I Corinthians 10

弟兄们,我不愿意你们不晓得,我们的祖宗从前都在云下,都从海中经过,
Frè m' yo, mwen vle fè nou chonje sa ki te rive zansèt nou yo lè yo t'ap swiv Moyiz. Yo tout te anba pwoteksyon nwaj la, yo tout te pase nan mitan Lanmè Wouj la.
都在云里、海里受洗归了摩西;
Antan yo te nan nwaj la ak nan lanmè a ansanm ak Moyiz, yo tout te resevwa yon batèm.
并且都吃了一样的灵食,
Yo tout te manje menm manje Lespri Bondye te ba yo a.
也都喝了一样的灵水。所喝的,是出于随著他们的灵磐石;那磐石就是基督。
Yo tout te bwè menm bwason Lespri Bondye te ba yo a. Se konsa yo t'ap bwè dlo ki t'ap soti nan gwo wòch Lespri Bondye te ba yo epi ki t'ap mache ansanm ak yo a: Wòch sa a, se te Kris la menm.
但他们中间多半是 神不喜欢的人,所以在旷野倒毙。
Atousa, anpil ladan yo pa t' fè Bondye plezi. Se poutèt sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a.
这些事都是我们的鑑戒,叫我们不要贪恋恶事,像他们那样贪恋的;
Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi nou leson pou nou pa kite move lanvi kaye nan kè nou tankou yo te genyen l' lan.
也不要拜偶像,像他们有人拜的。如经上所记:百姓坐下吃喝,起来玩耍。
Piga nou sèvi zidòl tankou kèk ladan yo te fè l', jan sa ekri nan Liv la: Pèp la chita, yo manje, yo bwè. Lèfini, yo leve pran plezi yo.
我们也不要行奸淫,像他们有人行的,一天就倒毙了二万三千人;
Pa lage kò nou nan dezòd lachè tankou kèk ladan yo te fè li. Lè sa a, venntwamil (23.000) tonbe, yo mouri yon sèl jou.
也不要试探主(有古卷:基督),像他们有人试探的,就被蛇所灭。
Piga nou seye fè plan ak Bondye tankou kèk ladan yo te fè li. Sa lakòz sèpan te mòde yo, yo tout yo mouri.
你们也不要发怨言,像他们有发怨言的,就被灭命的所灭。
Pa bougonnen tankou kèk ladan yo te bougonnen. Lè sa a, zanj lanmò a te touye yo tout.
他们遭遇这些事,都要作为鑑戒;并且写在经上,正是警戒我们这末世的人。
Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi lòt yo egzanp. Yo ekri yo nan Liv la pou sa sèvi nou avètisman. Paske, pou nou menm k'ap viv koulye a, pa rete lontan ankò anvan pou lafen an rive.
所以,自己以为站得稳的,须要谨慎,免得跌倒。
Se sak fè, moun ki kwè li byen kanpe a, pito li veye kò l' pou l' pa tonbe.
你们所遇见的试探,无非是人所能受的。 神是信实的,必不叫你们受试探过于所能受的;在受试探的时候,总要给你们开一条出路,叫你们能忍受得住。
Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ban nou fòs pou nou ka sipòte l', pou nou ka soti anba li.
我所亲爱的弟兄啊,你们要逃避拜偶像的事。
Se poutèt sa, zanmi m' yo, pa mele nan sèvis zidòl yo.
我好像对明白人说的,你们要审察我的话。
M'ap pale ak nou tankou ak moun ki gen bon konprann: jije nou menm sa m'ap di a.
我们所祝福的杯,岂不是同领基督的血吗?我们所擘开的饼,岂不是同领基督的身体吗?
Gode benediksyon n'ap bwè a, lè nou fin di Bondye mèsi pou li, èske se pa san Kris la n'ap separe bay tout moun? Pen nou kase a, lè n'ap manje l', èske se pa kò Kris la n'ap separe bay tout moun?
我们虽多,仍是一个饼,一个身体,因为我们都是分受这一个饼。
Se yon sèl pen ki genyen, pa vre? Nou menm tou, nou te mèt anpil, nou fè yon sèl kò, paske se yon sèl pen an nou separe bay tout moun.
你们看属肉体的以色列人,那吃祭物的岂不是在祭坛上有分吗?
Ann konsidere jan sa fèt kay moun ras Izrayèl yo: moun ki manje vyann bèt ki te ofri pou touye pou Bondye sou lòtèl la, li vin an komenyon ak Bondye ki mèt lòtèl la.
我是怎么说呢?岂是说祭偶像之物算得什么呢?或说偶像算得什么呢?
Kisa m' vle di la a? Gen lè zidòl y'ap sèvi a, osinon vyann bèt yo ofri pou touye ba li a gen yon valè?
我乃是说,外邦人所献的祭是祭鬼,不是祭 神。我不愿意你们与鬼相交。
Non! Men sa m' vle di: ofrann bèt moun lòt nasyon yo ap fè a, se pa pou Bondye, se pou denmon yo fè li. Mwen pa ta vle nou vin an komenyon ak denmon yo.
你们不能喝主的杯又喝鬼的杯,不能吃主的筵席又吃鬼的筵席。
Nou pa kapab ap bwè nan gode Seyè a anmenmtan pou n'ap bwè nan gode denmon yo tou. Nou pa kapab ap manje sou menm tab avèk Seyè a anmenmtan pou n'ap manje sou menm tab ak denmon yo.
我们可惹主的愤恨吗?我们比他还有能力吗?
Osinon, èske nou vle fè Seyè a fè jalouzi? Eske nou kwè nou gen plis fòs pase li?
凡事都可行,但不都有益处。凡事都可行,但不都造就人。
Nou gen dwa fè nenpòt bagay. Se sa yo di, epi se vre. Men, tout bagay pa bon pou fèt. Nou gen dwa fè tout bagay, men se pa tout bagay k'ap fè nou grandi nan konfyans nan Bondye.
无论何人,不要求自己的益处,乃要求别人的益处。
Piga pesonn chache sa ki bon pou tèt pa l' ase. Se pou l' chache enterè lòt yo tou.
凡市上所卖的,你们只管吃,不要为良心的缘故问什么话,
Nou lib manje tou sa yo vann nan mache vyann san nou pa bezwen mande anyen. Konsa, konsyans nou p'ap twouble.
因为地和其中所充满的都属乎主。
Paske, jan sa ekri nan Liv la: Se pou Mèt la tè a ye ansanm ak tou sa ki ladan l'.
倘有一个不信的人请你们赴席,你们若愿意去,凡摆在你们面前的,只管吃,不要为良心的缘故问什么话。
Si yon moun ki pa gen konfyans nan Kris la envite nou nan yon fèt, si nou asepte ale, se pou n' manje tou sa yo mete devan nou, san nou pa bezwen mande anyen. Konsa, konsyans pesonn p'ap twouble.
若有人对你们说:这是献过祭的物,就要为那告诉你们的人,并为良心的缘故不吃。
Men, si yon moun di nou vyann sa a se vyann bèt yo te ofri bay zidòl, lè sa a, pa goute l' poutèt moun ki fè ou remak la, pou konsyans pesonn pa boulvèse.
我说的良心不是你的,乃是他的。我这自由为什么被别人的良心论断呢?
Mwen pa di sa pou konsyans pa nou non, men pou konsyans lòt moun lan. Men, yon moun va mande m': Ki jan konsyans yon lòt moun ka sèvi m' antrav nan sa m' gen dwa fè?
我若谢恩而吃,为什么因我谢恩的物被人毁谤呢?
Si mwen di Bondye mèsi pou sa m'ap manje a, ki jan pou yo ta ka pale m' mal pou yon manje konsa?
所以,你们或吃或喝,无论做什么,都要为荣耀 神而行。
Se sak fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l' pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye.
不拘是犹太人,是希腊人,是 神的教会,你们都不要使他跌倒;
Se pou nou viv yon jan pou nou pa bay ni jwif yo, ni moun ki pa jwif yo, ni legliz Bondye a okazyon tonbe nan peche.
就好像我凡事都叫众人喜欢,不求自己的益处,只求众人的益处,叫他们得救。
Se pou nou fè tankou m': nan tou sa m'ap fè, m'ap fè mwayen posib pou m' fè tout moun plezi; mwen p'ap chache avantaj pa m', men avantaj tout moun, pou tout moun ka sove.