis k'ap fèt.
圣灵显在各人身上,是叫人得益处。
Lespri Bondye a fè travay li yon jan nan lavi chak moun, men li fè l' pou byen tout moun.
这人蒙圣灵赐他智慧的言语,那人也蒙这位圣灵赐他知识的言语,
Lespri a bay yon moun don pou l' pale avèk bon konprann. Menm Lespri a bay yon lòt moun don pou l' pale avèk anpil konesans.
又有一人蒙这位圣灵赐他信心,还有一人蒙这位圣灵赐他医病的恩赐,
Se menm Lespri a ki bay yon moun lafwa, se li menm tou ki bay yon lòt don pou l' geri moun malad.
又叫一人能行异能,又叫一人能作先知,又叫一人能辨别诸灵,又叫一人能说方言,又叫一人能繙方言。
Lespri a bay yon moun don pou fè mirak, li bay yon lòt don pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye. Li bay yon lòt ankò don pou l' rekonèt travay move lespri yo ak travay Lespri Bondye a. Li bay yon moun don pou l' ka pale langaj, li bay yon lòt don pou l' ka esplike sa pawòl langaj la vle di.
这一切都是这位圣灵所运行、随己意分给各人的。
Men, se yon sèl Lespri a ki fè tou sa. Li bay chak moun yon kado diferan jan li vle.
就如身子是一个,却有许多肢体;而且肢体虽多,仍是一个身子;基督也是这样。
Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm.
我们不拘是犹太人,是希腊人,是为奴的,是自主的,都从一位圣灵受洗,成了一个身体,饮于一位圣灵。
Se sak fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n' te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a.
身子原不是一个肢体,乃是许多肢体。
Se pa yon sèl manm ki fè yon kò. Se anpil manm ki fè yon kò.
设若脚说:我不是手,所以不属乎身子;它不能因此就不属乎身子。
Si pye te ka di: Paske se pa yon men mwen ye, mwen p'ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l' pa fè pati kò a vre.
设若耳说:我不是眼,所以不属乎身子;它也不能因此就不属乎身子。
Si zòrèy te ka di: Paske se pa yon grenn je mwen ye, mwen p'ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l' pa fè pati kò a vre.
若全身是眼,从那里听声呢?若全身是耳,从那里闻味呢?
Si tout kò a te yon grenn je, ki jan l' ta ka tande? Si l' te yon zòrèy, ki jan l' ta ka pran sant?
但如今, 神随自己的意思把肢体俱各安排在身上了。
Men, Bondye mete divès manm nan plas yo nan kò a, jan l' vle.
若都是一个肢体,身子在那里呢?
Pa ta gen yon kò si tout te yon sèl kalite manm.
但如今肢体是多的,身子却是一个。
Konsa, gen anpil manm, men gen yon sèl kò.
眼不能对手说:我用不著你;头也不能对脚说:我用不著你。
Nan kondisyon sa a, grenn je a pa ka di men an: Mwen pa bezwen ou. Tèt la pa ka di pye yo: Mwen pa bezwen nou.
不但如此,身上肢体人以为软弱的,更是不可少的。
Okontrè, manm ki parèt pi fèb nan kò nou, se yo ki pi nesesè.
身上肢体,我们看为不体面的,越发给它加上体面;不俊美的,越发得著俊美。
Manm nou pa bay gwo konsiderasyon nan kò nou, nou pran swen yo plis pase lòt yo. Manm ki pa konvenab pou nou pale sou yo an sosyete, se yo menm ki resevwa yon swen apa.
我们俊美的肢体,自然用不著装饰;但 神配搭这身子,把加倍的体面给那有缺欠的肢体,
Manm nan kò nou ki pi prezantab, yo pa bezwen tou sa. Bondye ranje kò a yon jan pou manm ki pa jwenn anpil konsiderasyon an se li ki jwenn plis swen pase lòt yo.
免得身上分门别类,总要肢体彼此相顾。
Konsa, pa gen divizyon nan kò a. Men tout manm yo yonn pran swen lòt menm jan an.
若一个肢体受苦,所有的肢体就一同受苦;若一个肢体得荣耀,所有的肢体就一同快乐。
Si yon manm nan kò a ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l' tou. Si yon manm resevwa lwanj, tout lòt yo kontan avèk li.
你们就是基督的身子,并且各自作肢体。
Nou tout, nou se kò Kris la: nou chak se yon manm nan kò sa a.
 神在教会所设立的:第一是使徒,第二是先知,第三是教师,其次是行异能的,再次是得恩赐医病的,帮助人的,治理事的,说方言的。
Se konsa, nou wè nan legliz la Bondye mete apòt yo an premye, pwofèt yo an dezyèm, dirèktè yo an twazyèm. Apre sa, nou jwenn moun k'ap fè mirak, moun ki gen don pou geri moun malad, moun k'ap ede lòt, moun k'ap dirije, moun ki gen don pou pale divès lang.
岂都是使徒吗?岂都是先知吗?岂都是教师吗?岂都是行异能的吗?
Men, tout moun pa apòt, tout moun pa pwofèt, tout moun pa dirèktè, tout moun pa gen don pou fè mirak.
岂都是得恩赐医病的吗?岂都是说方言的吗?岂都是繙方言的吗?
Tout moun pa gen don pou geri moun malad. Tout moun pa gen don pou pale langaj, osinon pou esplike sans pawòl langaj la.
你们要切切的求那更大的恩赐。我现今把最妙的道指示你们。
Nan fon kè nou, se pou nou chache gen don ki pi enpòtan yo. Men, mwen pral moutre nou yon jan ki bon nèt. Pa gen pase li.